01/07/2023
LESON DOMINIKAL 2 JIYÈ 2023
TIT: Zidòl ak sakrifis pou zidòl yo nan korent
LEKTI: 1Korent 8:1-6
TÈKS DÒ: Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy li poko konnen jan l' dwe konnen an. 1korent 8:2
ENTWODIKSYON:Lane pase nou te etidye plizyè leson enpòtan nan liv premye korent ki gen pou sijè jeneral: konpòteman kretyen an. Ane sa a ankò , n'ap aprann kèk leson toujou. Nan legliz korent te gen anpil moun ki te gen gwo konesans , men gwo konesans lakay yon moun ki manke lanmou pou frè parèy li, se yon andikap espirityèl. Lavil korent menm jan ak lavil Atèn , te ranpli ak zidòl.
Te gen anpil fo dye ke payen yo te konn adore. Te gen Sakrifis ki te konn fèt chak jou pou fo dye sa yo. Kretyen korent yo te manke konesans sou koze zidòl yo ak konpòteman yo te dwe adopte devan vyann bèt yo te konn ofri kòm sakrifis pou zidòl yo. Konsa yo te voye mande lapòt pòl pou li mete limyè sou sijè a. Yon kesyon delika anpil anpil. Twa chapit nan liv la ap trete kesyon sa. Nan leson jodi a, n'ap gade sèvis zidòl yo lakay payen yo nan korent ak konpòteman diferan kretyen yo.
I. KWAYANS PAYEN KORENT YO SOU ZAFÈ ZIDÒL
Korent te yon lavil nan peyi lagrès ki te gen anpil zidòl menm jan ak lavil Atèn (travay 17:16) .Nan peyi lagrès , zidòl yo te konn rele dye oubyen deyès yo te gen fòm moun. Yo te fè yo ak lò , lajan epi wòch (travay 17: 29) .Daprè kwayans yo, dye yi pa t' kapab mouri , men yo te kapab manje , bwè ak soufri. Yo te kapab renmen ak rayi tou. Yo te divize yo ant dye ak demidye.
A. Prensipal dye grèk yo
Prensipal dye moun lagrès yo se zeyis(Zéus ) .Li bay règleman pou tout linivè a. Nan mitoloji grèk la , se li menm ki fè loray gronde epi li se wa tout lòt dye yo. Era , madanm li , te deyès maryaj. Pami pitit gason li yo : Arès te dye lagè ; Apolonte dye limyè , ladrès yo ak lamaji , Enès , dye machann yi; Dyonizos , dye diven an ak tout lòt bwason ki fè moun sou.
Pami pitit fi li yo te gen Atènè , deyès entelijans ki te patwòn lavil Atèn ; Afwodit , deyès bèlte ak lanmou : Atemis , deyès lachas. Akote fanmiy dye sa a te gen poseyidon , dye lanmè a ki te patwon lavil korent ; Adès , dye sejou mò yo; Efayistos , dye dife ak fòjwon yo ; Demetè ,, deyès ki fè latè donnen ak pou kiltivatè yo; ak yon bann lòt zidòl ankò. Konsa chak moun te adore yo zidòl selon gou l oubyen selon metyel.
B. Demi dye yo.
Moun peyi lagrès yo te onore tou demi dye yo ke yo te rele mèt oubyen seyè (1korent 8:6) .Ewo sa yo te pèsonifye bravou ak lafòs ; pami yo nou jwenn Eraklès, pwomete Ofe , sezè , Edip , Jazon , etc.
Ansyen filozòf Grèk yo te ekri yon bann istwa sou dye , deyès epi ewo sa yo ki te anseye nan tout gran lekòl peyi lagrès yo.
Anvan frè korent yo te konvèti , yo te konn adore epi onore dye ak seyè sa yo menm jan ak moun Galasi yo (Galat 4:8) .Nan jou pa nou yo gen yon bann istwa envante sou sen patwon , sou sent patwòn , sou lwa vodou , sou lasirèn , sou bawon , etc.. Istwa sa yo ki se sipètisyon mare ak lamaji pa mache kole ak levanjil kris la.
II. SAKRIFIS PAYEN YO NAN KORENT POU ZIDÒL YO
Daprè ansèyman ki te bay sou sèvis zidòl yo , se te yon obligasyon poy ofri yon sakrifis swa pou rale chans , pou reklame pwoteksyon , pou mande vanjans oubyen pou manifeste rekonesans. Sakrifis yo pat' gen yon prensip jeneral ki reglemante yo, sa te depann de kapasite moun k'ap ofri l' la epi pouki zidòl sakrifis la ap fèt. Nan korent, yo te toujou mennen bèt yo nan lakou tanp zidòl la kote yo touye yo. Nan vyann lan, yon pati boule sou lotèl zidòl la, yon pati pou prèt yo ki prezide seremoni an, rès vyann lan rete pou mèt sakrifis la.
