Plateforme Évangélique

Plateforme Évangélique Informer, promouvoir et valoriser les activités et acteurs du secteur évangélique au service de l’annonce de l’Évangile.

22e sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Lapriyè ak Jèn, yon kle pou viktwa ak reveye espirityèlGrand-Goâve, madi 8 septa...
09/08/2026

22e sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Lapriyè ak Jèn, yon kle pou viktwa ak reveye espirityèl

Grand-Goâve, madi 8 septanm 2026 — 22e sware pwogram espirityèl “40 Jou nan Prezans Bondye” te dewoule avèk anpil benediksyon ak patisipasyon fidèl yo, lendi 7 septanm 2026 la, anba tèm : « Pouvwa Lapriyè ak Jèn : Kle pou Viktwa ak Reveye ».

Pou sware sa a, se Legliz Baptiste Primitive de Thozin ki te gen responsablite sèvis la. Frè Pascal Joseph te dirije moman adorasyon an, pandan Pastè Wisly Seratus te pote mesaj Pawòl Bondye a.

Nan predikasyon li an, Pastè Wisly Seratus te mete aksan sou enpòtans lapriyè ak jèn kòm de zouti espirityèl Bondye mete nan men kretyen yo pou fè fas ak baryè ak obstak ki kanpe devan yo. Selon predikatè a, lapriyè ak jèn se yon mwayen ki pèmèt kretyen an antre pi fon nan prezans Bondye, pandan yo reprezante tou yon aksyon lafwa pou moun nan kapab wè aksyon Bondye nan lavi li.

Mesaj la te ankouraje patisipan yo pou yo pa sèlman pale de pouvwa Bondye, men pou yo chèche prezans li atravè yon lavi lapriyè, jèn ak konsakrasyon.

40 Jou a poko fini!

Apre 22e sware a, ekip Plateforme Évangélique la lanse yon nouvo apèl bay tout kretyen ak tout moun ki anvi pwoche bò kote Bondye : kontinye vini adore, priye epi tande Pawòl Bondye, paske 40 Jou nan Prezans Bondye a poko fini.

Chak sware rete yon lòt okazyon pou chèche Bondye, ranfòse lafwa, resevwa Pawòl li epi viv yon eksperyans renouvèlman espirityèl.

Nan menm okazyon an, ekip Plateforme Évangélique la pwofite kòmanse prezante felisitasyon li yo bay L’Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve, ki pral selebre 84e anivèsè li. Se yon moman kote ekip la ap eksprime rekonesans li pou travay legliz la ap fè nan kominote a, pandan li swete li kontinye grandi nan lafwa, nan sèvis ak nan temwayaj.

“40 Jou nan Prezans Bondye” kontinye... Pa rate pwochen sware yo!
Vini adore. Vini priye. Vini tande Pawòl Bondye. Vini chèche prezans li.

09/01/2026

Emission ITL, Institut Technologie du Langage

10e SWA: FÈT ANKÒ, PREMYE PA AK KARAKTERISTIK WAYÒM BONDYE A40 Jou nan Prezans Bondye ap kontinye ak anpil benediksyon. ...
08/27/2026

10e SWA: FÈT ANKÒ, PREMYE PA AK KARAKTERISTIK WAYÒM BONDYE A

40 Jou nan Prezans Bondye ap kontinye ak anpil benediksyon. Yè swa, 10e sware a te make fen premye sijè a sou “Fèt Ankò”, nan yon atmosfè adorasyon ak ansèyman Pawòl Bondye a.

Madam Alnaz Chervil te kondui pèp Bondye a nan adorasyon ak lwanj, aprè Frè Jimmy Fortuné te pote mesaj la kòm predikatè.

Nan predikasyon li, Frè Jimmy Fortuné te montre pèp Bondye a ke fèt ankò se premye pa pou antre nan Wayòm Bondye a, men tou, li te mete aksan sou karakteristik Wayòm Bondye a.

