Première Eglise Evangelique Baptiste d'Anse-Rouge

Première Eglise Evangelique Baptiste d'Anse-Rouge L'eglise

07/11/2024

Pou yon rezon ou pou yon lòt dòmi potko ka pran m, poutan madanm mw te gentan ap ronfle bò kote m nan. Se konsa yon mesaj moute sou ekran telefòn mw, se te yon demand dami sou fesbouk kem te kouri aksepte. Yon ti mesaj moute

_Hello ti makak de mwa
_Ou konnen m?
_Yon ansyen zanmi nou apèn di m ke w marye, poutan mw pa janm sispann renmen w.

Se te yon ex mw, yon fanm ke m te renmen anpil men ki pat bay lanmou m enpotans. Li te toujou panse m trò renmen l pou m ta kite l yon jou, sa koz li te konn neglije m, tronpe m ect…. Nomalman se toujou konsa lèw renmen yo yo pa konprann ou. Li vin kòmanse ap voye yon pakèt foto l pou mw, fòk mw di nou li pi bèl fanm tou ke madanm mw. Men ak madanm mw m gen lapè, vagabon pap lonje dwèt sou mw, m pa nan rele zanmi pou jije m ak menaj mw vire tounen, an gro madanm mw se tout sa m te ka bezwen.

Depi lè l fin di m ke l toujou renmen m nan m pa reponn ankò, men li te kontinye ap ekri kontinye ap voye foto kontinye ap raple m bel moman ke nou te konn pase ansanm. M depoze telefòn nan, epi m ap gade madanm mw kap domi bò kote m nan. Respirasyon l dous menm jan avè l, m amize m ap gade jan l ap vire sou kabann nan, jan l sanble te fatige pandan jounen an ak presyon kay la paske madanm mw se fam o fwaye. Map imajine jan madanm konn fyè pou l di moun ke m pa janm tronpe l, jan madanm mw te alèz lakay paran l jan frè ak sèl yo renmen l. Li kite tout konfò sa pou l vin viv avè m. M repran telefòn nan epi m bloke limena.

Nuit lan te jèn, m leve tèt madanm mw met sou lestomak mw epi m domi jouk li jou. Gen fason yon fanm devwa pou l viv avè w ou pa al chèche pyès ranvwa pou vin kraze sa nan men w. M ret fidel ak madanm mw jouskaske li menm li sispann banm rezon pou sa. Maryaj mw se youn nan pi gro reyalizasyon m, se bagay ki fèm grandi ki fè m moun, ki fèm wè lavi yon lòt jan. M pap boukante l pou anyen.

15/10/2024

Yon dam kite gen on sèl grenn pitit, ti pitit la te gen 4ans, yon samedi swa pandan yo al dòmi aprè yo fin priye, nan dimanch maten fi a leve lèl souke tipitit la , ti pitit la rèd. Sèl grenn pitit li an mouri frèt. Li sezi lipa konn sa poul fè. Li ale nan douch li benyen epil benyen ti mò a li metel kouche aprè ontitan li menm li met rad sou li li fèmen pòt la, lal legliz.

Lèl rive lipa di ni Pastè an, ni okenn frè, sè legliz anyen. Li just antre lap chante, lap danse, lap louwe, lap sote, de menl anlè lap adore pagen moun kite ka sispèk anyen tèlman fi an tap sekwe kòl devan Senyè an. Aprè adorasyon an fini yo tande on joure devan legliz la, pil moun gentan fè 2 ran. Lè pastè a sòti li jwenn vwazen fi a ak tipitit la nan menl kap kriye epi vwazen an ap joure lidi:: nou menm moun legliz sayo kijann fè mechan konsa, pou fidèl ou an gen kè vre i take on timoun anndan kay poul ka vin legliz... Pastè a te sezi li rele fi a deyò a poul dil kòmanl fè fèsa.. Se lè sa fi a rive deyò a lap kriye, fi a ap di tout moun se mouri pitit lan te mouri, Bondje pal la retounen bal grenn pitit la... Ni vwazen an, ni tout moun kite gentan vin veye zen yo tout tou antre anndan legliz pou yo aksepte Bondje sa.. Adorasyon an te relanse, se dife kitap leve anndan legliz sa.

Tem diw pafwa sepa aji Bondye pata aji menw gentan fè tròp tole a problèm ou an, ou gentan moutre tròp moun feblès ou, kote fwaw? Poukisaw fèb konsa pandanw konnen gen on Bondye ki pap janm lagew.. M' swetew posede lafwa dam sa, m' swete mèt travay la jourew poulap diw dat sa sak fèw ap mache apye konsa, m' swete anbasad jourew pou yo diw dat sa kotew te ye a paspò sa, m' swete doktè jourew pou yo diw dat sa ou ansent oupat janm vin wè doktè? M' swete direktè université a jourew poul diw dat sa ou pase oupa janm vin pran bilten, m' swete mèt kay la jourew poul diw dat sa yo peye kay sa pou ou oupa janm vin pran kle a, m' swete mèt travay la jourew poul diw dat sa nap tann CV a epi se konnyaw potel, m' swete doktè a jourew poul diw dat sa kansè a, fribòm nan, kis sa, fonn saw vin chache kay doktè la, m' swete Bondye kòmanse fè mirak ou an pou ou pandan wap pataje benediksyon sa, pandan wap kòmante Amen..🙏🏾🙏🏾🙏🏾
Pa bliye j'aime(like) page sa
Epi Pataje Post sa Siw Renmenl .....

02/08/2024

Gen moun ki kitew ak respè, kelkeswa jan separasyon an ta fèw mal ou konprann li ni tou ou pap kenbel sou kè. Men gon lòt kategori moun lèl ap kitew ki bliye siw se moun siw te bon pou li si pandan yon epok ou te tout pou li. Se tankou avanl ale li bouradew, voyew jete krache sou epi frape pòt li byen fò, li pa kontantel selman poul ale men poul mache bay chak moun li kwaze yon fo istwa sou ou pran pòz viktim poul ka pase pou pi bon.

Otomatikman ou dakò rebat kat la ak moun sa pou yon rezon ou pou yon lòt ou sispann moun, ou prouve tout moun tout moun li tap di koze sou ou yo kew gen ke vre e pafwa menm japew jape. Toujou konnen ke gen kèk moun ki ka gen plas yo nan memwaw nan istwa men jamè nan viw ankò. Padone pa vle di bliye.

01/05/2022

Bon dimanche

20/02/2022

Annoncer, partager la parole vivante divine

Adresse

Angle Rues Ravine & Gondive
Petite Rivière De L'Artibonite

Téléphone

+50933634663

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Première Eglise Evangelique Baptiste d'Anse-Rouge publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Première Eglise Evangelique Baptiste d'Anse-Rouge:

Partager