Pastor Jean-Jacob Jeudy

Pastor Jean-Jacob Jeudy Konnen byen! M se You Ayisyen, m se you Kretyen, m se You Pastè. M pa you pastè ayisyen woulem2bò. Christian | Pastor | Husband | Dad | Philanthropist 🙏 AMEN

Pastor of Walk By Faith, First Haitian Church of El Paso, Texas.

10/07/2026
Prete atansyon, piga nou kontinye pran nan mera. Pou moun ki gen bagay saa nan pye nou, fèt atansyon nan sosyete amerike...
10/05/2026

Prete atansyon, piga nou kontinye pran nan mera. Pou moun ki gen bagay saa nan pye nou, fèt atansyon nan sosyete amerikenn lan. Pa panike, men pa kalè kò nou avel nonplus. Donk,

Se 2 bagay diferan, ann pa konfonn yo

1) you moun ke yo kenbe e fòse mete you GPS bipè nan pye li pandan li pa fè anyen ki merite saa, e si li pa kenbe li nan pye li kòm sa dwa, yap metel nan prizon;

avek

2) you neg ki metel nan pye li volontèman kote li ka retirel nenpòt lè san problem, san perez, e san konsekans, siy “solidarite” saa te ka prezante sou you lot fòm ki pa sanble fè moun yo normalize yo a you bagay ke yo konsidere kòm you vye bagay nan sosyete amerikenn lan pou moun ki genyen li nan pye yo.

Juj yo anile dosye anpil moun semenn pase-a nan 1e ak 2eme randevou yo paske swa yo pa gen demand azil oubyen azil la te...
10/05/2026

Juj yo anile dosye anpil moun semenn pase-a nan 1e ak 2eme randevou yo paske swa yo pa gen demand azil oubyen azil la te mal prepare.
Gen you azil you moun moutre mwen you ayisyen voye ale pou li ki di “ No Valid Claim, I am requesting work employment Authorization “, chache you moun nou fè konfyans ki profesyonèl nan bagay saa (pa mwen menm non) pou konsilte dosye nou yo pou asire nou ke nou gen you demand serye devan tribinal la ak devan USCIS

Frèm ak sèm yo ki ap travèse difikilte nan lavi a jodia, se pa denye chapit liv laviw la;  Pa janm kite yon defèt defini...
10/02/2026

Frèm ak sèm yo ki ap travèse difikilte nan lavi a jodia, se pa denye chapit liv laviw la; Pa janm kite yon defèt defini kiyes ou ye.

Pandan m nan vòl senk èdtan sa a, map gade yon dokimantè sou Diego Armando Maradona. Istwa li fè m sonje ke menm moun ki rive lwen nan lavi ka rankontre desepsyon ak moman difisil. Malgre yo pat chwazi li nan ekip Ajantin ki te patisipe nan Koup di Mond 1978 la, li pat bay legen. Li pat kite desepsyon sa a kanpe l. Li te kontinye travay di, epi li te vin youn nan pi gwo jwè foutbòl nan listwa.

Defèt se yon moman nan istwa nou; li pa tout istwa a. Kontinye kwè nan tèt nou, kontinye travay, epi kontinye vanse. Sa nou simonte jodi a ka tounen yon sous enspirasyon pou lòt moun demen.

So, they’ll go to church on Sunday and worship their “God”, knowing that their policies have cut millions of people off ...
09/30/2026

So, they’ll go to church on Sunday and worship their “God”, knowing that their policies have cut millions of people off from health care. They will praise “God” while thinking—and even boasting—“I voted for this.”

Matthew 7:21-23

SIW KONNEN YOU BAGAY ILEGAL, OU PADWE BAY BANDI LEGAL YO FOS LEGAL POU FÈ SAK PA SA SOU IMIGRAN YO. Kou Siprèm Etazini a...
09/29/2026

SIW KONNEN YOU BAGAY ILEGAL, OU PADWE BAY BANDI LEGAL YO FOS LEGAL POU FÈ SAK PA SA SOU IMIGRAN YO.

Kou Siprèm Etazini an pèmèt administrasyon Trump la kontinye depòte kèk migran nan peyi ki pa peyi pa yo, pandan l ap egzamine si politik sa a legal.

Jij yo pral konsidere si migran yo dwe gen yon opòtinite reyèl pou konteste depòtasyon sa yo.

Administrasyon an di li voye moun nan twazyèm peyi lè yo pa ka retounen nan peyi orijin yo; avoka migran yo di kèk moun fè fas ak prizon, danje, tòti oswa pèsekisyon.

Pandan imigran yo ap konteste politik sa a, nou dwe sonje soufrans detansyon pwolonje ka lakòz: separasyon ak fanmi, rate moman enpòtan ak enkyetid sou lavni.

09/29/2026

Si nou bezwen chanje situation nou tout bon vre, nou dwe suspann mantalite nayiv nou an

09/27/2026

27 SEP 2026 Praise and Worship Service d'Adoration et Louanges
Proverbes 27 & Psaumes 58:1-2

Address

El Paso, TX

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Pastor Jean-Jacob Jeudy posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Place Of Worship

Send a message to Pastor Jean-Jacob Jeudy:

Shortcuts

Share