Apre 10 sware refleksyon sou “Fèt Ankò”, aktivite a pral antre nan yon nouvo etap ak dezyèm gwo sijè a:

“VIV NAN SENTETE: SAN SENTETE PÈSONN PAP WÈ SEYÈ A”
Ebre 12:14 | 1 Pyè 1:15-16

Se yon nouvo apèl pou pèp Bondye a grandi nan relasyon li avèk Bondye epi viv yon lavi ki apa pou li.

40 Jou nan Prezans Bondye — yon apèl pou Renesans, Sentete ak Revèy Espirityèl.

7e sware aktivite evanjelik 40 jou a te dewoule nan yon bèl atmosfè adorasyon, lwanj ak prezans Sentespri a. Depi kòmans...
08/24/2026

7e sware aktivite evanjelik 40 jou a te dewoule nan yon bèl atmosfè adorasyon, lwanj ak prezans Sentespri a. Depi kòmansman sèvis la, te gen yon anbyans ki te envite pèp Bondye a antre pi fon nan prezans Seyè a.

Sè Julnith Justin te gen responsablite pou mennen pèp la nan yon moman adorasyon ak lwanj. Avèk yon kè konsakre, li te ede kongregasyon an leve je yo sou Bondye, adore li epi rann li glwa pou fidelite li.

Apre moman adorasyon an, se te frè Mommsen Milord ki te pran plas kòm predikatè pou pote mesaj la.
Nan kontinite ak tèm aktivite a sou “Fèt Ankò”, predikatè a te envite pèp Bondye a reflechi sou siy ki dwe akonpaye yon moun ki vrèman fè eksperyans nouvo nesans lan.

Li te mete aksan sou yon verite enpòtan: fèt ankò pa sèlman yon deklarasyon bouch; li dwe pwodwi yon chanjman vizib nan lavi moun nan.

Yon moun ki fèt ankò dwe kite Sentespri a travay nan li, epi travay sa a dwe vin vizib atravè fwi li pwodui. Galat 5:22-23 prezante fwi Sentespri a kòm lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, fidelite, dousè ak metriz tèt li.

Predikatè a te raple pèp Bondye a ke nouvo nesans lan pa fèt sèlman pou chanje non nou oswa aparans nou, men pou chanje karaktè nou. Lè Sentespri a pran kontwòl lavi yon moun, li kòmanse pwodui yon lòt kalite konpòtman, yon lòt kalite relasyon ak lòt moun, epi yon lòt fason pou moun nan viv.

Se konsa, mesaj 7e sware a te vin yon apèl pou chak patisipan egzamine lavi li:

Èske mwen vrèman fèt ankò?
Èske lavi mwen ap pwodui fwi Sentespri a?

Èske moun ki bò kote m yo kapab wè Kris la nan fason mwen viv?

Galat 5:25 raple nou tou: si se Lespri a ki ban nou lavi, se pou nou kite li dirije lavi nou.

Nan yon moman kote anpil moun kapab pale de Bondye san lavi yo pa reflete Bondye, mesaj sa a vin yon gwo rapèl: nouvo nesans lan dwe mennen nan yon nouvo fason pou viv.

7e sware a te konsa fini kòm yon lòt moman kote Pawòl Bondye a te ankouraje pèp la pou l pa sèlman chèche prezans Bondye, men pou l kite prezans sa a transfòme lavi li.

Fèt yon lòt fwa se kòmanse yon nouvo lavi; epi yon nouvo lavi nan Kris la dwe pwodui fwi Sentespri a.

40 Jou nan Prezans Bondye — yon apèl pou Renesans, Sentete ak Revèy Espirityèl.
Église De Dieu Eben-Ezer de Grand-Goave

5e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Nouvo Fwa, Yon Nouvo Direksyon nan Kris« 40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl ...
08/22/2026

5e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Nouvo Fwa, Yon Nouvo Direksyon nan Kris

« 40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey Espirityèl » te boukle 5e sware li a nan yon atmosfè chaje ak benediksyon nan Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve.

