Mission de l'Eglise Océan de Gloire

Mission de l'Eglise Océan de Gloire Byenvini sou Paj Ofisyel Misyon Legliz Oseyan Glwa a
Adrès : kwadèboukè ( Bon repo ) Rozambè # 2

Reviv atravè imaj sèvis 17 Me 2026 la Nan okazyon Dimanch Lajenès nan Misyon Legliz Oseyan Glwa ( M.E.O.G ) .Lanmou , pa...
18/05/2026

Reviv atravè imaj sèvis 17 Me 2026 la

Nan okazyon Dimanch Lajenès nan Misyon Legliz Oseyan Glwa ( M.E.O.G ) .

Lanmou , pawòl ki nouri nanm ak kè pat sispann simaye nan palè glwa a .
Jèn yo pat kite moman an inapèsi , yo te fè devinèt , jwèt ak dans pou make moman sa , ki se pa yo . pandan yo pat sispann bay Bondye glwa nan adorasyon .

Kredi foto : Valéry Ricardi


Gen kèk moman nan lavi kote pawòl pa sifi pou eksprime sa Bondye fè… kote temwayaj vin twò piti devan grandè aksyon'l yo...
20/04/2026

Gen kèk moman nan lavi kote pawòl pa sifi pou eksprime sa Bondye fè… kote temwayaj vin twò piti devan grandè aksyon'l yo.

Se nan sans sa , Fanmi Mondelus leve kanpe ak yon kè plen rekonesans pou rann Bondye glwa. Yo pa t limite yo ak pawòl sèlman, men yo te chwazi pase nan aksyon pou montre jan yo apresye fidelite Granmèt la nan lavi yo.

Atravè yon jès senp men ki chaje ak lanmou ak lafwa, yo te ofri legliz Oseyan Glwa yon jèdo kòm yon ofrann rekonesans, yon siy vivan ki montre ke Bondye pa janm bliye pitit li yo, e li toujou aji nan tan pa li.

Se pa sèlman yon kado men se yon temwayaj vivan ki pale pi fò pase mo: lè Bondye fè pou ou, rekonesans ou dwe vizib.

Ke aksyon sa a vin enspire lòt moun pou yo menm tou aprann di Bondye mèsi, pa sèlman ak bouch yo, men ak lavi yo.

Kredi foto : Valéry Ricardi

Reviv kèk sekans imaj Afwonte GolyatDepi vandredi 6 mas 2026, sou direksyon Bondye, Apòt Marcelin Jean Ducherne te lanse...
19/04/2026

Reviv kèk sekans imaj Afwonte Golyat

Depi vandredi 6 mas 2026, sou direksyon Bondye, Apòt Marcelin Jean Ducherne te lanse 7 Vandredi Afwonte Golyat pou deresinen ak dechouke tout obstak nan lavi pèp oseyan de glwa a.

Pandan 7 Vandredi sa, nou te leve kanpe pou afwonte tout “Golyat” yo: lamizè, paka peye kay, paka fè komès ak pwoblèm fanmi. Chak vandredi te yon batay, men Bondye te toujou prezan pou bay fòs ak viktwa.

Yè te make dènye vandredi a, kote Bondye deklare fen plizyè Golyat.

Koulye a, nou antre nan yon nouvo sezon.

Vandredi kap vini la, vini pou selebre viktwa sa avèk nou.
Paske Golyat tonbe… Triyonf la se pou nou.

Kredi foto : Valéry Ricardi




Reviv atravè imaj sèvis 12 Avril 2026 la Nan okazyon Dimanch fèt Dam nan Misyon Legliz Oseyan Glwa ( M.E.O.G ) .Jan sa t...
14/04/2026

Reviv atravè imaj sèvis 12 Avril 2026 la

Nan okazyon Dimanch fèt Dam nan Misyon Legliz Oseyan Glwa ( M.E.O.G ) .

Jan sa toujou ye sèvis sa te chaje ak adorasyon , pawòl konstriktif ki nouri kè ak nanm chak oseyanè.

Kredi foto : Valéry Ricardi

13/04/2026

Achiv Apòt nou M. Jean Ducherne nan legliz le Fondement

Reviv an imaj sèvis 5 Avril 2026 la Yon jounen vrèman sakre, plen emosyon, rekonesans ak benediksyon . Nou te reyini ans...
06/04/2026

Reviv an imaj sèvis 5 Avril 2026 la

Yon jounen vrèman sakre, plen emosyon, rekonesans ak benediksyon . Nou te reyini ansanm pou selebre Pak, yon moman ki raple nou viktwa lavi sou lanmò , limyè sou fènwa .

Sèvis la te chaje ak adorasyon, pawòl ki manyen kè, ak yon atmosfè espirityèl ki te fè nou santi prezans Bondye nan chak segonn. Se te plis pase yon sèvis… se te yon eksperyans ki make nanm nou.

Chak souri, chak chante, chak priyè te temwaye lanmou ak inite ki genyen nan mitan nou. Nou pa t sèlman selebre, men nou te renouvle lafwa nou ansanm.

Kè nou toujou plen rekonesans pou sa Bondye fè ak sa Li kontinye ap fè.

Foto : Valéry Ricardi

29/09/2024

different dans une différence

29/09/2024

Le mépris ne determine pas ton avenir

24/09/2024

Celui qui se détache de ses racines, finira par mourir.

21/09/2024

Pour bien vivre, il faut prendre le contraire de tout ce qui est contraire dans ta vie.

Adresse

Bonrepos
Port-au-Prince
509

Téléphone

+50932528282

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mission de l'Eglise Océan de Gloire publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Mission de l'Eglise Océan de Gloire:

Partager

Type