LIFE And LIGHT Evangelical Ministry

LIFE And LIGHT Evangelical Ministry DĂŠcouvrez la page Facebook officielle du Ministère ÉvangĂŠlique Vie Et Lumière ! Pour nous contacter : (+509) 4114-3337,email : [email protected]

Rejoignez-nous pour des partages inspirants de la Parole de Dieu, évangéliser et promouvoir l'Évangile.

Map envite nou nan yon gwoup WhatsApp kote n'ap ka pataje lafwa nou ansanm. Pa bliye levanjil se yonn kenbe men lot pou ...
25/05/2025

Map envite nou nan yon gwoup WhatsApp kote n'ap ka pataje lafwa nou ansanm. Pa bliye levanjil se yonn kenbe men lot pou n fè wout la.

Siw entèrese antre nan liens sa a:

WhatsApp Group Invite

23/05/2025

Ou anfas pèsekisyon,ou pa konnen kisa pou fè? Ènmi sènenw agoch adwat,ou san sekou. Ministère Évangélique Vie et Lumière lanse yon pwogram entèsesyon a distans. Kelkeswa kotew ye wap jwenn bakòp lapriyè,jis antre nan gwoup WhatsApp la,kite rekèt ou wap jwenn yon gwoup sòlda kap kenbe w nan lapriyè. Sispann kite wnmi gaspiyew,kouri vin kache anba zèl Bondye.

Nan gwoup sa a,wap konekte ak pawol Bondye,wap jwenn lapriyè epi wap ka pataje temwanyaj ou.

Pa gen tan ank,kouri vin rezève plas pou nanm ou pou gran jou senyè a.

Ou menm ki ta vle sou gwoup lan,ekri nou nan 41143337. Mèsi

14/02/2025

Galat 5:15-26
Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle.
Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.
Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.
Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.
Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.
Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.

Mwen vle pataje avèk nou kèk vèsè k'ap ede nou detekte riz satan,epi kap ede nou fè levanjil jan Jesus sovè nou an mande...
15/01/2025

Mwen vle pataje avèk nou kèk vèsè k'ap ede nou detekte riz satan,epi kap ede nou fè levanjil jan Jesus sovè nou an mande l la. Vèsè sa yo ap itil ou anpil,sitou ou menm ki vle fè levanjil fen dènye tan an.

1. 2 Timote 4:3-4
Paske lè a ap vini kote yo pap vle koute verite ankò. Okontrè, yo pral chache ansèyman ki fè yo plezi; yo pral chwazi anseyan ki ap di yo sa yo vle tande. Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite, epi y’ap vire pou yo suiv fòm nan kont.

2. Matye 7:15-16
Veye byen kont fo pwofèt yo. Yo vini sou ou yo ap tankou mouton, men anndan yo, yo se chen mawon ki pare pou devore ou. W’a rekonèt yo pa sa yo fè.

3. Ézéchiel 33:7-9
Mwen mete ou kòm gadyen pou pèp Izrayèl la. Lè ou tande yon mesaj soti nan bouch mwen, ou dwe avèti yo. Si ou pa avèti mechan an pou l sispann mechanste li yo, l’ap mouri nan peche l yo, men mwen pral mande ou kont pou san li. Men si ou avèti l epi li pa tounen, li pral mouri nan peche li, men ou menm, ou delivre nanm ou.

4. Jean 8:12
Jezi pale ankò ak yo, li di: Mwen se limyè mond lan. Moun ki swiv mwen p ap janm mache nan fènwa, men y’a gen limyè lavi a.

5. 1 Jan 1:6-7
Si nou di nou gen relasyon ak li pandan n’ap mache nan fènwa, nou ap bay manti e nou pa mache nan verite. Men, si nou mache nan limyè, jan li nan limyè a, nou gen kominyon yonn ak lòt, e san Jezi a, Pitit li a, ap netwaye nou nan tout peche.

6. 2 Korentyen 6:14-15
Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki nan fènwa yo. Kisa limyè ak fènwa gen an komen? Kisa Kris gen pou wè ak Satan?

