Iglesia evangélica del gran rey

Iglesia evangélica del gran rey Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Iglesia evangélica del gran rey, Religious organisation, Miami, FL.

12/31/2025

Marc 4:30-32
Theme :grenn moutad

Gen moun nan imilyasyon yo fèt la ,nan paran yo fèt la ,yo pa ta supoze deveni anyen nan la vi yo .yo fèt nan mizè ,nan desepsyon ,nan imilyason ;yo ta supoze grandi nan imilyason, viv nan imilyason, epi mouri nan imilyason, minm jan yon poèt Dominiken dil: Asi nacimos ,asi moriremos y el ultimo no se dice .. Nan jou 31 desanm 2025 saaa ,mwen vini diw :se vre ou fèt nan imilyason ,ou grandi nan imilyason minw pap mouri nan imilyason paske bondye pral vire bagay yo ..Dabò a koz de ou istwa fanmiw gen poul chanje konplètman .Nan ane 2026 la bondye pral chanje tristès ou yo an jwa .Ou pap beswen di moun ke bagay yo chanje pou ou min yo minm yo gen pou yo wè ak zye yo ke bagay yo chanje pou ou .alelouya
Epi chanjeman yo wè ya ,poko anyen devan sa bondye prale fè pouw .Istwa biblik rakonte nou la vi de David yo te minm rele li ti David paske se li minm ki te pi imilye nan fanmi li ,se li minm yo pat tro konsidere nan fanmi yan .lè gran pitit de valè yo prale lekòl ,yo prale nan univèsite ,ti David li minm li nan desè la jounin ,kou nan nwit ap gade mouton papal yo .Prop paran David panse ke li te fét nan imilyason kòm piti deyò ,la viv nan imilyason epi lap mouri nan imilyason .

Cepandan nan 2 samuel 5 :4-5
Nou wè a laj 30 ane David rive rwa kote li pase 40 ane ap dirije .Antan la vil Ebwon ,li koumande mouñ juda yo.pandan setan simwa .li koumande ni moun pèp iseael ,ni pèp juda yo pandan trantwa zan .Nan ane 2026 la ,se pou bondye koumanse levew an dignite nan boul figue yo .alelouya
Nan yon figure de style ,ou se yon grenn moutad se vre ,min moun pa beswen preokipe de ou paske kontrol la vi ou se nan min bondye li ye.
Yon grenn moutad ,se li minm ki pi piti pase tout ti grenn ki sou tè ya min lè li semen ,li grandi anpil epi branch li vini trè laj epi tou bèt volaj ka vini repoze anba lombraj li .David te telman deveni gran li koumande pandan 40 ane tout pèp juda ,tout pè p israel etc
De David vini jesus ki telman gran ki koumande le mond ,
Frèm ak sèm yo nan mond lan ,mwen vini diw kew se yon grenn moutad ou ye, se vre .minw gen pouw briye ,lombraj ou gen poul proteje anpil moun .

Nan yon figure de style , jesus se yon grenn moutad ke lombraj li proteje tout lumanite .ou mim osi frèm ak sèm yo ,nou se yon grenn moutad
Siw paka yon grenn moutad pou tout mond lan,minw ka yon grenn moutad pou peyi kotew fèt la.siw paka yon grenn moutad pou peyi kotew fèt la ,minw ka yon grenn moutad pou depatman kotew fèt la .siw paka yon grenn moutad pou depatman kotew fét la ,minm ka yon grenn moutad pou arondisman kotew fèt la .siw paka yon grenn moutad pou arondisman kotew fèt la,minw ka yon grenn moutad pou kominn ou fèt la .siw paka yon grenn moutad pou kominn ou fèt la ,minw ka yon grenn moutad pou seksyon kotew fét la .siw paka yon grenn moutad pou seksyon kotew fèt la ,minw ka yon grenn moutad pou prop fanmi kew fèt ladan...gen yon sèl moun ki fèt nan yon fanmi epi li chanje istwa fanmi saaaaa. Komplètman

Yè swa 30 desanm map map koute yon kout istwa de yon fanmi ki gen anpil pitit . preske pèsonn pat vle lwe yo kay paske yo te trôp .Cepandan te gen yon grenn moutad nan mitan fanmi yan yo pat minm ran kont de saaaa.Jodia a kóz de grenn moutad saaa istwa fanmi yan chanje konplètman .Mwen deklare ke se pou bondye leve yon moun nan fanmiw ki pou chanje istwa fanmi yan .

