Paroisse Ste Thérèse de Berquin

Paroisse Ste Thérèse de Berquin pastoral et évangélisation

LUNDI 30 SEPT 2024GWO PWOSESYON NAN OKAZYON FÈT SENT TERÈZ MANMAN LAFWA.                       4 È TAPAN PM
25/09/2024

LUNDI 30 SEPT 2024
GWO PWOSESYON NAN OKAZYON FÈT SENT TERÈZ MANMAN LAFWA.
4 È TAPAN PM

20/04/2024

Jou sa anpil gras ak benediksyon pra'l tonbe, nou tout ap jwenn ak manman Fatima....!

15/04/2024

Avèk manman Fatima pa gen pa jwenn !

. Manman Fatima Manman delivrans Ayiti nan men'w !

03/04/2024

Avèk Manman Fatima, pa gen pa jwenn.

03/04/2024

Yon sèl randevou...vandredi 10 mai 2024

26/02/2024
22/02/2024

MIRAGOÂNE



Bureau du Vicaire Général
1, rue Goin, Anse-à-Veau, Haïti
Angle Rte nationale 2 et rue Fond Jean Simon, Miragoâne, Haïti
[email protected]

NEUVAINE DE PRIERE EN SOLIDARITE AVEC MGR PIERRE-ANDRE DUMAS
DU 22 FEVRIER AU 3 MARS 2024
(Version française)

Chers confrères prêtres, chers religieux et religieuses,
Sœurs et frères bien-aimés,

​Le 22 février 2024, en la fête de la Chaire de St Pierre, notre Évêque, Mgr Pierre-André DUMAS, célèbrera le 21ème anniversaire de son ordination épiscopale. Malheureusement, il est actuellement hospitalisé pour faire soigner des brûlures graves causées par une explosion dans sa résidence à Port-au-Prince dans la soirée du 19 février.
​Comme président d’honneur de « RELIGIONS POUR LA PAIX HAITI » (RPPH), Mgr Pierre-André DUMAS devait participer durant la journée du lundi 20 février à une rencontre de la société civile avec le pouvoir en place pour trouver une solution pacifique à la longue crise qui ne cesse de s’aggraver dans notre pays. Dans ce contexte, il a été demandé aux instances judiciaires et policières de mener une investigation pour déterminer l’origine de cette explosion qui a failli coûter la vie à Mgr Pierre-André DUMAS.
​‘‘ Un membre souffre-t-il ? tous les membres souffrent avec lui’’ (1 Cor. 12,26). Dès l’annonce de cette triste nouvelle, le Secrétariat permanent de la Conférence des Evêques catholiques d’Haïti (CEH) a appelé tous les prêtres, les religieux et religieuses et les fidèles laïcs à s’unir dans la prière pour implorer les grâces du Seigneur sur Mgr Pierre-André DUMAS. Dans ce même esprit, nous invitons tous nos confrères prêtres, spécialement les curés, à organiser dans toutes les communautés paroissiales du diocèse d’Anse-à-Veau et Miragoâne, une NEUVAINE DE PRIERE, DU 22 FEVRIER AU 3 MARS 2024, POUR LA GUERISON DE MGR DUMAS. Nous adresserons également nos supplications et nos demandes au Seigneur pour la guérison des millions d’haïtiens et haïtiennes qui souffrent atrocement dans leur corps, leur cœur et leur esprit à cause des multiples explosions de violence criminelle qui ravagent notre peuple depuis trois ans dans tous les départements géographiques de notre chère Haïti.
​En ce temps d’épreuve, que St Pierre, Apôtre et Martyr, intercède pour nous pour que l’Esprit-Saint raffermisse notre foi, réchauffe notre espérance et dynamise notre amour. Notre Dame du Perpétuel Secours, priez pour nous, secourez Haïti et secourez le monde entier !

Paix et Joie !
​​​​​
​​​​​​​​​p. Yves VOLTAIRE, v.g.




NEVÈN LAPRIYÈ NAN SOLIDARITE AK MGR PIERRE-ANDRE DUMAS
SOTI 22 FEVRIYE RIVE 3 MAS 2024
​​​​​​​​​ (Vèsyon kreyòl Ayisyen)
Konfrè Pè nou yo, Chè Sè ak Chè Frè yo,, Sè ak Frè nou renmen anpil yo,
​Jedi 22 fevriye 2024 la, nan fèt Fotèy Sen Pyè a, Evèk nou, Mgr Pierre-André DUMAS, ap fete 21èm anivèsè òdinasyon li kòm Evèk nan Legliz Katolik. Malerezman, kounye a li kouche sou kabann lopital pou doktè pran swen kote li boule gravman grav nan kò li yo akoz yon eksplozyon ki fèt nan kay kote l rete Pòtoprens lan nan sware 19 fevriye a.
​Kòm Prezidan pou Lonè « RELIJYON POU LAPÈ AYITI » (RPPH), Mgr Pierre-André DUMAS te gen pou li al patisipe nan lendi 20 fevriye a nan yon rankont kèk òganizasyon nan sosyete sivil la ak chèf ki sou pouvwa kounye a yo , dekwa pou yo chache jwenn yon solisyon pasifik pou kriz twò long, ,k ap vin pi grav chak jou e k ap boulvèse Pèp nou an. Se nan kontèks sa a, nou mande responsab lajistis ak lapolis yo pou yo mennen yon ankèt prese prese pou yo jwenn kisa ak kilès ki lakòz kokennchenn eksplozyon sa a ki manke touye Mgr Pierre-André DUMAS a.
​« Epi se konsa : si yon sèl manm ap soufri, tout manm yo pran soufri tou ak li » (1Kor. 12,26). Depi lè li te anonse nouvèl tris sa a, Sekretarya pèmanan Konferans Evèk Katolik Ayiti yo (CEH) te mande tout Pè yo, chè Sè yo, Chè frè yo ak fidèl Layik yo pou yo fè yon sèl nan lapriyè pou mande favè Granmèt la desann sou Mgr Pierre-André DUMAS. Se nan menm lespri sa a,nou envite tout konfrè Pè nou yo, espesyalman Kire yo, pou yo òganize nan tout kominote pawas nan dyosèz Ansavo ak Miragwàn lan , yon NEVÈN LAPRIYÈ SOTI 22 FEVRIYE RIVE 3 MAS 2024, POU GERIZON MGR DUMAS. Nap rele nan pye Granmèt la toujou pou nou mande l gerizon tou pou pakèt milyon Ayisyen ak Ayisyèn parèy nou kap soufri anpil doulè nan kò yo, nan kè yo ak nan lespri yo akoz bann ak pakèt eksplozyon kriminèl kap ravaje Pèp nou an espesyalman depi twa zan, nan tout depatman jeografik Ayiti cheri nou an.
​Nan tan gwo doulè sa yo, se pou Sen Pyè, ki Apot ak Mati, lapriyè pou nou pou Lespri Sen an ranfòse Lafwa nou, chofe Lesperans nou epi ogmante dife Renmen an nan nou. Manman Notre Dame du Perpétuel Secours, lapriyè pou nou, pote Ayiti sekou epi pote tout peyi sou tè a sekou !
​Kè poze ak Kè kontan !
​​​​​​​​p. Yves VOLTAIRE, v.g.

23/01/2024
14/01/2024
30/10/2023

Adresse

Berquin
Miragoâne

Téléphone

+50936106300

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Paroisse Ste Thérèse de Berquin publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Paroisse Ste Thérèse de Berquin:

Partager