09/06/2024
Ti pawòl beni pou jounen an
Sa wap chache a,saw ta renmen ye a,pito se la kay BDye ou chache'l.Pito ou tann se BDye ki fèl pou ou men'm si pafwa BDye kon'n chwazi pase nan wout long nan avew pou'l prepare'w an li beniw
Lè se BDye ki beniw,lè se BDye ki delivrew li pap kite okenn pongongon dèyè pou fanmi'w,li pap kite okenn kont pou al ran'n chak lè fen ane rive.
Pran pasyans,umilyew devan BDye ki gen tout pouvwa,lap leve tèt ou kou lè a rive,Jak 4:10
Lè SE BDye ki beni'w,ou rich tout bon,paske benediksyon BDye pa kite okenn chagren pou pèson'n.Prov.10:22
Ou PA bezwen kraze ków twóp,sa pou ye nan Senyè a wap sa kanmen'm.
Ti pawól beni pou jounen an
Bon Dimanche e bòn adoration