Verite POU POV Yo

Verite POU POV Yo HELP US TEACH, BUILD THE REST OF THIS PLANET.

07/31/2024

The only peace man will know and stop these fighting is nuke. I of course would much rather not see this happen but it's the only solution in the middle east.

Mwen se yon mesaje, fom renmen bon mesajOh PAPA nou an, mwen sonje lavi, lendi, madi, mekredi, jedi, vandredi, samdi jou...
11/30/2021

Mwen se yon mesaje, fom renmen bon mesaj
Oh PAPA nou an, mwen sonje lavi, lendi, madi, mekredi, jedi, vandredi, samdi jou dimanch te toujou yon bel vi. peyi ayiti ap fin deperi pandansetan yon posyon ap ri. Tout jounen pep la nan lari san lavi. Nan ki chapit nou janm li, ki di aji san mezi. Soley midi nan lapli ap plante mayi nan te di yo pa grandi. Chak soupi nou repete "se lavi". Le samdi nou tekonn souri ap fe lesiv, nou pwal nan mache pou dimanch poun manje bon diri ak bon vyann fri. Len te fet tekonn gen fet ke mpapdi lontan te pidi. Anpil nan nou lem tap grandi kite konn di lavi a di men sete manti. Oh bondye, mwen sonje lavi lem te piti. Jouk kile nap sispann soufri, mize fe tineg pran kod, pann tet, pran zam, friz neg, kadav gaye nan tout lari fom di verite mize padous neg nan grangou, mandanm pitit pret pou mouri. Frem ak sem yo kisa nou di? Nan tan esklav nou tekonn di fok sa chanje, n'paka manje n'paka domi bagay di. Nou te pran manchet ak woch ak baton nan men nou tal goumen poun chanje lavi. Jodi a fom di nou toujou esklav pasken kontinye ap pran lari banton ak manchet ak woch plis kounya a nou gen galil ap fe dandi nan tout ti kwen peyi D'ayiti. Oh bondye jouk kile nap sispann rele nan pyew pouw delivre nou anba lavi di. Fe majigridi relem maji ki vreman pwazon nou itilize pou detwi yon yon vwazinay kite yon bon zanmi. Jounen jodi menm pwop sann nal kay gangan pouw gode mayi. Oh bondye eske wap kontinye lavi ayisyen an ayiti. Anpil de jou se vant mare byen di, espwa sou demen sin pa mouri pandan nan nwit. Nou lage nan van fanmi ak zanmi, bay manti sou moun kap chache rete trankil poun ka jwenn yon gode diri san lwil..oh bondye kote lavi sa a prale, bouch mwen pa mare mpaka pale paske mpa konnen kiyes kap potem ale demen maten poum pa leve oubyen lajistis ak tout zom kraze kote nou jwenn nan 50 pawol, se sel nonm ki verite 49 se mati. Oh dye damou, fen goumen pou yon ayiti kap grandi non angis pou nap franchi nan yon soley midi poun al fe bandi.

Parol la di saw plante, se li ou rekolte. Maten an, se lapriye map plante, pou peyi ayiti ak tout lot kote peyi yo ki na...
10/28/2021

Parol la di saw plante, se li ou rekolte. Maten an, se lapriye map plante, pou peyi ayiti ak tout lot kote peyi yo ki nan mond la kap deperi...maladi, grangou ap dechepye...map plante lapriye sa a pou peyi sa yo kote abitan yo ap soufri mize, touman, tristes kalamite ak tet chanje. ..Map fe priye sa a devan papa nou an, pitit la ak lespri sen an pou ayiti ak lot yo ki paka gen lape...lannwit kou lajounen se lage pasi pala...kote se rayiman ak chen manje chen, san pyes moun pa konsene si se fre ak sè nou ye...kote anpil ap domi yon je ouve yon je femen...priye sa a plante, sou te a devan papa nou an, poul voye zanj li yo vin pote nou, sekou e delivre nou anba chay lou sa yo nap pote a depi byen lontan. ..priye sa a plante pou mande senye nou an padon pou pechen yo, pou dout nou yo...pou nou ka resevwa benediksyon Bondye ki nan syel la. ...priye sa plante pou gerizon nou, pou tout tray nou yo, pou tout tribilasyon pep la, pou chatiman nap pote yo. Senye Dye map mandew pouw kase chèn ki mare panse nou yo, ki mete nou nan yon kondisyon kote nap viv kom esklav, kom prizonye...Che Met kase, kase, kase chèn sa a...kase chèn mize, maladi, grangou, touni, malediksyon, epi fe nou viv ak ke poze nan non Jezi Kris la souple. ..Mwen remesiw senye Dye pou leve ou leve nou maten an. ..mwen beni nonw senye...men jounen an nan menw, wa banou sa ou we nou merite senye Dye. .mwen priyew konsa, nan non san kite koule a, san Jezi Kris la. .amen.

