Spirit Talk

Call Directions Contact the place of worship

Spirit Talk Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Spirit Talk, Religious organisation, 871 Bay Street, Taunton, MA.
(4)

Notre vision à SPIRIT TALK est de prêcher la Parole de Dieu, d'évangéliser à travers
tous les aspects de notre vie quotidienne. À travers nos émissions, podcasts et autres rubriques Nous abordons des sujets pertinents pour mieux éclairer la communauté.

10/14/2026

EloKreyòl: Yon konkou elokans pou reveye konsyans jèn kretyen yo epi valorize lang kreyòl la.

Nan lide pou ankouraje angajman sitwayen lakay jèn kretyen yo epi valorize lang kreyòl ayisyen an, Ekip BelCast la nan tèt Kole ak CNJL-C lanse Elokreyòl yon konkou elokans ki vize fòme yon jenerasyon jèn ki kapab sèvi ak lapawòl pou enfliyanse, pou pwopoze solisyon epi kontribye nan chanjman peyi a bezwen.
Konkou elokans sa a, ki vize jèn kretyen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, gen objektif pou fòme yon jenerasyon oratè ki kapab eksprime lide yo avèk klète, konviksyon ak responsablite, pandan y ap kontribye nan pwomosyon lang kreyòl ayisyen an.

Kreyasyon EloKreyòl soti nan yon seri obsèvasyon sou plas pawòl la ka okipe nan lavi moun ak nan transfòmasyon yon sosyete.
mwa oktòb, se mwa kote yo komemore Refòm pwotestan an, ekip ki dèyè pwojè a wè yon opòtinite pou reflechi sou fason pou fè jèn kretyen yo sèvi ak lapawòl kòm yon zouti angajman.

Istwa Refòm pwotestan an make pa yon seri aksyon ki te mete pawòl, ekriti ak deba nan mitan gwo chanjman relijye ak sosyal. Nan dat 31 oktòb 1517, Martin Luther te prezante 95 tèz li yo, ki te sèvi kòm yon pwen enpòtan nan listwa Refòm nan. Evènman sa a enspire ekip EloKreyòl la pou l reflechi sou fason pawòl kapab sèvi pou soulve kesyon, denonse sa ki pa bon epi ankouraje chanjman.

Se nan lojik sa a lide pou òganize yon evènman konkrè te pran nesans.
Yon espas kote jèn kretyen yo kapab itilize lapawòl pou reflechi sou eritaj Refòm nan, eksprime pozisyon yo epi pran angajman.

Anplis refleksyon sa a, ekip la remake yon lòt reyalite ki se absans konkou elokans ki mete lang kreyòl ayisyen an Valè.
Obsèvasyon sa a vin ranfòse volonte yo pou kreye yon konkou kote jèn yo kapab devlope kapasite yo nan lang yo pale chak jou.

Non EloKreyòl soti nan mo elokans, kote ekip la pran de premye silab yo, « Elo », epi li mete yo ansanm ak mo « Kreyòl » la. Objektif la se mete aksan sou kapasite pou pale byen pandan y ap mete lang kreyòl la nan premye plan.

Pou ekip la, non an sonnen tou tankou yon salitasyon: « Alo, Kreyòl » Se yon fason pou salye lang lan, rekonèt valè li epi envite plis moun sèvi avè l pou transmèt mesaj ki gen enpòtans.

Chwa non sa a tradui yon doub angajman, ankouraje jèn yo vin pi bon oratè epi kontribye nan pwomosyon yon lang ki nan fondasyon idantite yo.

Dèyè EloKreyòl genyen yon refleksyon sou sa ekip la konsidere kòm yon mank angajman sitwayen nan yon pati nan kominote evanjelik la. Daprè yonn nan vizyonè pwojè a, Jonathan DORZIAIRE, gen yon nesesite pou nou kite nivo plenyen sou sitiyasyon peyi a epi ankouraje yon angajman ki pi konkrè.

Pou ekip la, lafwa ak responsablite sitwayen pa dwe separe. Yon kretyen kapab priye pou peyi li pandan l ap reflechi sou solisyon, pran pozisyon sou kesyon ki konsène kominote li epi patisipe nan chanjman li swete wè yo.

Se nan kontèks sa a ekip la sèvi ak egzanp Neyemi, Madoche ak Estè nan Bib la pou ilistre enpòtans angajman. Neyemi se yon modèl lidè ki te angaje l nan rebati miray Jerizalèm yo. Madoche, bò kote pa li, te raple Estè responsablite li nan yon moman kote pèp li a te an danje.

