24/05/2026
Jenès: Klèb Avantirye TAES la fete jounen mondyal la an kreyòl
Se ak yon weekend ranpli ak aktivite an kreyòl ke "Temple Adventiste Emmanuel de Santo(TAES)" te chwazi selebre jounen mondyal avantirye yo, soti 15 pou rive 17 me 2026 lan.
Nan vandredi aprèmidi, timoun yo te deja nan espas legliz la pou fè premye pa a ak yon spesyal ouvèti saba, pou prepare jounen selebrasyon yo ki ta pral fèt anba tèm "mache avèk Jezi".
Nan saba 16 la, te genyen yon sèvis adorasyon diferan de fason sa a konn ye avan. Soti sou premye salitasyon an, pase nan chan, pou bout nan benediksyon an, tout bagay nèt te fèt nan lang tout ayisyen konprann epi pale a. Gwo amèn ki te franchi tanp lan apre chak pwen te moutre aklè asanble a te apresye sa ki tap fèt yo.
Klèb cheftèn Chinedia Fleuraguste ap dirije a pa t rete la. Fèt la te kontinye nan aprèmidi ak yon pwogram ki te batize "Festi-kreyòl ". Cho paramilitè, dans, chan, jwèt, mayi bouyi ak fresko gratis ti cheri: te genyen bagay pou soulaje lespri menmjan te genyen pou soutni vant. Gwo kout ri ak lajwa ki tap debòde sou vizaj timoun yo te fòse menm granmoun rasanble pou gade kalite manifestasyon kè kontan sa a.
Pou boukle weekend festivite a nan menm atmosfè lagete sa a, nan dimanch 17 la, dirijan ak avantirye te rasanble nan lokal lekòl Sunshine Academy, pou yon moman piknik.
Ofisyèlman, klèb Avantirye pran nesans nan lane 1972 sou non "Castor" anba kout bagèt Carole Riegel. Poutan gen lòt moun ki rapòte ke li te gentan egziste avan sa a nan peyi Ayiti sou non ARAMACO. ARAMACO ou Castor? Kiyès ki gen rezon? Kiyès ki gen tò? Antouka, gen yon bagay ki sèten: Mouvman sa a bay paran yo anpil jarèt nan edikasyon timoun yo pou fòme bon sitwayen pou jodi a ak pou Letènite.
Part #2
CP: Claude Karly EMILE
Retouche: JGED
fans
Institution Mixte Adventiste Emmanuel de Santo - IMAES
Zantray Info Plus
Impact Jeune
Société de Jeunesse du secteur IV de la MIPAH
Mission de la Plaine du Cul-de-sac des Adventistes du Septième Jour d'Haïti
J.A Connect HAITI
J.A Horizon+