Pou sware sa a, Dyak Remus René te kondui pèp Bondye a nan adorasyon, pandan Dyak Italien Italiom te pote mesaj Pawòl Bondye a.

Nan mesaj li a, Dyak Italiom te egzòte pèp la pou l fèt yon lòt fwa, pou l chèche yon lòt direksyon nan Kris la. Li te mete aksan sou nesesite pou moun pa kontante yo ak yon lavi ki rete menm jan an, men pou yo kite Kris transfòme yo toutbon.

Yon verite te rete nan mitan mesaj la:

« Yon vi sanktifye se yon vi transfòme. »

5e sware a se yon lòt rapèl ke renesans kòmanse lè nou dispoze kite ansyen direksyon nou yo pou nou mache nan direksyon Kris la.
40 Jou nan Prezans Bondye ap kontinye! Gen anpil lòt sware k ap vini. Plateforme Évangélique ankouraje w pa rate pwochen randevou yo.

Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve
🕕 6è00 PM – 8è30 PM

Vini chèche Bondye. Vini resevwa Pawòl li. Vini pou lavi w transfòme. 🙏🏽🔥

4e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Apèl pou Kite Nati Adamik la pou Nou Antre nan Lavi Kris laJedi 20 Out 2026, ...
08/21/2026

4e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Apèl pou Kite Nati Adamik la pou Nou Antre nan Lavi Kris la

Jedi 20 Out 2026, 4e sware pwogram « 40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey Espirityèl » la te kontinye nan Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve.
Sware a te make ak yon adorasyon ak lwanj san parèy, kote pèp Bondye a te leve vwa yo pou selebre grandè ak fidelite Bondye.

Evanjelis Charles Lufret te patisipe nan moman adorasyon an, ansanm ak yon ekip mizisyen ki te pote kontribisyon yo nan sèvis la: Isaac Dorestant, John's Gervé, Shama Italien ak Remus René.

Pou pote mesaj Pawòl Bondye a, Pastè Germelus Icidor te mete aksan sou yon verite fondamantal nan lavi kretyen an: « Se yon obligasyon pou nou sòti nan pozisyon Adamik la, sa vle di nati pechè a, pou nou antre nan pozisyon Krisyanis la. »

Mesaj sa a te raple fidèl yo ke renesans pa sèlman yon moman emosyonèl, men li mande yon chanjman reyèl nan lavi, nan konpòtman ak nan relasyon nou avèk Bondye. Se yon apèl pou kite ansyen nati a dèyè epi viv nan Kris la.
40 Jou nan Prezans Bondye ap kontinye. Pa rate pwochen sware yo!

Église De Dieu Eben-Ezer de Grand-Goave
🕕 6è00 PM – 8è30 PM

Plateforme Évangélique ankouraje w: Pa rete dèyè. Vin chèche Bondye, vin adore l epi kite Pawòl li transfòme lavi w. 🙏🏽🔥

3e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Apèl pou Nou Kite Etap Cheni a pou Nou Tounen Papiyon3e sware nan pwogram « 4...
08/20/2026

3e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Apèl pou Nou Kite Etap Cheni a pou Nou Tounen Papiyon

3e sware nan pwogram « 40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey Espirityèl » te kontinye mekredi 19 Out 2026 nan Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve.

Pou sware sa a, Dyak Erick Sirolien te kondui pèp Bondye a nan adorasyon, pandan Pastè Joseph Michel Derosier te pote yon bèl mesaj ki te chita sou tèm renesans.

Nan mesaj li a, Pastè Derosier te mete aksan sou nesesite pou yon transfòmasyon reyèl nan lavi kretyen an. Li te itilize imaj cheniy k ap tounen papiyon pou montre Bondye rele nou pou nou pa rete nan menm eta espirityèl la, men pou nou aksepte pwosesis transfòmasyon li vle fè nan lavi nou.

