21/09/2018
Ak Bondye n'ap fè bèl bagay
Anpil fwa, nan moman nou ap reflechi sou lavi-a, sou sans li genyen, sou sa li sanble, nou konn gen tandans konpare li ak yon chimen kote chak moun ap vanse nan fason pa li, nan vitès pa li. Nou toujou prèske tonbe dakò ak lide ki ta vle fè kwè ke sou wout sila-a, chak kalfou, chak koridò diferan, paske kote ou pase jodi-a, ou pa p’ janm pase la ankò. Poutan, si nou pran titan pou fè tèt nou travay, nou ap rive konprann ke nan anpil sans, lavi-a ta pito sanble ak yon toupi k’ap vire touwon.
Eseye repase lavi pa w’ nan tèt ou pou yon titan. Eseye gade kisa ki sable nan jou yo !! Nan semèn yo !! E nan mwa yo !! Pou pifò moun, se toujou menm bagay yo k’ap plede repete pa vre !? Leve a menm lè-a, fè menm wout yo pou ale menm kote-a, fè menm travay yo, gen menm abitid yo, fè menm peche yo. Moun ki li nan gwo liv yo rele sa woutin. Yo defini woutin kòm tout fason moun panse osinon aji ki vin mekanik. Sa vle di yon kantite bagay youn dèyè lòt, depi ou koumanse premye-a, tout rès yo ap suiv san ou pa fè efò pou sa.
Yves Thériault, se yon ekriven lavil Kebèk ki panse ke sa terib pou se woutin ki fè lavi yon moun sèlman. Paske tout bagay ap woule jan yo abitye woule, nan kòmansman, moun nan va santi l’ byen, ansekirite, Men sanzatann, l’ap rive yon kote l’ap reyalize lavi l’ vid, san okenn sans.
Se vre, gen bon abitid nou dwe bay tèt nou nan pwen pou yo tounen woutin nou. pa egzanp, priye epi medite pawòl Bondye chak jou, bay detwa blag ak moun ki pwòch nou chak fwa okazyon-an prezante, etc… Men, woutin nan vin tounen yon move bagay, lè li fè ou rete nan menm eta-a, san janm panse pote amelyorasyon nan moun ou ye jodi-a pou ka pote plis bon bagay pou tèt ou, fanmi w’, ak sosyete-a demen.
Sa mande anpil kouray ak volonte pou soti nan woutin ki pa bon-an, e yon ti kout je sou sosyete-a ap pèmèt ou konprann sa vit vit. Yon bò, demakonnen ak yon abitib k’ap pran rasin depi plizyè lane, se pa yon bagay fasil !! Paske, gwo konèsè yo di konsa, sa ki fè yon moun pa kab kanpe sou nenpòt vye pratik, sanble anpil ak sa ki fè yon moun pa ka kite dwòg la. Sa vle di, gen koub nou pran ak lavi nou ki ka parèt pa twò grav pase sa. Poutan, yo gen koneksyon ak gwo falèz. Pa egzanp, nou ka site tandans pou gaspiye tan sou telefòn osinon tablèt. Yon lòt bò, woutin ki bride lavi nou yo, se souvan fason lasosyete panse ki bay yo. Pa egzanp, anpil jèn chwazi yon metye pou fè paran plezi pandan ke sa yo ta renmen fè nan lavi yo-a, rete nan tiwa. Osinon, anpil moun pa eseye kèk aktivite, paske sosyete-a fè yon santi kote yo soti-a pa kadre ak sa. Rezilta tout bagay sa yo, se yon bann moun k’ap Mennen yon vi vire touwon, ki pa vrèman ap vanse.
Mwen konn yon moun ki renmen di : se je ki kapon, li toujou wè tout bagay anpil. Poutan depi ou met men, ak pasyans epi kouray, piti piti, w’ap reyalize nenpòt bagay. Bib la menm di nan eklezyas 11:4, si w’ap gade sou van, ou pa p’ janm plante. Si w’ap gade sou nyaj, ou pa p’ janm ranmase rekòt. Epi nan Som 60, li di ak Bondye, n’ap fè bèl bagay.
Kidonk, an nou sispann gade jan bagay yo difisil. An nou gade kijan yo posib.
- An nou gade kijan li posib ak travay di epi disiplin pou nou reyisi
- An nou gade kijan li posib pou nou reyisi fè sa nou te tou jou anvi fè-a, menm si li difisil
- An nou gade kijan li posib pou nou viv jan Bondye vle l’ la
Paske Bondye pwomèt nou menm si yon manman ta bliye bay pitit li tete, nou menm l’ap toujou bò kote nou.
Pou fini, n’ap kole de vèsè nou sot di talè-a. nou priye pou Bondye beni w’ ak pawòl sa yo :
Si w’ap gade sou van, ou pa p’ janm plante. Si w’ap gade sou nyaj, ou pa p’ janm ranmase rekòt. Men ak Bondye, n’ap fè bèl bagay.