07/18/2024
Wow...se te yon jou konsa wi mwen te di "wi, mwen vle. Wi pastè".
Aprè 26 zan jodi a, li toujou wi. Pou mwen lap toujou wi...nan nenpot soufrans, nenpot traka e menm nan mepri.
Pi bèl moman yon moun ka pase se ak yon moun ou renmen, ou fye, yon zanmi.
Ala bèl sa bèl lè pi bon zanmi w sa moun sa ki dakò pou l pase rès lavi l avè w...
Ala bèl bagay lè w santi ou ka di moun sa nenpòt bagay san ezitasyon...lè ke ou konnen nan fen jounen an, moun sa pral ede w dechaje w de tout ti enkonvenyan ou te jwen diran jounen an. Sa fè w anvi al lakay.
Yon moun ki konprann ou, ki wè w, ki toujou ap tyeke sou ou, ki toujou ap di w "ou byen", "ki jan ou ye", "ou vle pale de sa?". Enbyen, se sa maryaj ofri.
An menm tan, gen anpil kap soufri deske yo pa jwen sa yo.
Gen anpil fanm ki ta renmen pou yap tande bagay sa yo tou tan...gen anpil gason ki ta renmen jwen yon fanm konsa. Malerezman, pou anpil nan nou sa se yon rèv...se tande nap tande lòt moun ap di bagay sa yo...paske nou pa konn tande yo e nou petèt pap janm tande yo...se yon reyalite.
Se pa pou san rezon ke Bib la di...si ou jwen yon bon fanm, se tankou ou jwen yon boul lò.
Sa ki pi mal la, sa ki dwòl la, gen gason ki gen yon bon madanm men li pa valorize sa. Konsa tou, gen anpil fanm ki gen yon bon mari, men li pa valorize sa. Mwen konn tande moun ap di, "si m te gen yon nonm konsa....si m te gen yon fanm konsa...Alòs, sa ki genyen lan pa reyalize sa yo gen nan men yo a. Jodi a, maryaj anba anpil atak. Anpil lidè kap tonbe se akòz pwoblem nan maryaj la. Anpil enfidelite rive se akòz pwoblem nan maryaj la.
Map priye pou tout maryaj Kretyen sa yo kap sibi tout doulè sa yo.
Map priye pou tout fanm ki gen yon nèg nan kay la men ki pa yon mari.
Map priye pou tout gason ki gen yon fanm nan kay la men ki pa yon madanm.
Map priye pou nou konprann ke Bondye mete nou ansanm pou nou youn konplete lòt. Pou nou youn pwoteje lot e....pou nou youn soufri pou lot.
Mwen konnen se pa sa nou abitye tande, men se verite.
Maryaj la mande pou w soufri, pou abandone kèk bagay, kèk moun tou.
Maryaj la mande pou mete lòt la devan w...pou wè bezwen lòt avan bezwen pa w la. Men, se pa sa nap tande jodi a.
Jodi a tout moun bezwen gen kè kontan nan maryaj la men yo pa asepte soufrans lan.
Tout fanm bezwen yon bon nèg, men yo pap fè efò pou yo menm tou yon bon fanm.
Tout gason bezwen yon bon fanm, men yo pap fè efo pou yo menm tou you bon nèg.
Priye pou tout moun ki marye yo paske yo anba atak.
Li pi fasil pou nou kraze sa, divòse ke nou travay pou rezoud pwoblem nan.
Li fasil pou nou di nou bouke ak moun sa, alòs, nou bliye ke nou te di nan bon tan e nan move tan...
Priye pou mwen pou m toujou kenbe wi sa...pou m tout sa mwen ta vle madanm mwen ye pou mwen avan.
Menm jan tou, map priye pou nou.
Mwen renmen nou nan Kris la.