Tabarre Devant le Trône

Tabarre Devant le Trône Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Tabarre Devant le Trône, Organisation religieuse, 3, Tabarre 58, Tabernacle de Lumière de Tabarre, Tabarre.

"Tabarre Devant le Trône" est une activité spirituelle évangélique, des journées de Louanges et de Prières organisées essentiellement pour la libération de la communauté.

18/01/2026

Vin rafrechi nanm ou ansanm ak TLI

11/01/2026

Vin Beni ak TLI

12/09/2022

Tabarre devant le Trône - M'ap la, M'ap tann ou !

Mardi 13 Septembre 2022 : 7h AM - 5h PM
Tabernacle de Lumière de Tabarre (TLT) - #3, Tabarre 58 (En Face Sun Auto)

Kretyen yo, tande !Eske-n te konnen nou genyen 2 gwo BonDye ban nou ki ka ede n fè fas ak tout kalte pwoblèm komin nan a...
12/09/2022

Kretyen yo, tande !
Eske-n te konnen nou genyen 2 gwo BonDye ban nou ki ka ede n fè fas ak tout kalte pwoblèm komin nan ap konnen jounen jodi an ?
Ann tande !

Nan 2 Chronique 20, la Bib rakonte nou istwa yon Wa ki rele Josaphat ki tap fe fas a 3 lot nasyon ki fè gro kominezon ansanm pou vin pete fyèl li, se te Amonit, Moabit ak Edomit yo. Men o final BonDye delivre l a lèd de 2 bagay sa yo ke l te fè.

Jounen Jodi an komin nou Taba pa gen Amonit, Moabit ni Edomit men nou gen Ensekirite, Ensekirite, Ensekirite ankò ak tout lòt akolit li yo, bagay ki fè nou pa gen kè poze le swa, bagay ki fè manman pitit nan mare vant, bagay ki bay gason kanson dlo nan je.
Gwo gwo kominezon sou do komin nan.

Lè n sonje istwa Josaphat nan detrès li, jan l te chache fas BonDye nan lapriyè, jan li te Adore nan mitan batay lan, men tou jan BonDye te pote sekou san mezi bay pèp li, Nou di se menm bagay la nou dwe fè tou.

Lè n konnen tou nan Ezekyèl 22 v 30, se minimòm yon moun BonDye ap chache, yon moun ki kanpe nan brèch lan, yon moun ki ka kanpe devan l pou entèsede, minimòm yon moun lap chache ki ka kanpe la Priyè, ki ka kanpe pou louwe l nan mitan Problèm nan menm epi pou l bay delivrans !

Se poutèt sa kominote Kretyèn ki nan taba an deside òganize yon gran Jounen Lapriyè ak Adorasyon sou tèm : "Tabarre devant le Trône" pou nou pote komin nan bay BonDye.

Premye edisyon jounen sa ap fèt nan Eglise "Tabernacle de Lumière de Tabarre" nan Taba 58 numero 3 nan dat kap 13 Septembre 2022 soti 7è nan maten rive 5è nan aswè.

Frèm ak sèm yo lè an grav !

Tande : Nou Konvoke tout kretyen ki santi l konsène pa sitiyasyon an pou vin deklanche 2 gwo zam sa yo ki se Lapriyè ak Adorasyon epi pote komin nan devan Trone BonDye an.

Pa gen Towo ki Towo ke BonDye, Pa gen Montay ki Pi wo ke BonDye, Pa gen Tanpèt BonDye pa Kalme !

Tabarre devant le Trône - M'ap la, M'ap tann ou !
Mardi 13 Septembre 2022 : 7h AM - 5h PM
Tabernacle de Lumière de Tabarre (TLT) - #3, Tabarre 58 (En Face Sun Auto)

Adresse

3, Tabarre 58, Tabernacle De Lumière De Tabarre
Tabarre
HT6124

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tabarre Devant le Trône publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager