05/19/2019
Première lecture
Paul et Barnabé ont beaucoup souffert et ils ont travaillé pour fonder de nouvelles communautés chrétiennes et encourager les fidèles. Cependant, ils ont reconnu que c’était Dieu qui avait fait tout ce bon travail à travers eux. Écoutons attentivement cette lecture.
Lekti liv Travay Apot yo (Tr 14, 21-27)
Pòl ak Banabas anonse bon nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikoniòm, Antiòch (ki nan peyi Pisidi). Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.
Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a. Yo travèse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili. Yo anonse pawòl Bondye a lavil Pèj. Apre sa, yo desann Atali. Antan yo la, yo pran batiman pou Antiòch. Se la nan menm Antiòch sa a yo te renmèt yo nan men Bondye ki te ba yo favè l' pou yo te al fè tout travay yo sot fè a.
Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.
- Sa-a se pawòl Granmèt la ki gen tout pouvwa-a.
Psaume
(Ps144(145),8-9,10-11,12-13ab)
Deuxième lecture
Depi Jezi fi-n resisite gen yon lòt mond kap pran fòm nan mitan nou, se prezans Bondye nan mitan nou, a travè Kris la ki leve byen vivan. Jan, nan liv Apokalips, ban nou yon vizyon optimis nouvo mond sa-a. Ann koute ak anpil atansyon !
Lecture de l’Apocalypse de saint Jean (Ph Ap 21, 1-5a)
Moi, Jean, j’ai vu un ciel nouveau et une terre nouvelle, car le premier ciel et la première terre s’en étaient allés et, de mer, il n’y en a plus.
Et la Ville sainte, la Jérusalem nouvelle, je l’ai vue qui descendait du ciel, d’auprès de Dieu, prête pour les noces, comme une épouse parée pour son mari.
Et j’entendis une voix forte qui venait du Trône. Elle disait : « Voici la demeure de Dieu avec les hommes ; il demeurera avec eux, et ils seront ses peuples, et lui-même, Dieu avec eux, sera leur Dieu.
Il essuiera toute larme de leurs yeux, et la mort ne sera plus, et il n’y aura plus ni deuil, ni cri, ni douleur : ce qui était en premier s’en est allé. »
Alors celui qui siégeait sur le Trône déclara : « Voici que je fais toutes choses nouvelles. »
– Parole du Seigneur.
Évangile
Lors de la dernière cène, Jésus lègue à ses disciples le commandement de l’amour comme testament. Cet amour est la clé du nouveau monde. Écoutons attentivement cet Evangile de Jean.
Lekti Levanjil Jezi Kri-a daprè Jan ki sen (Jn 13,31-35)
Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.
Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa. Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a.
Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
- Ann aklame pawòl Bondye-a.