Frem ak sem yo bonswa, Mwen salye nou nan non Papa a ak Pitit la e ak Lespre Sen an...mwen swete nou tout pase yon bon j...
10/19/2021

Frem ak sem yo bonswa, Mwen salye nou nan non Papa a ak Pitit la e ak Lespre Sen an...mwen swete nou tout pase yon bon jounen fason ke Senye Jezi Kris te ranjel poul pase. Mwen deja konnen gen anpil nan nou, ki pap fin we jounen an, mwen konnen gen nan nou ki pral pasel lopital, nan prizon, sou kaban lakay nou, nan vye diskisyon ak manman, papa, petit mari, madanm, kay gangan e ak vwazinay nou. Men nan nenpot sikonstsns sa yo, map di nou pa dekouraje...paske bon Papa a, bon Sove a pa lage nou. Non, Li poko lage nou. ...pagen youn nan nou Li pa renmen. ..se sakfe Li kiten ap viv toujou se plis chans Li ap ba nou pou nou chanje....pou nou retounen vin jwenn Li.. ..pa fatigen, mete konfyans nou nan Li, epi na we pouvwa non sa a yo rele Jezi Kris la. Map mande nou nan non JEZI Kris la, poun pran pasyans....pryel san ses...bal glwa one LI merite...paske se fason sa a lap rezoud problem nou yo. ...se fason sa a lap geri maladi yo. ..se fason sa a lap bann manje, lajan, dlo dous poun bwe....se fason sa a lap retire move lide nan tet nou, fe youn renmen lot e mete nou nan amoni....lape a se pou Li lye, gras ak benediksyon se lakay Li sa soti....pa pedi tet nou, pa al fe fre nou yo ak se nou yo vye bagay ki pap fe Bondye nou an plezi...si nou pa renmen yon bagay, pafe yon lot li....priye Senye a...mandel padon pou peche nou yo. ...li parol Li yo nan Bib la....fe byen ak prochen parey nou yo. ..reflechi avan nou aji....sispan koule san, sispann rayi fre ak se parey nou. ..sispann mache kay gangan, abominasyon se kondanasyon....sispann pale len ak lot mal...respekte Papa a ak Pitit la e ak Lespri Sen an. ..mwen renmen nou Bondye renmen nou. ...lape ave nou. ....

09/27/2021

4 Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l' konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l', yo fè l' kanpe tankou yon moun sou pa t' dèyè l' yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun. 1 Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t'ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a: 2 -Jou lannwit sa a, mwen fè yon vizyon. Mwen wè kat gwo van yo t'ap soufle, yo t'ap boulvèse gwo lanmè a. 3 Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt. 5 Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l', li di l' konsa: -Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab. 6 Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwezo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay. 7 Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn. 8 Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. 9 Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen. 10 Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo. 11 Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l' nan dife a, li boule nèt. 12 Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò. 13 Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li. 14 Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini. 15 Mwen menm Danyèl, lè m' wè tout bagay sa yo, tèt mwen te boulvèse. Vizyon yo te fè m' pè anpil. 16 Mwen pwoche bò yonn nan moun ki te kanpe la yo, mwen mande l' pou l' fè m' konprann tout bagay sa yo. Se konsa li esplike m' yo. 17 Li di m' konsa: -Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè. 18 Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan. 19 Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'. 20 Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo. 22 Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo. 21 Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li. 23 Men esplikasyon moun lan te ban mwen: -Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l', l'ap kraze yo. 24 Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo. 25 L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'. 26 Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò. 27 Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li. 28 Se tou sa li te rakonte m'. Mwen menm Danyèl, mwen te boulvèse anpil, mwen chanje koulè. Mwen kenbe tout bagay sa yo nan kè m'.

09/23/2021

The type of friends a person has explain the person they are.

09/17/2021

I love you

12/05/2020

Byad yo pat ka kenbe tet avem...yo menm al pote Bondye plent pou mwen. ..yo di Bondye "neg sa a toujou ap priye, li bib on bann vye chante devanjij/levanjil toutan nan bouch li ap chante...men ou konn jan bondye ye, bondye di byab yo konsa...menm mwen neg sa a pavle lage non....dyab la di Bondye saw vle nou fe avel. ...bondye di yo se kow pouw retire souli wi....menm nan domi lap goumen avew. Apresa bondye di dyab la anko, se fot mwen, li mandem fos poul goumen ak tout bagay mwen bal fos...e sak pimal la mwen gentan balil deja mwen pap ka pranl paske se pwomet sa a Mwen fe tout moun ki remenm.

10/22/2020

If you are reading this message is because we're awake, let us all stay this way with no fears, but of joy and happiness. Thank God Jesus Christ for all the time of His day I pray for all. Amen.

08/21/2020

Happy birthday 🎂🎂🎂🎉🎂 to all of you that I haven't had a chance to say that to in the past few weeks...... it's a blessing to see another day.

07/18/2020

Imagine while you're asleep, a nuclear war breaks out either by accident or intentionally, you survive and your entire family is gone and now you are left all alone. What would be your first thought?

07/15/2020

I give to those who take from me, I love those who hate me
I pray for healing 🙏 to those who hurt me, so at the end my blessings will keep on coming so that I may continue to bless you because you are blind, you can't hear and a mute... some body have to care for you.

Address

Lansing, MI
48910

Telephone

5173776310

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Verite POU POV Yo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share