26/04/2026
LESON DOMINIKAL POU 26 DIMANCH AVRIL 2026.
TIT : Pèsekisyon kretyen yo ak delivrans Bondye
LEKTI : Travay Apòt 12
TÉKS DÒ : Yon zanj Bondye te frape Ewòd, paske li te aksepte resevwa Iwanj ki fèt pou Bondye sèlman.
Travay 12:23
ENTWODIKSYON : Nan leson pase a nou te wè Levanjil la rive jouk nan lavil Antyöch nan peyi Siri. Nan leson nou jodi a, nou p ap kontinye istwa legliz lavil Antyöch la, n ap fè sa nan pwochèn leson an. Rezon an, se paske chapit 12 nan liv Travay Apôt yo fè nou retounen nan legliz tavil Jerizalèm lan anko.
Nan chapit 12 la, nou jwenn 3 gwo evénman ki pase: 1) Gwa pésekisyon legliz la, 2) delivrans Pyè, 3) Jijman Ewod. Satan toujou kont egzistans vrè legliz la sou latè. Se sa k fè li atako i nan diferan sans pou kraze tout efð legliz la ap fè. Men entèvansyon Bondye yo tèlman fò, sa få tout moun sezi epi anpil moun aksepte Levanjil la.
I. LEGLIZ LA ANBA PÈSEKISYON
Nan kòmansman liv Travay Apot yo, nou wà chếf Jwif yo te påsekita legliz Jerizalèm lan. Dèfwa, yo te arete Pyè ak Jan epi mete yo nan prizon (4:1-3; 5:17,40). Yo te sitèlman pa renmen wè kretyen yo, yo te rive touye dyak Etyèn (ch. 7). Aprè sa, pésekisyon an te vin tèlman cho ke anpil kretyen te oblije kite lakay yo pou ale nan plizyè lòt vil. Tout kote yo pase, yo tap preche Levanjil la epi fonde plizyè lòt legliz ozalantou lavil Jerizalèm.
Premye pèsekisyon sa se te chef Jwif yo ki t ap maltrete kretyen yo. Men nan chapit 12 la, nou wè se reprezantan leta W ôm lan k ap pèsekite kretyen yo. Se te yon tan difisil pou kretyen yo, grangou a te peze byen fo sou yo epi yo te anba-pésekisyon. Ewòd te fè touye apòt Jak, epi sa te fè Jwif yo kontan. Lè Ewód wè sa, li fè arete Pyè pou touye li nan yon gwo espektak piblik. Pyè te nan prizon an ap tann jou ekzekisyon li rive.
II. BONDYE DELIVRE PYÈ NAN PRIZON AN
Vèsè 4 la di nou ke Pyê te fèmen nan gran prizon epi 16 sòlda 1 ap veye li. Sa k fè yo bay yon gwo siveyans konsa, se paske yo te tande anpil gwo bagay apòt yo t ap fè. Kisa siveyans sòlda yo te kapab të kont pwisans Bondye? Lè Jezi te mouri, yo te mete anpil sõlda veye pou Jezi pa resisite, men sa pa t anpeche pwisans Bondye aji. Tout solda yo to tonbe atè tankou moun mouri epi Kris resisite (Matye 27:62-66; 28: 11-15).
A. Pyè te mare nan 2 chèn
Pyè te fèmen nan prizon mare ak 2 chèn. Men legliz la tap priye pou li. Legliz la te nan yon konsantrasyon lapriyè ak jèn pou yo te jwenn delivrans Pyè. Pyè te byen fèmen nan gran prizon an mare ak 2 chèn, li t ap dòmi nan mitan 2 sòlda epi lòt santinėl t ap veye pòt yo.
Nan lannwit anvan jou pou yo fè Pyè konparèt devan chèf yo, pandan kretyen yo t ap priye, yon zanj Bondye rantre nan prizon an. Yon gwo limyè t ap klere prizon an, epi chèn yo nan men Pyet ap tonbe atë, Zanj lan reveye Pyè epi fë I mete rad li ak senti li. Pyě te mache déyé zanj lan jouk yo rive nan lari. De (2) pòt ak yon gwo pòtay ouvri devan yo. Pyé te panse li te fè yon rèv. Se lè zanj lan te kite 1 epi li te kanpe poukont li sou lari, li te konprann Bondye delivre I vre.
B. Solda yo mouri nan plas Lepot Pyé
Espektak Jwif yo t ap tann lan pa t rive. Nan plas Pyé, se te solda yo ki te mouri, men mesye sòlda yo pa t janm ka eksplike sa k te pase ak Pyè, Sólda ki t ap veye Jezi yo te wé sa k te pase, men sålda sa yo pa t kapab di anyen, menm 2 zóm ki te kote Pyè yo te etone pou wė I pat la. Ewód te fè chache Pyè toupatou, men li pa t jwenn li, li te tèlm an fache, li odone touye tout gad yo epi aprè sa li kite zòn lan. Kisa nou panse sou pwisans Bondye?