Renesans se yon nesesite: nou dwe kite estad cheniy lan pou nou tounen papiyon! 🦋🔥

40 Jou nan Prezans Bondye ap kontinye. Pa rate pwochen sware yo! Vini chèche Bondye, vini adore, vini tande Pawòl la epi kite Sentespri a travay nan lavi w.

6è00 PM – 8è30 PM | Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve

Plateforme Évangélique ankouraje w: pa rete deyò nan gwo mouvman espirityèl sa a. Gen yon nouvo dimansyon Bondye vle mennen w ladan l!

2e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Moman Benediksyon ak Revey Espirityèl2e sware nan gwo pwogram « 40 Jou nan Pr...
08/19/2026

2e Sware “40 Jou nan Prezans Bondye” : Yon Moman Benediksyon ak Revey Espirityèl

2e sware nan gwo pwogram « 40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey Espirityèl » te dewoule lendi 18 Out 2026 nan Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve, nan yon atmosfè chaje ak prezans Bondye.

Pandan sware a, anpil nanm te jwenn benediksyon pandan adorasyon ak moman priyè yo. Adoratè Isaac Dorestant, anba pouvwa Sentespri a, te kondui pèp Bondye a nan yon moman adorasyon pwofon, kote patisipan yo te kapab antre pi fon nan prezans Bondye.
Pou pote Pawòl Bondye a, Evanjelis Clebert Mistil te prezan kòm predikatè. Mesaj la te vin ranfòse apèl pwogram nan pou yon lavi ki chita sou renesans, sentete ak yon vrè revey espirityèl.

Dezyèm sware a deja pase, men 40 Jou nan Prezans Bondye a poko fini. Gen anpil lòt sware k ap vini, e gen anpil lòt moman kote Bondye kapab touche lavi, restore fanmi, ranfòse lafwa epi reveye yon nouvo dife espirityèl nan kè moun.

Ou menm ki te pèdi 2e sware a, pa dekouraje! Ekip Plateforme Évangélique ap ankouraje w pou w pa rate rès sware yo. Fè efò pou w patisipe, envite yon lòt moun avèk ou epi vin pran plas ou nan gwo randevou sa a.

40 Jou nan Prezans Bondye ap kontinye chak swa, soti 6è00 pou rive 8è30, nan Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve.
Pou moun ki pa kapab prezan fizikman, sèvis yo disponib sou Radio Eben-Ezer 87.9 ak sou paj Facebook Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve.

Pa rate pwochen sware a!
Gen yon benediksyon k ap tann ou nan prezans Bondye. 🙏🏽

40 Jou nan Prezans Bondye — Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey Espirityèl.

40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey EspirityèlEglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve lan...
08/18/2026

40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey Espirityèl

Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve lanse yon gwo moman benediksyon ak renouvèlman espirityèl pou tout pèp Bondye a nan Grand-Goâve ak zòn ki nan alantou yo.

Soti 17 Out pou rive 25 Septanm 2026, legliz la ap òganize 40 sware priyè, adorasyon ak predikasyon, chak swa soti 6è00 pou rive 8è30.

Tèm aktivite sa a se:

« 40 Jou nan Prezans Bondye: Yon Apèl pou Renesans, Sentete ak Revey Espirityèl »

Aktivite a chita sou de gwo pasaj biblik: Ezayi 44:3 ak 2 Kwonik 7:14, ki envite pèp Bondye a chèche prezans li, imilye tèt li, priye epi retounen nan chemen li.

Pandan 40 jou sa yo, pral gen yon seri moman espesyal kote pèp Bondye a ap rasanble pou priyè, adorasyon, ansèyman ak predikasyon Pawòl Bondye, avèk objektif pou chèche yon renouvèlman espirityèl ki kapab touche lavi moun, fanmi yo ak kominote a.

