24/03/2020
CONFÉRENCE HAITIENNE DES RELIGIEUX/SES
Rue M, # 13 (Turgeau), Port-au-Prince, Haïti Tél. : (509) 38 23 36 96; 40 77 80 32
«Fè tout sa li di n fè, lè a sonnen ! » (cf. Jan 2,5)
Pòtoprens, vandredi 20 mas 2020
Tout Konsakre nan peyi d Ayiti yo,
Frè ak sè n yo
Nan kad preparasyon n ap fè pou nou fete fèt Pak la, n ap fè fas kare ak gwo pandemi COVID-19 la k ap ravaje mond lan. Lapèrèz, panik ak anksyete anvayi kè ak lespri tout moun.
Tankou gason ak fanm ki plen esperans, kretyen, konsakre e angaje k ap swiv Jezi, moman an rive pou n bay temwayaj lafwa nou ak angajman batèm nou. Nou pa dwe kite lapèrèz ak panik anvayi nou. Yon kote, nou dwe obsève tout modòd ak mezi otorite Leta a bay ki kapab rive jis nan mande nou rete nèt lakay nou, si sa nesesè; epi yon lòt kote, remèt tout nou menm bay Jezi Kri Granmèt nou, sovè nou an, nan lapriyè.
Nan sans sa a, nou apiye tout mezi Evèk nou yo deja pran sou sa ki konsène rasanbleman fidèl yo nan kontèks pandemi COVID-19 la. Fè anpil jefò pou nou mete yo an pratik yon fason kòrèk nan fanmi nou yo, nan fwaye yo, nan sant sante yo, nan kay fòmasyon yo, nan kominote lokal yo ak tout kote n ap viv epi n ap travay. Men, viris COVID-19 la pa dwe fè nou bliye tout lòt viris k ap ravaje sosyete nou an, tankou : povrete san parèy, lamizè kronik, chomaj, ensekirite, konpòtman manfouben, salte, moun nou jwenn pil sou pil nan mache piblik yo ak nan transpò piblik yo; san n pa pale sou bidonvil yo kote moun ap viv tankou sadin youn sou lòt.
Nou frape pòt konsyans tout reskonsab ak dirijan nan peyi a, nan tout nivo, yon fason pou nou pwofite kriz san parèy sa a pou nou mete tout sa nou genyen ak tout sa nou ye ansanm pou nou fè tout moun konprann sityasyon grav sa a n ap viv jounen jodi a dwe pouse nou viv nan solidarite ak tèt ansanm tankou yon sèl kòt fanmi. Se pou sa :
- Nou mande epi egzije yon kanpay serye tout kote pou sansibilize epi ede moun yo pran konsyans pou nou viv nan tolerans, pou youn aksepte lòt, pou gen solidarite epi pou nou pa rejte moun ki enfekte ak KOWONAVIRIS la.
- Nou mande epi egzije pou genyen bon jan estrikti pou akeyi tout moun ki enfekte, « pit kon mawon, zannana kon pengwen ».
- Nou mande epi egzije pou gen yon operasyon netwayaj pou dezenfekte peyi a nan tout kwen.
- Pou fini, nou mande epi egzije, nan Non Bondye Papa a, yon èd finansye ak lamanjay pou kouch moun ki pi pòv yo, pi defavorize yo e pètèt se yo menm ki pi frajil, pi fasil pran gwo maladi sa a (Kowonaviris) epi mande moun sa yo rete fèmen lakay yo san èd se kòmsi ou ta mande yo touye tèt yo.
Nan moman sa a, nou envite tout konsakre yo ak tout pèp Bondye a, lapriyè Bondye Papa a pou kè sansib li a blayi sou tout peyi d Ayiti, pou pwoteje tout konpatriyòt nou yo ak bon kalite lapriyè k ap ede lafwa nou vin pi solid. Ann pa kite panik anvayi nou, ann chèche pran reskonsablite nou pito, epi kòm pwovèb la di: « prekosyon pa kapon ».
Se pou manman Pèpetyèl Sekou, manman nou, kontinye veye sou nou, sou peyi a ak sou tout nasyon sou fas tè a.
Biwo CHR
15 rue M, Turgeau
Pòtoprens, Ayiti
20 mas 2020