04/04/2023
Mèt Rodrigue Dumas, poze yon kesyon ki atire atansyon mwen. Mwen ap pote yon eleman repons , pandan map tou pwofite elaji entèwogasyon an. Nan zafè banditis ak zam ilegal an ayiti yo arete polisye, komisè gouvènman, avoka (sitou bawo potoprens), anplwaye legliz episkopal (pè ak layik). kom mèt la deja poze kesyon an nan ka legliz episkopal, mwen ta anvi mande ki mal pèp ayisyen an fè la polis ? ki mal pèp ayisyen an fè bawo potoprens ? ki mal pèp ayisyen an fè lajistis ? e poum fini nan entèwogasyon an ki mal pèp ayisyen an fè leta ayisyen ?
mwen panse li tap two senplis si mwen ta fè li konsa. avan mwen elabore banm sitiye mwen pouw ka konprann.
mwen se yon pè episkopal, mwen odone nan lane 2009. nan mwa dawout (4 dawou) 2021 mwen ak madanm mwen kidnape nan komin kwadèboukè an ayiti, bandi apovri nou, nou twomatize, nou oblije kite lakay nou nan yon premye moman, answit kouri kite peyi a. fanmi ak zanmi ki konnen mwen pat janm imajine mwen tap kite peyi sa a. map vwayaje lontan sitou nan peyi etazini, men se sèlman an 2016 mwen te rive fè 2 semèn la. tout lot vwayaj mwen etann sou 1 semèn epi mwen tounen ayiti. nan lane 2012 yon evèk an france pwopoze mwen vin travay nan dyosèz li pandan mwen te gen poum al etidye nan inivèsite strasbourg. mwen te refize, paske mwen te vle bay kout men pam nan peyi dayiti. a kote sa mwen sibi anba men moun anndan legliz la, parapo ak sitiyasyon ensekirite jeneralize ki gen nan peyi a, nan chè mwen ak diyite mwen, mwen konn doulè sa ayisyen ap viv la.
poum tounen sou kesyon ou an map di legliz episkopal pa fè pèp ayisyen an okenn mal, e pèp ayisyen an pa fè legliz episcopal okenn mal menm jan tou pou bawo potoprens, menm jan tou pou lot enstitisyon tankou la polis ak lajistis.
men tankou tout enstitisyon, legliz episkopal gen misyon li klè: se preche nouvèl renmen kris la. li pagen misyon trafik zam ni okenn lòt misyon. toutfwa kom enstitisyon, se moun ki fè li, e kèlkeswa dispozisyon ou pran nan rekrite moun yo, ou pap ka detèmine alavans entansyon yo. chak moun kap travay nan yon enstitisyon gen pwop anbisyon yo. anpil fwa genyen ki genyen anbisyon demezire, kap detounen misyon enstitisyon an nan benefis pa yo.
kòm moun avize, mwen kwè lèw poze kesyon an se pa paske ou kwè legliz gen misyon sa a, men se etone ou etone ke moun ki anndan legliz la, an plis kòm pè, rive enplike nan zak sa yo. se la tou etonman pa mwen.
kisa mwen ak ou ka fè paske nou tou 2 fè pati yon ko ki gen manm (a to ou a rezon) ki epengle nan zafè zam ilegal kap sikile nan peyi a e kap apovri, andeye fanmi yo ?
labib di : « la justice élève une nation ». mwen pa konnen siw kwè nan labib (pa enpotan nan deba sa a), men kòm avoka mwen konnen ou konn sa. mwen ak ou swete wè lajistis kapab bare je li e mete men nan kòlèt tout bandi: a sapat, a kravat, a soutan, a tòj, elatriye, pou yo peye mal yo fè sosyete a. mwen ak ou konnen pi gwo mal ayiti se enpinite a. donk pou nou rive sòti nan sa nou ye a, kèlkeswa sektè nou ladan se wè enpinite a kaba, tout sitwayen jwi dwa yo e peye pou tout enfraksyon yo komèt. se sèlman konsa nap reprime move konpòtman nan sosyete a.
jodi a mwen ak ou kapab kritike desizyon ki te demobilize lame dayiti. men moun ki te pran desizyon yo te baze sou aksyon moun, yo pat entèlijan ase pou fè diferans ant endividi ak enstitisyon. legliz episkopal se yon enstitisyon, li merite respè menm jana k tout lot ensitisyon yo. men moun kap travay ladan yo ka fè deriv. devwa enstitisyon yo se kolabore ak lajistis pou endividi yo pini selon lalwa. paske enstitisyon yo pa gen enterè nan afebli lajistis, okontrè yo dwe itilize mwayen yo pou ranfòse lajistis pou tout moun ki enplike nan move aksyon peye pou zak yo.
jodi a mwen kwè klèje episkopal la nan peyi dayiti an danje. pandan map envite sila yo ki epengle rann tèt yo bay lajistis, mwen envite lòt yo pran dispozisyon pou pwoteje tèt yo ak fanmi yo. mwen egzòte otorite yo pran dispozisyon pou garanti respè dwa moun nan peyi a.
legliz episkopal ap sibi yon gwo prejidis nan moman an. mwen kwè legliz la dwe pran dispozisyon pou repare imaj li nan sosyete a e egzije reparasyon kont moun ki abize li yo.
anpil zanmi/ fanmi ki konnen mwen, pou sa mwen viv anndan legliz la ap etone wè pozisyon mwen, men mwen vle li klè pou tout moun. sa mwen sibi yo, se moun ki fè yo, se pa legliz la. donk mwen pap chita sou zak yon moun osinon yon gwoup moun poumkrache sou yon enstitisyon.
Anpil respè pou Mèt Dumas. Kesyon an fèm reflechi.
Bonne semaine sainte.