AJEBB Bienvenue à la nouvelle page de L'Association Juvenile de l'Église Baptiste Bon Berger de Delmas 19.

13/07/2025

"Egzòd 33v18: Moyiz di l: tanpri, fè m wè pouvwa ou!"

Sa se yon demand ke Moyiz te fè malgre l te viv manifestasyon glwa Bondye sou plizyè fòm deja, pami yo:
1. Li te wè yon touf bwa ap pran dife san l pa boule
2. Fason Bondye te delivre pèp Izrayèl la nan esklavaj, avèk li kòm enstriman (baton l tounen koulèv, 10 flewo yo, lanmè wouj fann an 2...)
3. Nan dezè a (dife pou klere lannwit, nyaj pou pwoteje pèp la kont solèy lajounen, lamàn, wòch k ap bay dlo, viktwa kont pèp ki pi pwisan ke yo...)
4. Pase tan ak Bondye sou Sinayi ap resevwa kòmandman ke Bondye menm ekri pou pèp Li.
Men l te konnen glwa Bondye ale pi lwen ke sa. Li te konnen ant manifestasyon an avèk esans lan gen yon dimansyon ki fè diferans lan.

Kòman pou mw avè w, ki poko viv menm yon ka nan bagay sa yo, pa ta wè nesesite pou fè yon demand konsa?!

Ebyen " *Église Baptiste Bon Berger de Delmas 19* " ap akonpanye w nan demach sa pandan tout mwa jiyè a, nan okazyon anivèsè li, a travè tèm sa k ap preche chak dimanch sòti 7è pou rive 9è nan maten: *SENYÈ, FÈ M WÈ GLWA OU!*

Rejwenn nou pou nou fè priyè sa ansanm. Nan sa w ap travèse a, nan sa peyi nou ye a pou Bondye fè n wè glwa Li.
Ou pa janm konnen: gendwa pwoblèm w ap konfwonte a, defi w ap fè fas avèk li a se te pou glwa Bondye kapab manifeste. (Jan 11:4)
Pa manke yon okazyon konsa.

Se pou Bondye beni w byen beni. Se pou L fè w wè glwa Li nan yon lòt nivo ane sa.🙏🏽

Bon anniversaire Sterve!🥳
11/06/2025

Bon anniversaire Sterve!🥳

20/04/2025
Bon anniversaire Helwys Phaléus
20/04/2025

Bon anniversaire Helwys Phaléus

 rejoignez-nous pour souhaiter un anniversaire béni à notre bien-aimé frère Osnold Dorvil Osnold Dorvil...
13/04/2025

rejoignez-nous pour souhaiter un anniversaire béni à notre bien-aimé frère Osnold Dorvil Osnold Dorvil...

Adresse

# 16 Rue Moineau, Delmas 19
Delmas
HT6120

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque AJEBB publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager