01/10/2025
🌙 La priyè aswè pou mande bondye pro teksyon🙏
Papa nou ki nan syèl la,
Nou vin devan ou ak respè, rekonesans, ak yon kè ki vle chita nan prezans ou. Mèsi pou tout sa ou fè pou mwen pandan jounen an: pwoteksyon ou, favè ou, ak gras ou senyè..
Pardonne peche nou sa n' panse ki pa bon, sa n' di ki pa fè ou plezi, ak sa n' fè ki kont volonte ou. netwaye kè nou ak lespri nou ak san Jezi a. Bondye
Se ou ki trou wòch nou fòtrès nou, sòlda nou Pwoteje nou ak tout sa ki pou nou pandan lannwit lan. Pa kite anyen mal rive nou ni fanmi nou men jan nan ezayi 26:3 di
Senyè ou konn fè pèp ou a dòmi anpe paske yo mete konfyans yo nan ou.”
Bondye papa
Voye zanj ou kanpe bò kote nou aswè Bay lespri nou repo, e kenbe rèv nou anba kontwòl ou. Pa kite pyèj lènmi an touche nou
senyè menm jan sòm91:11 ou pase zanj ou yo
lòd pou yo veye sou nou nan tout chemen nou
Sware sa nou remèt li nan menw
Seyè, ban nou fòs pou nou leve demen ak kouraj ak espwa. Dirije nou , pale ak nou, fè nou mete volonte ou anvan tout lòt bagay.
Mwen mete tout bagay nan men ou, paske ou se Bondye mwen, Sovè mwen, ak Gid mwen. Ke non ou toujou glorifye nan lavi Mwen nan lavi chak grenn moun ki sou chaîne sa. senyè béni chak grenn moun ki sou chaîne sa béni yo papa Nou pa mandew plis papa ke gras la kouvri nou nou priyew
Nan non Jezi Kris, ki gen tout pou vwa
Amèn.