03/05/2018
Politik pa ka chanje mond lan paske politisyen ap chache satisfè tèt yo, fanmi ak zanmi yo. Pou ayiti menm sa pirèd paske nèg kap fè politik isit yo pa politisyen. Se sèlman inisyativ pozitif ki ka chanje ayiti ak tout mond lan. Plante plant se yon bou bagay ki nan enterè tout moun sou latè beni paske yon pye bwa ka bay 14 moun anviwon oksijèn pou byen respire men konbyen moun kap vin mete men nan travay sa a ONADHAS ap fè nan lakou bon repos. Épi tou konbyen moun kap kontribye adistans pou bon travay sa a kontinye nan l'IDE pou patisipe nan rezoud pwoblèm rechofman klimatik la. Komite ONADHAS bezwen èd tout moun kit yo prè kit lwen.