02/26/2026
Èske w vle ogmante lafwa ou nan Jezikri chak jou?
>>Mwen vle pale yon ti kras apwopo de kijan m aprann de Kris la. Mwen aprann anpil de Kris la atravè ekriti yo e pawòl pwofèt ansyen e pwofèt modèn yo e nan temwanyaj eskperyans lòt moun genyen ak Kris la.
Atravè plan sali a mwen aprann ke Bondye se papa m. Li te voye m sou tè a pou m fè ekperyans e gras a sakrifis Sovè a, la p padone peche m yo. Malgre difikilte yo, li toujou voye èd li banm mwen atravè levanjil la e anpil anj pou ede m nan chemen an. Mwen gen espwa ke mwen nan mond lan men m pa fè pati de li. Mwen gen espwa ke Bondye ap toujou ede m kenbe ba de fè a pou jistan m rive vin jwenn ni.
Pou fini, mwen konnen ke Bondye papa m nan renmen mwen, e l renmen tout pitit li yo. Li pwouve sa paske l te voye pitit gason l lan mouri pou mwen. Mwen gen lespwa nan pwisans infini li ak pwomès yo ak nan lanmou pafè li. Mwen konnen ke Jezi kris se Sovè mond lan.
E papa nou ki nan syèl la renmen nou anpil
E mwen rekonesan pou anpil byenfè li yo nan lavim. Amen