21/04/2024
Frè ak sè nou nan Kris la,
Nan non presye Sovè nou Jezikris, nou salye ou.
Nou ekri mesaj sa a pou fè w konnen sa pral fè anviwon 2 mwa, depi Paroisse Epiphanie, menm jan ak anpil moun ak lòt enstitisyon nan zòn Bas peu de chose oblije kouri kite kay yo pou rezon ensekirite k ap fè laraj nan zòn nan. Se rezon sa a ki fè w pa resevwa jan sa konn fèt retransmisyon sèvis nou yo, an dirèk, sou paj sa a.
Men malgre defi sa yo, nou toujou vivan epi nou kontinye sèvi ak lòt platfòm ki pi piti tankou gwoup WhatsApp ak Google Meet pou sèvis nou yo. Nou reyini chak dimanch, a 7h30, sou Google meet epi mèkredi, pa Whatsapp, soti 6h00 pou rive 7h00, nan aswè, pou lapriyè.
Nou mande ou kontinye lapriyè youn pou lòt ak lespwa, nan yon tan ki pa two long, w ap kapab rejwenn nou sou menm paj sa a pou kontinye fè louwanj pou Kris resisite nou an.
Resevwa salitasyon Kretyèn nou.
Pawas Epifani | 21 avril 2024.