13/11/2025
Tèm : Relasyon ak Bondye plis pase aktivite relijye
Teks : Matye 7:21-23
"Pa tout moun ki di m: Senyè! Senyè! ki pral antre nan Wayòm syèl la, men se sila ki fè volonte Papa m ki nan syèl la."
👉Gen anpil moun ki plen legliz, ki toujou nan jèn, nan vey denwi, nan chante, nan sèvis,
men yo pa gen relasyon pèsonèl ak Bondye.
Yo konn pale de Bondye, men yo pa viv ak Bondye.
Yo konn travay pou Bondye, men yo pa mache ak Bondye.
Bondye pa bezwen yon sèvitè aktif, Li bezwen yon pitit fidèl.
Sa vle di : aktivite san relasyon se relijyon vid, men relasyon ak Bondye pote lavi.
Gen 4 bagay ke nou bezwen konnen
1-Relasyon ak Bondye se baz tout bagay
Bondye te kreye Adan pou relasyon.
Nan Jaden Eden an, Bondye t’ap mache ak Adan chak jou (Jenèz 3:8).
Sa te se modèl relasyon Bondye vle ak chak moun.
Men lè peche antre, relasyon an kase.
Depi lè sa, tout plan Bondye se pou retabli relasyon sa.
Se poutèt sa Jezi vini, li mouri, epi leve vivan ankò —
pa pou bati legliz sèlman, men pou rekonekte moun ak Papa a.
2 -Aktivite san relasyon pa gen valè
Gen moun k’ap sèvi nan legliz men k’pa konn Bondye.
Yo preche, yo chante, yo danse, yo òganize aktivite,
men nan lavi pèsonèl yo pa pale ak Bondye,
yo pa tande vwa Bondye,
yo pa viv selon volonte Bondye.
Jezi di nan Matye 15:8 :
> “Pèp sa a onore m ak bouch yo, men kè yo lwen mwen.”
Bondye pa gade kantite sèvis ou fè, men kalite kè w pote ba Li.
3- Relasyon ak Bondye se lavi enteryè
Lè ou gen relasyon ak Bondye, se pa sèlman nan legliz ou santi Li,
men ou mache avèk Li chak jou : nan travay ou, lakay ou, nan panse ou.
Relasyon se lè ou tande vwa Bondye, ou pale avè Li,
ou kite L dirije ou, ou suiv li menm lè se pa fasil.
Jan Jezi di nan Jan 15:5 :
“San mwen, nou pa ka fè anyen.”
Se pa kantite bagay ou fè pou Bondye ki konte,
men kijan ou kite Bondye viv nan ou.
4- Fè diferans ant sèvis ak relasyon
Sèvis se sa ou fè pou Bondye
Relasyon se sa ou fè ak Bondye
Bondye renmen moun k’ap sèvi Li, men Li pi renmen moun k’ap viv avè Li.
Martha te okipe ap sèvi,
men Mari te chita bò pye Jezi pou koute pawòl la.
Jezi di :
Mari chwazi pi bon pati a, e yo pap retire l nan men li.” (Lik 10:42)
Ou kapab gen yon bon repitasyon nan legliz, men Bondye konnen kè ou.
Ou kapab fè anpil bagay pou Seyè a, men èske w vrèman konnen L?
Relasyon ak Bondye se sèl bagay ki ka sove w.
San relasyon, ou rete yon payen espirityèl menm si ou gen fòm relijyon.