11/08/2026
🔥ÈSKE W AP SÈVI BONDYE, OSWA W AP CHÈCHE RICHÈS NAN NON BONDYE?
Yon vrè kretyen, yon vrè sèvitè BonDye, pa sèvi BonDye sèlman pou sa li ka jwenn nan men BonDye, men li kreye pou sèvi e fè lwanj pou BonDye.
Vrè sèvitè a pa sèvi pou lajan, pou glwa, pou privilèj oswa pou fè moun konnen li. Li sèvi paske li renmen Mèt li e li vle fè volonte Li.
⚠️ Lè lajan vin tounen prensipal motivasyon sèvis la, li lè pou nou egzamine kè nou ak entansyon nou. Paske vrè sèvis la pa mezire ak kantite lajan ou genyen, men ak fidelite ou genyen nan sèvis BonDye.
🙏 Ann sèvi BonDye ak yon kè sensè, pa ak yon kè ki enterese e motive pa byen ki nan mond sa.
"Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan." 📖 — Matye 6:24