04/09/2023
San nou pa rann nou kont
Nou touye lavi
Nou detwi fanmi
Dye bay tout moun bon sans
Men, pa nou an nou pase l nan rans
Nou pran pòz nou san kè, san mwèl san zo ak san pitye
Poutan, lè se tan malè pa nou, n ap tann pou BonDye grasye n
Si kouri pa t gen bouke, ala koze nou t ap fè
Si nan bat kò pa t gen ret trankil alè isit nou tout t ap bèbè
Men règ jwèt la :
Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye
Ann swiv, nou gen pou n sispann pyafe
Sonje ke se nan chimen jenen yo kenbe chwal malen
Li pa p fè toutan lanwit, li gen kanmen m pou li maten
Pa enkyete nou, nou gen pou n mare pwòp tèt nou
Do malere pa tanbou , yon jou pou yo tou l ap fè jou !
"Les Napoleon "
Viv Ayiti 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹👊👊👊🤜🤜🤜
Ambassade de France en Haïti Haïti La panthère poétique Mulik Haiti Fearless Queens Federation Protestante d'Haiti Gregory Toussaint Creole TIMOUN SAJ UNICEF Haiti WAWA PROMO PLUS ONU Femmes Maroc ONU Femmes Mali ONAPE ONU Femmes UNICEF ONU Femmes France UNICEF France UNICEF USA Ministere de l'Education Nationale Fernando Estimé Jamespromo Haïti Ing Moreno Jn Baptiste Jhonson Napoleon Haitian Flag Day Celebration in Arizona: Unity & Community Building