Eglise de Dieu Eben-Ezer de Grand-Goâve lanse envitasyon an bay tout kretyen, tout fanmi ak tout moun ki vle fè yon rankont pi fon ak Bondye.

Ou menm ki nan Grand-Goâve ak zòn ki nan alantou yo, pa rete deyò nan gwo moman sa a. 40 jou sa yo kapab yon okazyon pou nou chèche Bondye ansanm, ranfòse lafwa nou epi prepare teren an pou yon nouvo sezon renesans ak revey espirityèl.

Pou moun ki pa kapab prezan fizikman, tout sèvis yo ap disponib sou Radio Eben-Ezer 87.9 ak sou paj Facebook Église De Dieu Eben-Ezer de Grand-Goave.

40 Jou. Yon sèl objektif: rete nan prezans Bondye!
Vini priye. Vini adore. Vini tande Pawòl la. Vini chèche yon renesans!

Ezayi 44:3 — « M ap vide dlo sou tè sèk la... m ap vide Lespri mwen sou desandan ou yo. »

Plateforme Évangélique ap envite tout moun suiv epi pataje gwo randevou espirityèl sa a.

39e Anivèsè Eglise Temple du Tabernacle: Yon bèl jès rekonesans pou kat fidèl ki sèvi legliz laNan okazyon 39e anivèsè E...
08/17/2026

39e Anivèsè Eglise Temple du Tabernacle: Yon bèl jès rekonesans pou kat fidèl ki sèvi legliz la

Nan okazyon 39e anivèsè Eglise Temple du Tabernacle de Dano, Grand-Goâve, responsab legliz la te fè yon bèl jès rekonesans lè yo te onore kat pèsonaj pou sèvis ak devouman yo te montre pandan ane a.

Pami moun ki resevwa rekonesans sa a genyen Frè Dieudonné Délice, ki te absan nan moman an e ki te reprezante pa Frè Joël Alexis; Frè Robenson Chery; Sè Jesula Campion; ak Sè Esther Renodeau.

Jès sa a ale pi lwen pase yon senp seremoni onorifik. Li montre enpòtans pou lidè legliz yo rekonèt, apresye epi ankouraje moun ki mete tan, enèji ak kapasite yo nan sèvis travay Bondye a. Souvan, anpil moun ap sèvi nan silans, san yo pa chèche rekonpans, men yon pawòl apresyasyon oswa yon siy rekonesans kapab ba yo plis fòs pou kontinye.

Ekip Plateforme Évangélique salye inisyativ responsab Eglise Temple du Tabernacle la. Nou kwè lè yon legliz pran tan pou onore moun ki sèvi ladan l, li kreye yon kilti rekonesans, ankourajman ak motivasyon pou lòt moun antre pi fon nan sèvis la.

Labib ankouraje nou pou nou apresye travay moun k ap sèvi yo. Nan 1 Tesalonisyen 5:12-13, apot Pòl envite kretyen yo rekonèt moun k ap travay di nan mitan yo epi montre yo respè pou travay yo.

Se pou rekonesans sa a kontinye enspire lòt moun pou sèvi Bondye ak plis devouman. Se pou kat moun onore yo Dieudonné Délice, Robenson Chery, Jesula Campion ak Esther Renodeau resevwa felisitasyon pou kontribisyon yo, pandan Eglise Temple du Tabernacle kontinye avanse nan misyon li.

Plateforme Évangélique di bravo ak responsab legliz la pou bèl inisyativ sa a. Ankouraje moun k ap travay nan legliz la se simen nan lavi yo, epi lè nou ankouraje moun k ap sèvi Bondye, se travay Bondye li menm nou ankouraje.

Address

Etat-Unis
Atlanta, GA
30028

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Plateforme Évangélique posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Place Of Worship

Send a message to Plateforme Évangélique:

Shortcuts

Share