28/11/2025
NOTE DE REMERCIEMENT ET REPRISE DES ACTIVITÉS
Eglise de Dieu de Nazon salye tout manm ak zanmi Legliz la ki twouve yo tout kote sou tè a.
Nou remèsye tout moun ki te panse ak nou nan moman difisil ke legliz la ap travèse nan dènye mwa sa yo, mèsi pou priyè nou, sipò finansye ak sipò moral nou te pote bay tout responsab ak manm Legliz la.
Yon remèsiman espesyal pou Pastè Louis Destinval ak tout ekip kap dirije Eglise de Dieu de Boulard ki te louvri pòt yo byen laj bay Legliz Nazon pou yo te kapab kontinye adore Bondye pandan ke pòt lokal pa nou te fèmen, nou pap bliye remèsye tou komite Eglise de Dieu Distri pòtoprens ès la ki te pote anpil sipò pa yo pou te fasilite demach sa. Bondye ap kontinye beni nou byen beni.
Nou pwofite anonse gran piblik la, manm ak zanmi Legliz la ke aktivite yo ap reprann nan lokal legliz la ki chita nan nazon, Ave Martin L. King 30 Novanm kap vini la.
Tout aktivite nou yo pral reprann nan lokal pa nou an gradyèlman : Service Sainte-cène, Culte du dimanche, Jeune Lundi matin, Service de consecration Mardi soir, Etude Biblique Mercredi soir. Service de priere d'adoration et de louange Jeudi soir, Jeune VENDREDI POTE PLENT, Veuille de Prièrz aux Pieds du Maître Lundi soir, elatriye.
Pandan nap kontinye ankouraje w rete nan la fwa nan moman difisil peyi nou ap travèse, pa bliye Jezi pa lwen retounen, kenbe fè m nan pye Bondye pou w pa rate syèl ou.
La Direction de l'EDN!