Poum tèmine kout mesaj saa:Map pale de yon pasteur haitien ,ki deklare ke pluzyè prezidan ameriken rele li pou pale de sujè impôtan avèl sutou nan moman eleksyon .
Anpil presidan epi dirijan haitien reli osi pou pale koze impótan e sansib avek li
Nan ane 2026 frém ak sèm kap li mesaj saaa se pouw telman briye pou prezidan ak anpil otorite nan mond lan koumanse chache gen kontak ou .se pou tout desizyon kap pran nan peyi w ,nan fanmiw paka pran san ou, paskew se yon grenn moutad kap briye epi lombraj ou se proteksyon yo .se pouw grandi ,grandi ;se pouw briye,briye nan non de jesus....

Maxim Izidor: Pasteur Fondateur de l"eglise Evangelique du grand roi inc

07/18/2025

Nou nous retrouvons en extase dans le deuxième jour de la conférence de Tabernacle de gloire dans le kaseya center miami ...

Psaumes 103:1-2

07/17/2025

Nous sommes ici present dans le premier jour de conférence de tabernacle de gloire dans le kaseya center miami ;Nous sommes ici present pour contempler la gloire de Dieu au milieu de son peuple.

2 chroniques 7 :14

03/22/2025

Jean 6 :65-69
Et il ajouta:C'est pourquoi je vous Ai dit que nul ne peut venir à moi,si cela ne lui a été donné par le père.dès ce moment ,plusieurs de ses disciples se retirèrent ,et ils n'allaient plus avec lui.Jesus donc dit aux douze :Et vous,ne voulez -vous pas aussi vous en aller?Simón Pierre lui répondit :Seigneur ,à qui irions-nous ?Tu as les paroles de la vie éternelle .amen .amen ,amen ...

Thème :Il y a la vie en Jesús.

Gen la vi nan jezu e gen la vi an abondans .Gen moun pou yo ,la vi se gen bel kay ,bel machinn ,anpil lajan nan bank .gen moun pou yo ,la vi se gen gro tit ,anpil diplòm ,fè doktora etc .Gen moun la vi ,se byen manje ,byen bwè ,byen dòmi epi pran plezi ...map fèw konnin frèm AK sèm yo ,ou ka gen bel kay ,bel machinn ,anpil kòb nan bank poutan la vi ou mizerab e trè mizerab;Ou ka gen gro tit,anpil diplòm ,ou lisansye,ou gen doktora poutan la vi ou mizerab e trè mizerab .Min siw gen jezu nan la viw ,wap gen yon vi ere,yon vi an pè ,yon vi de prosperite.alelouya

Jezu te gen anpil discip, anpil nan yo te dicip jezu pou la vi kotidyenn kidonk pou manje epi bwè paske jezu te kon fè mirak bay moun manje an abondans jus yo rasazye.anpil nan dicip yo ,te dicip jezu paske li tap pale de rwayom ,yo tap chache mete yo bò kotel pou la vi sosyal e polític .Min te gen yon kantite dicip ki tap swiv jezu avègleman ;dicip sa yo tap chache la vi ,yon vi inkondisyonel ,yon vi san parèy ...mwen vle presize Sam vle di ya pi byen .gen moun se jezu min ki rele yo ,nan la bou ,nan fatra, nan mizè ,san tit epi poul fè yo deveni gran devan zye tout moun .alelouya
Jodia map fèw .konnin kèw se yon aple de Dye ,se jezu minm ki relew poul fèw briye .jezu relew poul baw la vi ,se pa la vi efemè nan mond saaa ,min jezu relew poul baw la vi eternèl .alelouya .

