03/14/2026
MAN GA : YON SENBÒL SÈVIS, LANMOU AK MEMWA NAN KOMINOTE DONDON
Brigitte Jacob, anpil moun te konnen sou non Man Ga, fèt Dondon nan ane 1929. Manman li te rele Mania Cothière, epi papa li te rele Ismère Jacob.
Man Ga te gen de sè ak yon frè: Elodie, Antonine ak Jasmin. Li te marye ak Gamilus Louis nan dat 8 avril 1958. Nan maryaj sa a, yo te fè senk pitit: Yves, Lucienne, Lucie, Fernande ak Ninette.
Baryè lekòl Frè Senvyatè yo nan Dondon te anfas baryè kay Man Ga. Se te yon pozisyon jewografik ki te ideyal pou fè komès. Men, plis pase yon senp espas pou vann, lakou Man Ga te tounen yon veritab pwen referans pou anpil jenerasyon elèv ki pase nan lekòl la.
Lakou Man Ga te tankou yon ekstansyon natirèl lekòl Senvyatè a. Li te toujou la, anfas baryè a, ap gade, ap obsève, epi pafwa menm san li pa pale, prezans li te sifi pou mete yon limit. Gen bagay ou pa t ka di ni fè devan je Man Ga. Se poutèt sa anpil moun te konn di li te tankou yon manm komite disiplin lekòl la, menm si se pa t yon tit ofisyèl.
Pou anpil nan nou ki te pase nan lekòl sa a, Man Ga fè pati entegral nan souvni nou. Se lakay li anpil nan nou te fè premye eksperyans ak ti dous ki te make anfans nou: bougannen mayi, bougannen pitimi, dous kokoye, dous pistach, tablèt pistach, ak anpil lòt ti bagay ki te pote chalè ak kè kontan nan mitan jounen lekòl yo.
Gen anpil moun ki te konn dwe Man Ga. E jouk jounen jodi a, gen ladan yo ki pa janm rive peye. Men sa pa t janm anpeche li kontinye montre jenerozite li. Lè yon moun mande kredi, li te konn bay li san ezitasyon. Se te fason pa li pou ede, pou sipòte, pou fè moun santi yo pa poukont yo.
Nan yon sans, nou tout se yon ti jan pwodwi Man Ga, paske prezans li te make lavi anpil moun nan kominote a.
Lavi Man Ga se te yon lavi sèvis, pataj ak lanmou pou lòt moun. Nan sans sa a, pawòl Manman Theresa yo pran tout valè yo: nan lavi, ou pa bezwen fè gwo bagay pou make mond lan; men ou ka fè anpil ti bagay ak anpil lanmou.
Se konsa tou, atravè jès senp li yo, atravè souri li, pasyans li ak jenewozite li, Man Ga kite yon tras ki pap janm efase nan memwa kominote a.
Bon travèse Man Ga. Repoze an pè.
Paul Sanon📝