7. Éphésiens 5:11-13
Pa patisipe nan fè fwi zak fènwa yo. Okontrè, denonse yo. Paske menm pale sou sa yo fè an kachèt se yon wont. Men tout bagay ki vin jwenn limyè vin parèt klè, paske limyè fè tout bagay parèt jan yo ye.

8. 1 Pierre 5:8-9
Fè atansyon, veye byen: lènmi nou an, dyab la, ap mache tankou yon lyon k’ap gwonde, l’ap chache yon moun pou devore. Reziste l, rete fèm nan lafwa.

9. Apokalips 3:15-16
Mwen konnen tout sa w’ap fè. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta renmen ou ta frèt ou byen cho! Men, poutèt ou ni frèt ni cho, ou tankou dlo tiède, m’ap vomi ou.

Ann itilize Pawòl Bondye a kòm zam nou pou reveye legliz la epi mache nan limyè Kris la.

15/01/2025

Leve Kanpe Pou JĂŠsus !

Frè ak sè m yo, nou rive nan yon moman kritik nan istwa legliz la. Jodi a, limyè Kris la dwe klere pi fò pase tout tan, paske fènwa anvayi legliz la. Nou wè yon legliz ki anba atak, kote peche ak fènwa chache rale pèp Bondye a nan wout destriksyon.

Fènwa a pa vini ak gwo bri; li antre dousman ak fo levanjil pou sedwi kè moun. Yo preche yon levanjil san repantans, yon levanjil ki plis chita fè lajan pase sove nanm. Yo ranpli legliz ak manti, enpidisite, delenkan jivenil, omoseksyalite, ak tout kalite imoralite. Legliz yo menm tounen mache kote yo vann "mirak" ak "benediksyon."

Men sa Pawòl Bondye a di:
Kolosyen 2:14-15 fè nou konnen Jezi Kris te kloure tout dèt peche nou yo sou kwa a. Li kraze tout fòs demonyak ki te kont nou yo epi li fè yo wont an piblik. Kris la te deja bay legliz la viktwa, men fènwa ap eseye fè nou bliye sa.

Romen 12:2 ap avèti nou: "Pa swiv modèl lemonn lan. Okontrè, kite Bondye chanje tout jan n’ap panse a." Se lè nou kite lespri Bondye transfòme nou, nou ka fè volonte li e nou ka mache nan sentete.

Leve Kanpe, Pèp Bondye a!
Jodi a, Bondye ap rele ou. Li vle yon legliz k ap viv nan limyè, pa yon legliz ki pèdi nan peche. Li vle yon legliz ki gen yon kè ki repanti, ki bay tèt li nèt pou Kris. Nou pa ka kite fènwa sa a genyen nou. Nou dwe leve, preche verite a, epi mache ak kouraj.

Legliz yo pa t fèt pou sèvi kòm mache kote moun vin achte "mirak." Legliz yo pa t fèt pou tolere peche ni fè moun santi yo alèz nan imoralite. Legliz la se kay Bondye, kote nou adòre li nan sentete epi nou aprann mache dapre volonte li.

Frè ak sè m yo, se moman pou nou:

Renouvle lavi nou nan repantans. Sonje, Bondye ap tann ou ak bra louvri.

Pa fè kompromi ak verite levanjil la. Preche Jezi Kris ak tout fòs nou.

Priye san rete, paske fòs fènwa yo sèlman ka kraze lè nou mete konfyans nou nan Bondye.

Kris la ap mande ou: Èske w ap kanpe pou mwen? Èske w ap mache nan limyè mwen? Li deja fè w jwenn viktwa sou fènwa, men li bezwen ou pou sèvi kòm yon flanbo nan mitan sa yo ki pèdi.

Ann sonje: Bondye chwazi nou pou limyè li klere nan mond sa a. Ann preche ak kouraj, viv nan sentete, epi pwouve ke legliz li pa janm pral tonbe, paske li bati sou wòch vivan ki se Jezi Kris. Amen!

