16/10/2025
Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p ap janm sispann renmen nou.
Sòm 136 v 1
Èske ou pare pou w louwe non Seyè a?
Eske ou pare pou w met vwa ou ansanm an Sè Nahomie LECONTE pou di Seyè a MÈSI?
Dimanch 9 novanm, depi 3 è nan aprè midi, vin chante, vin adore, vin selebre, vin konte byenfè Bondye nan lavi w nan kokennchenn konsè aksyon lagras sa nan legliz MEBSH de côte plage (Legliz Radyo Limyè), ki chita kò l ant Côte-Plage 16 ak 18, nan je Ri Médard, #1.
Yon randevou espirityèl ou pa dwe rate !
Ant melanj estil mizikal ak yon anbyans san parèy ranpli ak gras ak lanmou Bondye, gwoup ak atis envite yo pare. Yo pare pou ofri Bondye nou an adorasyon ak lwanj li sèl merite.
Pa kite se di yo vin di w. Se la pou la!
Mache ak yon zanmi, yon fanmi, yon vwazen, yon kòlèg pou vin adore epi louwe Senyè a!
YESHUA GOSPEL HAITI AP LA!!!
GOD BLESS YOU!!!