Nan liv Estè a, Madoche poze yon kesyon ki rete enpòtan pou ekip EloKreyòl la: « E kiyès ki konnen si se pa pou yon okazyon tankou sa a ou te rive nan pozisyon rèn nan? » Estè 4:14

Pou ekip la, mesaj sa a se yon apèl pou jèn yo pran konsyans sou kapasite yo ak responsablite yo. Yo pa dwe kite lide tankou « se pa mwen k ap chanje peyi a » limite angajman yo. Okontrè, yo dwe konprann chanjman kapab kòmanse ak yon moun ki deside pran responsablite li.

Poukisa se kreyòl ayisyen an?

Chwa kreyòl la pa fèt o aza. Li chita sou twa gwo rezon.

Premyèman, ekip la konsidere kreyòl kòm youn nan zouti enpòtan zansèt ayisyen yo te itilize pou kominike, ini epi mobilize pandan batay pou libète. Nan sans sa a, lang lan kapab sèvi kòm yon zouti angajman ak mobilizasyon.

Dezyèmman, EloKreyòl vle patisipe nan pwomosyon lang kreyòl la. Pou ekip la, kretyen ayisyen yo genyen yon wòl pou yo jwe nan valorizasyon lang kreyòl la, san yo pa oblije neglije enpòtans lòt lang yo.

Twazyèmman, ekip la kwè lè yon mesaj transmèt nan lang moun konprann epi pratike chak jou, li kapab vin pi aksesib, pi fasil pou konprann epi gen plis enpak sou moun k ap resevwa mesaj la.

Se poutèt sa, atravè EloKreyòl, kreyòl la pa sèlman yon mwayen kominikasyon. Li vin yon zouti pou reflechi, konvenk, angaje epi ankouraje aksyon.

Pou premye edisyon an, EloKreyòl prevwa yon pwosesis ki gen plizyè etap, soti nan enskripsyon kandida yo rive nan gran final la.

Aprè enskripsyon, chak kandida ap resevwa yon sijè ekip òganizatè a ap defini. Yo pral gen pou prepare yon tèks ki pa depase twa paj. Se yon jiri ki pral evalye tèks yo pou idantifye kandida ki pi byen reponn ak egzijans konkou a.

Apre seleksyon sa a, ekip pwodiksyon BelCast la ap anrejistre yon videyo pou chak kandida ki kalifye. Videyo sa yo pral pèmèt piblik la dekouvri kandida yo epi patisipe nan konkou a atravè vòt.

Vòt piblik la ap reprezante 20% nan nòt total kandida yo, pandan jiri a ap evalye prestasyon yo tou. Konbinezon sa a ap pèmèt konkou a pran an konsiderasyon ni apresyasyon piblik la ni evalyasyon pwofesyonèl sou kapasite kandida yo.

Kandida ki pi byen klase yo ap kalifye pou demi-final la, ki pral dewoule sou fòm deba ak lòt fòm konfwontasyon oral ekip la ap defini. Pi bon pami yo ap jwenn plas yo nan gran final la.

Pandan tout pwosesis la, kandida yo ap gen pou metrize sijè yo, òganize lide yo, konstwi agiman solid epi prezante diskou yo avèk elokans. Objektif la se pa sèlman pale anpil, men sitou konnen sa y ap di, konprann enpòtans mesaj la epi transmèt li yon fason ki klè ak konvenkan.

Premye edisyon EloKreyòl la ap mete senk rekonpans prensipal pou onore diferan fòm ekselans nan domèn elokans.

Twa premye ganyan yo ap resevwa:

#1- Chanpyon an: 100 000 goud, yon twofe, yon meday ak lòt kado.

#2- Dezyèm lan: 75 000 goud ak lòt kado.

#3- Twazyèm loreya a: 50 000 goud ak lòt kado.

Anplis twa rekonpans sa yo, òganizatè yo prevwa 2 pri espesyal.

Premye a se Pri Eden McGuffie, ki pote non Reveran Doktè Pastè Eden McGuffie. Pri sa a, ki gen yon valè 30 000 goud ansanm ak lòt kado, ap rekonpanse yon jèn oratè ki demontre anpil metriz ak kapasite lidèchip nan diskou li.

Dezyèm lan se Pri Piblik la, ki gen yon valè 25 000 goud ak lòt kado. Li pral pote non yon jounalis ki te make tan li nan Radyo Limyè epi rekonpanse kandida ki jwenn plis vòt nan konkou a.