Moun bondye rele yo ,obstak nan mond saaa pap ebranle yo ,yap swiv jezu ni nan bon tan ,ni nan move tan .Manman mwen renette joseph te dim depi an 1978 li te resevra yon apel divin ,li repon apel la .depi 1978 lap sèvi bondye. Malgre obstak ak difikilte li te rankontre sou rout li ,minl te rete fidèl jiskaske bondye chanje pinn li yo an jwa e tristès li yo an dansan . Manman mwen te dim pitit gasonm gen la vi nan jezu .la vi nan mond saaa ka oblijew pouw fè tout vye bagay pouw ka rive atinn yon vi efèmè.Min pitit mwen gade dignitew an jezu epi wap gagne yon vi de jwa ,de pè ,de prosperite nan mond saaaa e aprè tout saaa wap gagne la vi eternel .Mwen grandi vre AK manman mwen ;mwen swiv konsey li yo pandan plizyè deseni li te fè ap sèvi bondye sou tè ya jiska gran depa li nan legliz lumière et paíx de bon repos .frèm AK sèm yo pi mèyè desizyon poun pran, se chache jezu ,lèw jwen jezu ou jwen la vi e la vi eternel .proverbe 22:6 instruis l'enfant selon la voie qu'il doit suivre .Et quand il será vieux ,il ne s'en détournera pas. Ou minm kap koutem la ,ou dre istwi pitit ou epi guide yo nan bon direksyon pou la vi yo pa pase mal .jodia mwen mache anpil nan mond saaaa min tout kote mwen mache tèt rot paske manman mwen te instwi mwen ,osi byen ke papa mwen .Te gen yon nèg yo kondane epi yo ap bal pènn de mò.avan yon ekzekitel yo dil poul di yon denye mo.li ekri yon lèt li di manman se koz ou map mouri jodia paske lèm te kon volè ou pat janm dim saa pa bon ,ou ankourajen nan tout bagay mal map fè ,min se koz saaa map mouri jodia .Ou minm kap koutem jodia , korije pitit ou epi guide yo nan bon direksyon .lè yo rive yon kote pou yo ka mache tèt rot minm Jan AK mwen ke manman mwen AK papa mwen te instwi .

Jezu tap instwi dicip li yo AK parol la vi , .anpil nan yo te ale paske se la vi kotidyenn yo tap chache .anpil lot te ale paske se la vi sosyal e politik yo tap chache .Min 12 dicip yo te rete pran instriksyon yo te decide pou yo pa separe de jezu paske se nan li ki gen la vi eternel. Jezu di tout moun ki kite kay ,pitit ,madanm ,vi efemè mond saaa pou koz rwayon bondye ya yap jwen 100 fwa plus nan mond saaa e aprè yap jwen la vi eternel .alelouya .
Nan jezu gen la vi ,gen la vi eternel ;avek jezu nou pap manke anyen .ke bondye kontinye beni nou an abondans .

Maxim izidor:pasteur fondateur de l'eglise Evangelique du Grand roi inc

12/29/2024

Luc 10:30-37
Jesús reprit la parole ,et dit :un homme descendait de jerusalem à jerico.Il tomba au milieu des brigands,qui le dépouillèrent,le chargèrent de coups,et s'en allèrent,le laissant à demi-mort.Un sacrificateur ,qui par hasard descendait par le même chemin ,ayant vu cet homme ,passa outre.Un lévite ,qui arriva aussi dans ce lieu ,l'ayant vu ,Passa outre.Mais un samaritain ,qui voyageait ,étant venu là,fut ému de compasión lorsqu'il le vit.Il s'approcha ,et banda ses plais,en y versant de l'huile et du vin;Puis il le mit sur sa propre monture,le consuisit à une hôtellerie,et prit soin de lui .Le lendemain ,il tira deux deniers,les donna à l'hôte,et dit: Aie soin de lui ,et ce que tu depenserás de plus ,je te le rendrai à mon retour.Lequel de ces trois te semble avoir été le prochain de celui qui était tombé au milieu des brigands?C'est celui qui a exercé la misericorde envers lui,répondit le docteur de la loi.Et jésus lui dit :va ,et toi,,fais de même. Amen

