03/09/2026
Sòm 136:2 raple nou pou nou di Bondye mèsi, paske li se Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo. Li se sèl vrè Bondye ki dirije syèl ak latè. Bib la fè nou sonje tou ke lanmou Bondye pa janm fini. Kèlkeswa difikilte nou ap travèse, mizèrikòd li toujou la pou nou. Se poutèt sa nou dwe toujou leve vwa nou pou di li mèsi, paske lanmou li pou nou pap janm sispann.