06/05/2021
Bonswa zanmi kòmanw ye?
Mswete e espere ou byen pa gras Jewova.
ankò yon lòt fwa mwen pase pataje kèk konsèy avèk nou ki baze sou pi gwo komandman, ou dimwens pi gwo lwa Bondye an ki se lanmou.
Frèm ak sèm yo se pou nou gen lanmou nan kè nou, se pou nou pa janm sispann kiltive lanmou,
si vrèman nou anvi fè Jewova papa nou plezi.
e nou ap prouve Bondye avèk nou, konsa nap ka produi bel aksyon.
P
Lè nou li nan Jan 15: 34, 35 Jezi tap pale ak disip li yo men sal te di: M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. 35: Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.”(Jan 15: 34, 35)
Zanmim lanmou pa gen pri se sa yo souvan aprann nou ki son verite donk li difisil menm enposib pou yon mounp fè fyètel ak fyète Bondye sil kite ogèy li ap detui lanmou nan kèl,
lpaske men sa ki ekri nan 1 jan 4: 7,8
Byenneme, annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti, e tout moun ki gen lanmou se pitit Bondye, e yo konnen Bondye. 8: Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou.(1jan 4 :7,8)
wi Bondye se lanmou donk ou menm ki ap fè efò pou kiltive lanmou c Bondye Jewova papa nou wap fè plezi e pa gen pi bèl bagay ki egziste ke sa. Pa pretann ou plis pase moun e pa chwazi moun pou bay lanmou, ni pa bay lanmouw pou enterè koz men sa ki ekri nan 1timote 6: 10
Paske, lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, piske yo kiltive lanmou sa a, yo pèdi chemen lafwa a, e yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans. (1timote 6:10)
Frèm sèm mswetew byen egzamine ti kout verite sa yo, petet wava efòsew pou fè Bondye plezi nan tout saw ap di ak nan tout saw ap fè, mswete Bondye beniw.
sil enpotan pou ou siw santi li bon pou pataje nouriti spirityèl sa ak yon lòt frèw mdiw mèsi deja ke Bondye beniw.
BP-Rubrique