Rocher de la deliverance prayer line

Rocher de la deliverance prayer line Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Rocher de la deliverance prayer line, Religious organisation, Homestead, FL.

Joining us in the prayer line �Rocher de la Deliverance International Ministries INC
we start at 5AM to 7AM
11AM to 12:30 PM
10 PM to 12:30 Am
Call:
+17862722002
Let's pray 3 times a day 7days a week may God bless you ��

12/05/2022

*Sòm 62: 11-12*
An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete. Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Senyé avek pouvwa ou mwen deklare ke ou bay tout mechan ki kanpe kont la vi m kont ministé m sa yo merite a au nom de Jesus !Jesus Anmweeeeeeeey hmmm ou konen ou wé ou tande tout bagay pagay pa rete san pou pa di yon mo map tann ou mache prese pou mwen papa lage epeee ou nan kan tout edmi m yo au nom de Jesus amen ke Bondye beni nou nou domi byen avek Jesus

11/24/2022

*Sòm 91: 7-9*
Mil moun te mèt tonbe sou bò gòch mwen, dimil sou bò dwat mwen, anyen p'ap rive m. m'ap rete konsa, m'ap gade, m'a wè jan Senyé 'ap bay mechan yo sa yo merite. ¶ Paske mwen pran Seyè a pou defans mwen , paske mwen pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon mwen .
Amen amen mwen deklate maten an ke Bondye bay mechan yo pésekité yo sa yo merite a au nom de Jesus ,wi mwen pran Senyé a pou defansé m wi mwen pran Senyé a pou avoka m ak protekté m hmmmm alelouya Senyé ap proteje m lap defann et lap plede kôz mwen map genyen jistis map genyen viktwa nan batay map menen an mwen kriye viktwa viktwa mési Senyé kelkeswa degre ki fét la avek pouvwa Senyé a mwen defét tout oh nom de Jesus !pase yon jounen beni avek Jezu sonje priye fé Bondye konfyans repete parol sa avek lafwa nan Jesus !
sonje konekte nan priyé midi a rele 7862722002 ke san Jesus kouvri nou !

11/21/2022

*Sòm 118 : 12-14*
Mechan yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.
Mwen deklare se pou dife Leternel la boule tout mechan asasen kriminel ki kanpe kont lavi m ak fanmi m ministé m au nom de Jesus difeeee le san de Jesus biiiiiiiwwww yo te banm bourad la vre men Senyé pote sekou et lap kontinye pote m sekou mwen retounen lanmô a bak kay mét li mwen pa resevwa l au nom de Jesus repantans ou lanmô nan tout edmi m yo ! le san de Jesus biiiiiiiwwww mwen vivan au nom de Jesus anro pa siyen anbo paka pran alelouya

11/21/2022

*Sòm 35: 1-9*
¶ Se yon sòm Fanette Joseph Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo. Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou. Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'. Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo. Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo. Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo. San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'. Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a. Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.
mwen deklare ke mechan yo tonbe nan trou ke yo fouye sou la vi m ak fanmim nan au nom de Jesus mwen delivre mwen delivre net alelouya glwa a Dye Senyé parét lage epe lage fléch lage difeee lage konfizyon nan kan tout edmi m yo au nom de Jesus repantans ou lanmô pou yo au nom de Jesus ! amen repet parol sa yo avek lafwa epwi domi byen avek Jesus !

*Sòm  3 : 1-2,4-8*¶ Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!  Ala anpil moun k'ap p...
11/17/2022

*Sòm 3 : 1-2,4-8*
¶ Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!3 Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo. ¶ Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen. Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen. Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou .Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
a midi sa mwen deklare ke Bondye ak tout lame zanj li an parét nan kan edmi m yo pase tout edmi yo yon souflét au nom de Jesus alelouya glwa beniswa Leternel viv le san de Jesus difeeeeeee roch epeeeeee konfizyon nan kan edmi nou yo amen le san de Jesus biiiiiiiwwww

https://youtu.be/B7JhHdfms6Y

*Filip 4 : 5-7*Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan. Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande...