Legliz la pa t manke kontan epi yo remèsye Bondye pou tout sa li fè. Ala bèl bagay pou nou lapriyè epi repons lan vin jwenn nou. Pyè te eksplike legliz la tout sa Bondye te fè epi li te pati pou yon lòt zòn selon volonte Bondye.
Nou jwenn anpil bèl leson nan evènman sa a. Satan toujou fè tout sa li kapab pou kraze tout mouvman evanjelik pou preche Levanjil la epi pou delivre moun nan esklavaj peche. Satan ap toujou sèvi ak m oun ki disponib nan men li, swa nan legliz, swa deyò. Lè Satan konnen se bouch Levanjil la l'ap bouche, se lè sa a Levanjil la preche pi byen.
Pwisans Bondye parèt alè pou anpeche disip Satan yo fè espektak sou sèvitė Bondye. Lè legliz gen yon moun nan danje, legliz la dwe nan lapriyè pou delivrans frė oubyen sè a. Kèk fwa, moun sa a kapab manke fòs pou lapriyè, m en lòt frè yo dwe kenbe fèm nan lapriyè. Sa va pi bèl ankò lè repons lan rive menm lè n'ap priye a.
III. BONDYE JIJE WA EWÒD
Ewòd ak chef Jwif yo te gen plan pou detwi tout lidè relijye legliz la, tankou Jak, Pyè... Kretyen yo pa t sèlman priye pou delivrans Pyè, men pou pèsekitè yo tou. Bondye sèvi ak tout kalite evènman pou fè giwa li parèt aklè. Ewód te fache anpil sou moun Tir ak Sidon yo. Moun peyi sa yo te oblije mande wa fè lapè ak yo, paske moun peyi yo depann sou wa a pou yo viv. Yo rive pran tèt yon ofisye wa a epi yo ale pou fè lapè ak wa a. Lè jou a te rive, Ewòd te gen yon ògèy ekstraddinė sou li. Misye mete abiman wayal li sou li, li pran pale devan pép la ap fè elój tèt li. Avèk gwo aplodisman, pep la te rele ke se yon dye k ap pale, se pa yon nonm. Menm lè a, yon zanj Bondye te frape Ewod epi li te tounen yon pil vé. Ala yon gwo evènman!
Vèsè 24 la di nou, Pawòl Bondye t ap kontinye gaye, li t ap fè anpil pwogrè. Lanmo Ewod te yon gwo delivrans pou kretyen yo epi yo te vin gen anpil libète pou preche Levanjil la.
KONKLIZYON : Leson jodi a te anseye nou sou pésekisyon legliz la, delivrans lapot Pyè epi lanmò W a Ewod. Nan yon premye tan, se te chèf Jwif yo ki te pèsekite kretyen yo. Apati chapit 12 liv travay Apot yo, se pral moun lot nayon yo Satan pral itilize pou ralanti travay evanjelizasyon Legliz la. Li te itilize W a Ewod pou fè sa. Ewod pou fè plèzi ak Jwif yo, te fè touye Lapot Jak, arete ak mete Lapot Pyè nan prizon nan demen pou touye li. Nan aswè, Bondye delivre Pyè. Se Ewod ki te mouri nan plas li. Nan Ezayi 59:19 Nou li: "Lè lènmi an debòde tankou yon fièv, lespri Letènèl la ap fè li pran kouri". Pèsòn p ap ka detwi legliz kris la, paske li fonde sou w solid la, ki se Kris la (Mat. 16:18). Kretyen yo dwe kontinye temwaye lafwa yo paske Bondye ap toujou kanpe pou yo.
DEVWA YO.
1) Kisa ki te pouse kretyen yo pou al preche Levanjil la nanlöt kote yo?
2) Ki gwo efè pèsekisyon an te fè sou legliz Jerizalèm?
3) Ki diferans ki genyen ant pèsekisyon an nan chapit 12 la aknan premye chapit Travay Apòt yo?
4) Eske pèsekisyon gouvènman an te di pou kretyen yo? Kisu k te pase?
5) Ki mezi sekirite yo te monte kont lapôt Pyè nan prizon an? Poukisa?
6) Ki demach kretyen yo te fè pou delivrans Pyè?
7) Koman Bondye te delivre Pyè? Kilės ki te mouri nan plas li?
8) Ki wòl legliz lè gen yon frè an danje?
9 ) Ki gwo plan chëf relijye ak chèf politik yo te genyen pou akonpli?
10) Nan konferans lapè Ewòd t ap fè a, ki pozisyon Ewód te pran epi ki rezilta Ewòd te genyen?
Tenez encore ferme pour vous servir votre ami frère Yvenson Vernet Qui vous dit prenez soin de vous 🙌