Kanta pou kritè evalyasyon yo, enfòmasyon ki disponib yo mete aksan sou kalite tèks la, metriz sijè a ak kapasite kandida yo pou prezante diskou yo avèk elokans. Sepandan, lis konplè kritè jiri a poko presize nan enfòmasyon ki disponib yo.

Ki moun ki ka patisipe nan EloKreyòl?

Premye edisyon an vize jèn kretyen ki gen ant 18 ak 30 lane epi ki se manm yon legliz nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Pou patisipe, kandida yo dwe ranpli kondisyon sa yo:

Gen ant 18 ak 30 lane.
Manm yon legliz kretyen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
Peye frè enskripsyon an, ki fikse a 1 500 goud.

Pwojè sa ap chèche jèn ki dispoze pou aprann, pou reflechi, travay sou kapasite yo epi itilize lapawòl avèk responsablite. Li vize sitou moun ki vle devlope kapasite yo pou defann lide yo, konstwi agiman epi pote yon kontribisyon pozitif nan legliz yo ak nan sosyete a, e fòme oratè demen ki kapab vin lidè responsab

Pou ekip EloKreyòl la, pale an piblik se plis pase yon kapasite pou pran mikwo epi fè yon diskou. Se yon konpetans ki mande refleksyon, preparasyon, konsyans ak responsablite.

Lè yon moun pale avèk entansyon, li dwe kapab idantifye mesaj li vle transmèt la, òganize lide li yo epi adapte diskou li ak moun k ap koute l yo. Li dwe konprann tou pawòl li kapab enfliyanse fason lòt moun panse ak aji.

Se poutèt sa, pwojè a vle ede jèn yo pale avèk plis klète, mezire konsekans mesaj yo epi aprann prezante lide ki kapab ankouraje refleksyon ak solisyon.

Nan vizyon ekip la, kapasite sa yo kapab itil nan legliz, nan enstitisyon yo ak nan tout espas kote jèn yo bezwen pran lapawòl, defann yon lide oswa pote yon pwopozisyon.

EloKreyòl vle ankouraje jèn yo pran konsyans sou fòs yo epi abandone lide ki fè yo kwè yo pa kapab enfliyanse nan anyen. Pou òganizatè yo, reve pou yon lòt Ayiti pa yon foli. Se yon vizyon ki mande kouraj, travay, angajman ak volonte pou aji.

EloKreyòl vle fè elokans lan depase kad yon konkou pou l tounen yon zouti fòmasyon ak mobilizasyon.

Ekip la anvizaje fè konkou a tounen yon randevou anyèl, chak mwa oktòb.

vizyon alontèm yo se pou pwojè a rive depase limit zòn metwopolitèn Pòtoprens lan pou mete jèn ki soti nan lòt depatman peyi a an kontak nan pwochen edisyon yo e Menm rive reyini jèn ki soti nan lòt peyi ki pale kreyòl yo.

Pou rive nan objektif sa yo, ekip la rekonèt ke yo bezwen anpil resous finansye, sipò lojistik ak patenarya solid.

Ekip la pwofite lanse yon apèl bay antrepriz, enstitisyon, legliz, òganizasyon ak moun ki kwè nan fòmasyon jèn yo pou yo pote kole nan inisyativ sa a.

Sipò a kapab fèt sou plan finansye, lojistik oswa atravè lòt kontribisyon ki kapab ede pwojè a jwenn plis vizibilite. Ekip la mete aksan tou sou enpòtans sipò medya yo ak lòt aktè nan laprès pou fè plis moun dekouvri konkou a epi ankouraje patisipasyon.

Moun ak enstitisyon ki ta renmen jwenn plis enfòmasyon oswa eksplore posiblite pou sipòte pwojè a kapab kontakte ekip EloKreyòl la nan nimewo 3803-7244.
Oswa sou imel yo: [email protected]

Atravè elokans, refleksyon ak deba, pwojè sa vle enfliyanse yon jenerasyon ki pa sèlman kapab pale, men ki kapab reflechi sou sa l ap di, konprann konsekans pawòl li epi pran angajman pou aji.

Rebecca DIEUVE
Spirit Talk Magazine.
BelCast Haïti

https://youtu.be/dJEQZwGY7lc?si=IS1colVE3bIs8xRt✨JÈN KRETYEN KA P BRIYE!Lè Bondye mete yon limyè li nan ou, se pa pou w ...
09/06/2026

https://youtu.be/dJEQZwGY7lc?si=IS1colVE3bIs8xRt

✨JÈN KRETYEN KA P BRIYE!

