Mouvman Kiwo AYITI

Mouvman Kiwo AYITI Mèsi paske w vizite paj ofisyèl Mouvman an. pou plis ankourajman envite yon lòt vin fè menm Jan avèk ou ! KIWO NAN NANM...

Nou envite w kounya menm kite yon Like epi abòne pou w kapab swiv tout bèl aktivite kiwo yo tout kote w ye nan mond lan.

24/05/2026

*Dimanch 24 me 2026/ Selebrasyon fèt Lapannkot*

*Refleksyon sou Levanjil Jan chapit 20, 19-23*

Nan dimanch la Pannkot la, Levanjil la ap envite nou pou n kontanple Lesprisen an kòm yon Souf lapè, Souf rekonsilyasyon ak misyon. Jezi ki leve byen vivan nan mitan mò yo vin transfòme laperèz patizan l yo nan yon kè kontan san parèy.

Men kèk pwen kle k ap ede n nan refleksyon nou an:
1). *Lesprisen an devan laperèz nou yo* :

Pòt kay kote disip yo reyini yo fèmen aklè akoz laperèz ki te anvayi yo. Jezi pa tann yo gen kouraj pou leve tèt yo; li vini nan mitan laperèz yo.

Men ki mesaj li pote pou nou: Dout nou yo, laperèz nou yo ak limit nou yo ki menase nou yo pa ka sèvi kòm baryè pou Kris la. Li vini rankontre nou nan *"Pòt fèmen"* nou yo pou l ofri nou lapè li a.

2). *Souf Kreyasyon ak Padon an* :
Jezi "soufle sou yo" epi li di: "Resevwa Sentespri a." Jès sa a fè n sonje istwa kreyasyon an (Jenèz 2:7), kote Bondye soufle yon nouvo lavi nan limanite.

Mesaj li pote pou nou sèke Lespri a refè nou nèt nan tout nou menm sitou anndan kè nou, li chanje nou. Lè Jezi padone peche nou yo, li libere nou , li fè nou sòti nan eta koupab nou te ye pou l fè nou tounen moun kòrèk epi li bannou fòs pou nou padone lòt yo tou konsa nou vin tounen moun k ap travay pou lapè.

*Soti nan prizon rive nan misyon* :
3).Kris la montre disip li yo kote l te blese yo, li transfòme laperèz yo nan lajwa. Touswit apre yo fin resevwa Lespri a, li voye yo al fè misyon pou li *“Menm jan Papa a te voye m nan, se konsa mwen menm tou mwen voye nou.”*

Men mesaj li voye pou nou: Pannkòt se pa yon evènman ki rete sou plas men se yon nouvo depa, se yon lòt oryantasyon li pote pou nou, yon lavi tou nèf . Lespri a desann sou nou pou n rive soti nan zèz nou yo, nan gwo chato nou yo , nan lògèy nous yo, nan konpòtman granpanpan nou yo pou ka ale pwoklame Levanjil la bay tout moun toupatou sou fas tè a.

*Bòn fèt Pannkot ! Bon dimanch! Bòn refleksyon !*

Bon Dimanch Pannkot🫠Bòn fèt seksyon ASPI🧡 fans Mouvman Kiwo AYITI Fimcap
24/05/2026

Bon Dimanch Pannkot🫠
Bòn fèt seksyon ASPI🧡
fans Mouvman Kiwo AYITI Fimcap

23/05/2026

Pran pa w la kounya🤩
Pa tann kat yo fini sou nou🔥🔥🔥😩
fans Mouvman Kiwo AYITI

23/05/2026

Emisyon espesyal

23/05/2026

Antèman dirijan Asgens SIMON

23/05/2026

Se wikenn pannkot. An n chante ansanm;
O lespri sen vini non.... !

Fini l nan kòmantè a

23/05/2026

Nap an dirèk maten an nan Antèman tokay Nou Asgens a 8h:00

23/05/2026

Adorasyon Sen Sakreman

23/05/2026
23/05/2026

Sware Pannkot Kiwo Achidyosèz Pòtoprens

Adresse

56, Angle Rue Piquant Et Lammare
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mouvman Kiwo AYITI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Mouvman Kiwo AYITI:

Partager