03/15/2019
Hello everyone, chapo ba pou nou tout alawonbadè
Li bon pafwa pouw pwan ti chèz baw pouw chita tande e gade sakapfèt pouw ka pi byen konpwann sa kap pase, san kew pa di anyen menm wap pran nòt e wap edike tet ou. Nou tande tout moun ki pale, nou swiv rezo social yo, nou we aksyon e desizion ki pran. Nou Chèche konprann sa nou ka konprann e nou poze kesyon sou sa nou pa konprann pou eklere antèn nou. Moman-an rive kounyela pou fè tande nou.
Bon, nou fini pa konstate ke nou gen anpil pwoblèm. Nou tout Ayisien genyen menm pwoblem. Nou ta renmen wè lakay gen la pè, lanmou simaye toupatou e youn sipòte lòt pou nou ta avanse ansanm kòm yon pèp ini. Men elas, se pa sa nou wè. Se chire pit tout tan youn ak lòt, sòti nan otorite yo, pase pa komèsan, sosiete civil la, gwo pèp la e tonbe nan ti pep la. Se kòm si ou ta di pa gen jistis, pa gen administrasyon, pa gen moun kap veye sa kap pase. Tout moun se naje pouw sòti. (Preval). Tout koukouj klere pou je yo, se priye pou mwa, kòche lè zot, "jan grann mwen te kon di". Moun pa respekte moun, tout moun fè sa yo vle, Nan sèten andwa nan peyi ya, moun touye moun jan yo vle e pi bouch pe; pou nou di ke sa sèlman! Tout aksyon sa yo pousew a mande, kote leta? eske gen leta? Nou ta di anpil grenn otorite - pou nou pa di tout, nan peyi ya se yon leta nan limenm. La hierarchie etatique est non-existante. La cohesion et le respect administrative est en chute libre. Lekonomi en degraba. Le peuple s'amuse. Sauve qui peut. Janl pase li pase.
Youn di: Bonm degajem papa, mwen ka pa gen tan devanm. Hahaha! Se konsa li ye wi tipap. O o, gade misye, ou gen lè ou pap bonm pam nan saw jwen nan? Mwen pwal gate sa. Se 50/50 wi li ye, tipap. Mwen gen neg pam yo fò yo manje tou. Se mwenk pou longe men ba yo. Pa jwe fòkè avèm tande!.
Mwen tap tande emisyon radio mega a 3 zè, jodia 14 Mas 2019. Jounalis la te gen yon bel entèviou aveK Senatè Jacque Sauveur Jean, epi apwè, Jounalis te fè yon bel rale sou sitiyasyon peyi ya ki gen pou wè avèk 8 neg ke lapolis te arete ya 17 Fevriye pase. (Nou genyen poun pale de sa).Men apwè sa, Jounalis la tap pwan kòmentè pa telefòn. Jounalis la te deklare de voye moute komantè yon moun ki te fini pa di ke se Palmantè yo ki responsab tout dezawa ke peyia ap konnen; jodi-a, paske, si yo te fè travay yo kòm sa dwa, leta tap genyen respèl. La Jistis tap pwan menl, lekzekitif tap konfòme-l, e pèp la tap obeyi. Elas, chak Palmentè se yon ti leta banm ma baw. Tout moun pwan avantaj kote yo ka pwann; kote li pi bon pou yo. "Vòlè leta se pa vòlè". Apwè lindepandans se sa zòt te fè nou kwè, e pi nou kontinye sou menm elan-an.
Mwen te li Voltaire kote li te fè diferans ant vòlè òdinè ak vòlè politik.
Vòlè òdine se moun ki nan antouraj-ou, ki wè sa-w genyen e li pwann, tankou: kabrit, kochon, bèf, radio, bous ak lajan, fanm e latriye. Tandiske, vòlè politik se moun ki vòlè avniw, landemenw, rèv ou, edikasyonw, santew, lajanw, tout espwa ke ou ta genyen. Youn nan lòt differans ant 2 vòlè, sè ke vòlè òdinè ya chwaziw e se ou ki chwazi vòlè politik la. De plis, lapolis toujou ap chache vòlè òdinè, matrake yo; tandiske lapolis toujou ab bay vòlè politik yo sekirite.
Kot kob petwo karibe ya?
Nou pa geen pati, nou independan. Nou la pou nou di sa ki bon, kote nou wè-l bon e sa ki mal kote nou wè-l mal.
Etan moun e pitit Kòniyon-Granbwa, nou patage lapèn e soufrans pèp Kòniyon-Granbwa-a nan tout kalamite ke yap pase. Nou wè tout sa nou ta fè, men posibilite yo pa pèmèt nou pou kounyela pou nou ta reponn a ezijans moman. Men nou la nap travay an pansan e avèk kouraj, yon jou kou jodia nou ka bay yon kout men.
Nap pwofite okazion sa-a pou nou remèsye tout Kòtèj Presidansyèl la ansanm avek Presidan Jovenel Moise ki te visite Kòniyon-Granbwa nan dènie jou sa yo a kòz de pwoblèm ratman dlo ki genyen nan zòn nan. Konpliman Mesye le President, jes la bel. Sa touchem anpil, yon lòt fwa mesi. Mwen pa vle konsidere bel visit sa-a ak tout sa ki di yo kòm travay ponpye ki tal tiye dife, men chef ki te avek ou yo mwen kwè ke yo pwan nòt pou fè swivi, selon jan ke sa dwe fèt nan yon tan rekò. Si mwen ta gen chans renkontre ou byen pale avek youn nan chef sa yo, e petèt, Dirktè Dinepa tou Mesye le Prezidan, nou te ka patage kèk ide.
Mwen kontan ke Travo piblik ap travay sou wout la 20 tèd tan pa jou, kòm ou di. Mwen espere nan yon ti kras tan, mwen ka mennen anpil fanmi e zanmi al vizite Kòniyon-Granbwa. Ala bel sa pwal bel lè tout moun ka al visite dezièm pi gwo zòn nan depatman lwes la. Mwen pwal fè yon bel antre pou nou kap di: Bon vini nan kòniyon. Chapo ba pou nou.
Pradel Vilme, MBA Consultant
PUSH PULL Consulting Group
[email protected]