Lè Bondye mete yon limyè li nan ou, se pa pou w kache l, men pou w pèmèt li klere devan lòt moun ki antoure ou.💡

Nan emisyon sa a, dekouvri yon bèl moman pataj ak Ruchama POTEAU, kote n ap pale de istwa li, karyè li ak sa sa vle di pou yon jèn kretyen viv pou Kris epi fè yon diferans nan jenerasyon sa

Lè ou fin gade emisyon sa, pataje l ak yon lòt jèn, epi kite limyè Kris la kontinye briye a travè lavi nou.✨

08/28/2026
Jèn kretyen kap briye
07/30/2026

Jèn kretyen kap briye

07/30/2026

Mwen se yon Jèn kretyen kap briye, se yon nouvo challenge ekip Spirit Talk la lanse nan lide pou evanjelize a travè Talan, don ak konpetans pwofesyonèl Jèn kretyen yo.

Pou patisipe nan challenge sa, Ou sèlman bezwen achte mayo sa.

Sonje lè ou pote mayo sa:

1- Ou pote yon mesaj klè ki di men kisa w ye.

2- Ou pran desizyon pou enspire lòt moun.

3- Ou dakò briye pou JEZI.

_Nou se limyè mond lan se nou ki dwe klere l_

Pa rete dèyè! Antre nan mouvman sa

Ekri nou kounye a pou pou patisipe nan chalenge sa

38334786

https://youtu.be/uvJsBgrVFQ4?si=j_MCE9UMpOShXLSNEmisyon sa, se yon emisyon ki ka bouste lafwa ou lè ou gen yon VIZYON yo...
07/22/2026

https://youtu.be/uvJsBgrVFQ4?si=j_MCE9UMpOShXLSN

Emisyon sa, se yon emisyon ki ka bouste lafwa ou lè ou gen yon VIZYON yon pwojè wap jere.

Nou ankouraje ou gade li, paske li gen anpil bèl temwanyaj ladanl kap ede ou avanse nan pwojè pèsonèl l ou.

07/21/2026

Mwen se yon Jèn kretyen kap briye, se yon nouvo challenge ekip Spirit Talk la lanse nan lide pou evanjelize a travè Talan, don ak konpetans pwofesyonèl Jèn kretyen yo.

Pou patisipe nan challenge sa, Ou sèlman bezwen achte mayo sa.

Sonje lè ou pote mayo sa:

1- Ou pote yon mesaj klè ki di men kisa w ye.

2- Ou pran desizyon pou enspire lòt moun.

3- Ou dakò briye pou JEZI.

_Nou se limyè mond lan se nou ki dwe klere l_

Pa rete dèyè! Antre nan mouvman sa

Ekri nou kounye a pou pou patisipe nan chalenge sa

38334786

07/20/2026

Mwen se yon Jèn kretyen kap briye, se yon nouvo challenge ekip Spirit Talk la lanse nan lide pou evanjelize a travè Talan, don ak konpetans pwofesyonèl Jèn kretyen yo.

Pou patisipe nan challenge sa, Ou sèlman bezwen achte mayo sa.

Sonje lè ou pote mayo sa:

1- Ou pote yon mesaj klè ki di men kisa w ye.

2- Ou pran desizyon pou enspire lòt moun.

3- Ou dakò briye pou JEZI.

_Nou se limyè mond lan se nou ki dwe klere l_

Pa rete dèyè! Antre nan mouvman sa

Ekri nou kounye a pou pou patisipe nan chalenge sa

38334786

‎Follow the 🔥SPIRIT TALK 🔥 channel on WhatsApp: https://whatsapp.com/channel/0029VadVnv0EquiVU4V70M1X
07/20/2026

‎Follow the 🔥SPIRIT TALK 🔥 channel on WhatsApp: https://whatsapp.com/channel/0029VadVnv0EquiVU4V70M1X

Follow 🔥SPIRIT TALK 🔥's WhatsApp channel. Shalom Family, Channel WhatsApp sa la pou edew rete konekte avèk Kominote evanjelik SPIRIT TALK la. MÈSI paske w Chwazi fè Pati de Gran Fanmi Sila.
BonDye Beniw 🙏✨🦅. Join 2K followers for the latest updates.

Address

871 Bay Street
Taunton, MA
02780

Telephone

+50938334786

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Spirit Talk posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Place Of Worship

Send a message to Spirit Talk:

Shortcuts

Share