Lè se yon moun ki gen kapasite , nan okazyon sakrifis la, li fè fèt la lakay li , kote li envite fanmiy ak zanmi pou patisipe (1 korent 10: 27 - 28) lè se yon moun ki pa gen mwayen , rès vyann lan ale vann nan mache piblik bay nenpòt moun ki vle achte (1korent 10:25) .Lè se fèt yon dye nasyonal oubyen yon dye patwonal kòm fèt poseyidon nan korent , se te gwo zafè. Yi te fè anpil sakrifis. Nan jou sa yo se otorite yo ki òganize fèt la nan lakou tanp Zidòl la kote diskou , dans epi gwo resepsyon ap fèt (1 kor 8: 10)
Ak latriye zidòl sa yo ki te nan korent , sakrifis t'ap fèt prèske chak jou swa pou yon dye oubyen pou yon deyès epi vyann bèt yo ofri yo nou te jwenn yo nan mache piblik , sou tab prive moun , nan restoran , nan festen , etc... Frè kretyen yo nan korent pat' kanpe sou menm bit sou kesyon vyann sa yo. Te gen anpil diskisyon pou konnen si kretyen ka achte yo epi manje yo.
Konsa tou jodi a gen fèt ak seremoni ki ògonize nan okazyon mès pou lemò , pou lezanj , pou sen patwon , pou lwa fanmiy , pou batèm ak kominyon , etc...ki konpòteman yon kretyen dwe genyen nan ka sa yo ?
III. KONPÒTEMAN KRETYEN KORENT YO DEVAN VYANN SAKRIFIS YO.
Akòz konpreyansyon yo ki te diferan sou kesyon zidòl ak sou zafè sakrifis yo ki T'ap fèt , frè yo nan korent te divize nan atitid yo ak nan konpòteman yo sou sijè sa a. Te genyen pou pipiti 3 gwoup.
A. Zidòl pa reprezante anyen
Pou yon premye gwoup , kesyon zidòl la pa reprezante anyen pou yo. Se moso lò , moso lajan , moso wòch lèzòm prepare ak aldrès yo. Pou gwoup sa , gen yon sèl Bondye ki kreye tout bagay epi tout bagay se pou li. Tout vyann se vyann , yo lib pou manje vyann san pwoblèm nenpòt kote , depi se pa bèt toufe. Yo kore rezon yo ak sa pawòl Bondye a di nan sòm 115:4-8 ak nan Jeremi 10:3-5. Zafè yon lòt k'ap fè renka.
B. Vyann ki ofri an sakrifis bay zidol souye.
Gen yon dezyèm gwoup ki kwè gen yon sèl Bondye ki kreye tout bagay. Li kreye bèt yo pou moun sèvi ak yo. Men paske pa gen relasyon ant tanp Bondye a ak zidòl , depi yin vyann te ofri an sakrifis. Pou yo menm vyann sa a souye , yo p ' ap manje l' .yo konnen Egzòd 20: 23 di : pinga n'al fè lòt Bondye an ajan osinon an lò pou nou al sèvi yo ansanm avèm epi Danyèl sèvitè Bondye te derefize manje manje ki t'ap sèvi nan palè wa Nebikadneza paske yo te ofri yo devan zidòl (Dan 1: 8) konsa , moun ki manje vyann konsa , peche
C. Moun ki gen dout nan manje vyann sakrifye pou zidòl
Gen yon twazyèm gwoup ki kwè depi yon vyann ofri an sakrifis devan yon zidòl , li pa bon pou yon kretyen manjel' .Men lè li wè frè entèl ki sanble gen plis konesans pasel' ap manje , festen an tante l' .li rantre nan manje tou ak kè sote , ak doutans nan kèl' .Bib la di: Moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a , Bondye kondanel' lè l' manjel' , paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konvisyon se peche (Rom 14:23)
KONKLIZYON : Nan leson nou jodi a nou te etidye kantite fo dye moun korent yo te konn adore epi sèvi avan yo te konvèti. Korent te chaje ak zidòl. Moun korent te konn fè gwo sakrifis bèt pou zidòl yo. Aprè yo te fin retire vyann ki te pou prèt yo, sa pou yo boule sou lotèl zidòl yo , yo te souvan al vann rès vyann nan nan mache. Kesyon vyann sakrifye pou zidòl la te divize legliz korent nan twa gwoup; sa ki ka achte epi manje san li pa peche , sa ki peche lè yo achte epi manje , ak yon gwoup ki te gen anpil dout nan kè yo lè yo manje. Ak dezakò sa yo, youn tap akize lòt. Konsa yo te ekri lapot Pòl sou kesyon an. Kote ou kanpe nan chak gwoup sa yo ?
BYENN APRANN AK ÈD SENTESPRI A 🙌🏻🙌🏻
REDAKTÈ : Josué JEAN PIERRE
EL VARÓN DE DIOS