Se te byenneme frè nou Mocely Francene,sèvitè Bondye vivan an

13/01/2025

Fanmi MEVEL, nou gen yon lòt bèl nouvèl pou nou! 🌟
Nou kontan anonse relansman Campus Vie et Lumière nan Gonaïves! Yon lòt etap nan misyon nou pou pote lavi ak pataje limyè tout kote nan peyi a.

Tanpri, pa bliye sipòte nou nan lapriyè pou misyon ak kwazad nou yo ki ap fèt nan diferan zòn atravè peyi a. Se avèk nou, ansanm ak favè Bondye, ke travay sa ap kontinye grandi epi touche plis lavi.

Ann rete ini nan lafwa ak aksyon. Bondye beni nou tout!

Past Mocely Francene

13/01/2025

Bonjou fanmi MEVEL! 🌟
Nou kontan genyej nou avèk nou nan travay Bondye a. Ann rete ini pou pote lavi epi pataje limyè levanjil la tout kote.

Nou gen yon gwo nouvèl pou nou: relansman emisyon oubyen seyans LIVE Feu du RÊveil yo ap vini byento! Aktivite sa ap ede nou detekte riz Satan ki kache andedan legliz yo,sa ka ede n fè fè levanjil ak plis fòs avèk klète. Ann prepare kè nou pou yon rèvèy espirityèl ki pral ranfòse lafwa nou epi pote plis limyè nan sèvis Bondye yo.

Rete branche pou dat ak lè. Ke Bondye kontinye beni nou tout abondamman!

Past Francene Mocey

21/05/2024

Chers amis,

En ces temps de doutes et d'incertitudes, rappelons-nous les paroles rĂŠconfortantes de Jean 3:16 : "Car Dieu a tant aimĂŠ le monde qu'il a donnĂŠ son Fils unique, afin que quiconque croit en lui ne pĂŠrisse point, mais qu'il ait la vie ĂŠternelle." C'est dans cet amour infini que nous trouvons notre rĂŠconfort et notre espoir.

L'amour de JĂŠsus est un amour pur et dĂŠsintĂŠressĂŠ, comme le souligne Romains 5:8 : "Mais Dieu prouve son amour envers nous, en ce que, lorsque nous ĂŠtions encore des pĂŠcheurs, Christ est mort pour nous." Son sacrifice ultime dĂŠmontre la profondeur de son amour pour chacun de nous.

Pourtant, il nous appelle Ă  rĂŠpondre Ă  cet amour avec sincĂŠritĂŠ et engagement. Comme le dit Actes 3:19 : "Repentez-vous donc et convertissez-vous, pour que vos pĂŠchĂŠs soient effacĂŠs." La conversion est un acte de foi et de renoncement Ă  nos voies pour suivre les voies de Dieu.

En répondant à cet appel à la conversion, nous ouvrons nos cœurs à la grâce de Dieu, comme le rappelle Éphésiens 2:8 : "Car c'est par la grâce que vous êtes sauvés, par le moyen de la foi. Et cela ne vient pas de vous, c'est le don de Dieu." Nous sommes sauvés non par nos propres œuvres, mais par la grâce de Dieu en Jésus-Christ.

Que chaque jour soit une occasion de renouveler notre engagement envers JÊsus, comme le dit 2 Corinthiens 5:17 : "Si quelqu'un est en Christ, il est une nouvelle crÊature. Les choses anciennes sont passÊes; voici, toutes choses sont devenues nouvelles." Puissions-nous vivre dans la nouvelle vie qu'il nous offre, en tÊmoignant de son amour et de sa grâce à travers nos paroles et nos actions.

Que l'amour de Jésus remplisse nos cœurs et transforme nos vies, maintenant et pour toujours. Amen.
Mocely Francene

Adresse

Rue𝐥𝐥𝐞 𝐬𝐭𝐞𝐫𝐥𝐢𝐧𝐠
GonaĂŻves
HT4110

TĂŠlĂŠphone

+50941133337

Site Web

Notifications

Soyez le premier Ă  savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque LIFE And LIGHT Evangelical Ministry publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisĂŠe Ă  d'autres fins, et vous pouvez vous dĂŠsabonner Ă  tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message Ă  LIFE And LIGHT Evangelical Ministry:

Partager