Thême: Un bon samaritain.
Tout institusyon yo preske fin kraze ,divize e minm pèdi valè yo.Yon sèl institusyon ki toujou kinbe protokòl li, li se lame.Nan lame solda yo rete solidè ,youn veye sou lot,youn proteje lot.nan mitan laguerre si yon solda tonbe ,lot solda frèl la ap fè tout moyen poul proteje li ;minm kadav solda frèl la ,lap proteje sil ta rive mouri nan guerre .mwen ta renmin pou chak institusyon yo sanm pa enumere yo ,gade protokòl yo tankou lame ;konsa nou va vini fò chak jou plus.Yon moun pa beswen milionè poul gran,oubyen gen gro tit .yon moun ki gran se yon moun ki kontribyer AK devlopman yon kominote,yon zòn ,yon peyi.yon moun ki gran se yon moun ki ede lot moun chanje sikonstans la vi yo .yon moun ki gran se yon moun ki wè yon moun parey li tonbe, ki pase min pranl epi levèl pou dil an avan .yon moun ki gran se yon moun ,lèl wè yon moun parey li nan grangou ki tout prèt pou bal a manje sil genyen .Jodi ya mwen ta renmin pozew kesyon saa frèm AK sèm yo .eskew santiw gran ?siw gran nan kisaw kontribyen nan viw?
Siw paka kontribye nan chanje peyiw min kontribye pou chanje depatman kotew soti ya .siw paka kontribye nan chanje depatmanw soti ya min kontribye pou chanje kominn kotew soti ya.siw paka kontribye nan chanje kominn kotew soti ya min kontribye pou chanje kominote kotew te fèt la ,kotew te grandi ya .siw paka kontribye pou chanje kominotew te fèt la min kontribye pou chanje minm prop fanmiw .siw vantew gran ,siw vantew gen gro tit ou pa kontribye minm pou chanje prop fanmiw ,ou se yon ríen ,yon zero tèt mare .yon payin,chante li di :si poum ta milionè poum pata ede fanmi mwen .anverite mwen ta prefere mouri ....yon lot fwa poze tèt ou kesyon :nan kisam kontribye nan vi mwen?alelouya

Sacrifikatè yo AK levite yo ,yo se manb de yon gro istitusyon .yon insttitusyon ki gen anpil valè .li gen gran bishop,gran pasteur ,gran docteur etc min map diw yon lot fwa .tit ou AK richès paka feŵ gran nan tout integralite. Gen anpil moun ki riche ki pase sou tè saaa min non yo pase nan oubli .min pèsòn paka bliye Jean jacques dessalines .li chanje peyil ,li chanje le mond AK van libète....
La bib pale nou de yon nèg ki tonbe nan min bandi .sacrifikatè pase yo pa edel.levit pase yo pa edel ,apre tout moun ki pretan gran yo pase yo pa edel
Se yon samaritain ki pase ki wel ki edel .zèv samaritain saaa kalifye li kòm gran .jodia ou ka pansew pa gran min zèw ou yo gran e zèw ou yo fèw gran .ou pa beswen tit pouw gran .moun ki gran se moun ki kopere .....jodia ou minm ki tonbe, map fèw konnin si pèsonn pa vle levew .
jezu ap mete yon bon samaritain sou rout ou ki pou levew. Se vre yo ka vle pilew pandanw tonbe ya ,se vre yo ka fèmin kòt pouw pa pase .bon nouvèl pou ane 2025 nan la viw.jezu ap levew epi lap ouvri yon pòt devanw ke pèsonn pap ka fèmin .
Di sacrifikatè yo AK levit yo ,di moun ki pretan gran yo .mwen tonbe nou pa vle levem .min jezu ap levem kan minm .alelouya

Map kite nou AK sòm 40 :2-4
J'avais mis en l'eternel mon esperance;Et il s'est incliné vers moi ,il a écouté mes cris .il m'a retiré de la fosse de destruction, du fond de la boue.Et il a dressé mes pieds sur le roc ,il a affermi mes pas.Il a mis dans ma bouche un cantique nouveau ,une louange à notre Dieu ;beaucoup l'ont vu,et ont eu de la crainte,Et ils se sont confiés en l'eternel. Amen ,amen,amen

Ke chak moun ki li mesaj saaa e minm ki pa Lil osi rive jwen jwen yon kantik tou nèf pou ane 2025 lan
Nou minm ki tonbe se pou bondye leve nou an dignite pou tout moun ki wè saaa bondye ka fè krint li epi konfye nan li.

Maxim izidor :pasteur fondateur de l'Eglise Evangelique du Grand roi inc

Address

Miami, FL

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Iglesia evangélica del gran rey posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Featured

Share