11/16/2022

*Pwovèb 16: 1-4*
¶ Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye. ¶ Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo. ¶ Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè. ¶ Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.
Senyé map tann mo pa ou la papa hmmmm ! au nom de Jesus ou met pale et aji pou mwen debloke nou beni nou papa m ki nan syél la nan nom Jesus nap tann grenn mo pa ou la !

*Ebre  10 : 24,26-27*Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt n...
11/14/2022

*Ebre 10 : 24,26-27*
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen. Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo. Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
ke Bondye beni nou an nou pran konsyans pou nou ka fé sa ki byen menm lé moun nap fé byen yo konn leve kont nou men mwen di nou an nou kontinye fé byen fé Bondye konfyans li pap kite nou pou kont nou

Hi, I am pastor Fanette Joseph I'd really appreciate it if you would share or donate to this website:Www.rodmi.org GoFundMe, https://gofund.me/c6d27b5bRoche...

*Sòm  86: 14-17*Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen ...
11/12/2022

*Sòm 86: 14-17*
Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye! Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou! Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!
Senyé Bondye papa m Anmweeeeeeeey hmmmm mache pran awogan sa yo ki leve deyé m leve yo fése yo até banm viktwa au nom de Jesus amen fé yon bagay néf pou mwen mwen kriye viktwaaaaaaaaa viv le san de Jesus.

Hi, I am pastor Fanette Joseph I'd really appreciate it if you would share or donate to this GoFundMe,https://gofund.me/c6d27b5bRocher de la Deliverance inte...

*Sòm  103 : 3-6*Senyé a!padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo. Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', l...
11/11/2022

*Sòm 103 : 3-6*
Senyé a!padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo. Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen. Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini. ¶ Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.
mwen deklare ke tout trou edmi an te fouye sou la vi m ke li tonbe ladan l au nom de Jesus ! mwen menm Fanette Joseph Senyé a padone m li retire m nan trou a et li pral banm justis ak tout mechan yo. alelouya amen glwa a Dye bon midi tout moun fé Bondye konfyans lap delivre nou tout anba men mechan yo ke Bondye beni nou

*Filip 4 : 5-7*Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan. Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande...

11/11/2022

*Sòm 116 : 15-17*
Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri! Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo. M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.
Mwen deklare ke Bondye kontinye kase tout kod ki mare sou nom Fanette Joseph au nom de Jesus mwen demare nwen libere nwen restore mwwn delivre et mwen delivre net au nom de Jesus tout kôd kase brile konya la menm au nom de Jesus amen amen alelouya viv le san de Jesus !viktwa pou tout moun kap chéche Bondye kap priye Bondye difeeeeee nan kan tout edmi m yo le san de Jesus biwwwwwwwww konfizyon total nan kan mechan yo !

11/11/2022

*Sòm 116 : 1-9*
¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'. Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn. Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non! Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.
Beniswa Leternel ki delivre m anba lanmô ke mechan an resevwa lanmô li bak au nom de Jesus! mwen vivan! mwen vivan! mwen vivan! au nom de Jesus alelouya gla a Dye mési Jesus !

please subscribe like and share may God bless you !abone pataje pa kenbe pou kont ou konsa ou kapab ede yon lot gen vikt...
11/11/2022

please subscribe like and share may God bless you !
abone pataje pa kenbe pou kont ou konsa ou kapab ede yon lot gen viktwa ke Bondye beni nou
ke Bondye ba la vi ou vré direksyon ak vésé sa yo amen!

Hi, I am pastor Fanette Joseph I'd really appreciate it if you would share or donate to this GoFundMe,https://gofund.me/c6d27b5bRocher de la Deliverance inte...

Address

Homestead, FL
33090

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Rocher de la deliverance prayer line posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Place Of Worship

Send a message to Rocher de la deliverance prayer line:

Share