Diocèse de Hinche - Mouvement kiro d'Haïti

Diocèse de Hinche - Mouvement kiro d'Haïti Se yon mouvman jenès andedan legliz katolik, ki ap ede jèn yo viv nan Kris la, nan disiplin ak lafwa.

10/11/2025
10/11/2025
10/11/2025
10/11/2025

Akèy vandredi aprè midi a nan Cerca Carvajal

10/11/2025

*26 oktòb 2025 / 30e dimanch òdinè Ane C*

*Refleksyon sou Levanjil sen Lik Chapit 18 vèsè 9-l a 14*

Pawòl Levanjil pou 30e dimanch tan òdinè ane C a envite nou pou n fè nou toupiti devan Granmèt la lè n ap lapriyè l parapò ak konpòtman Farizyen an ki plen ògèy olye l vire gade kè sansib Granmèt la menm jan ak Pibliken an ki desann li nèt devan Bondye. Bon jan Jistis la pa sòti nan sa nou merite men pito nan delivrans Jezi pote pou nou an, li menm ki toujou la pou l koute rèl Sila yo ki kriye bali sitou pòv yo ak pechè yo. Fò nou rekonèt kijan nou frajil epi kijan nou bezwen favè Bondye olye pou n kwè nou piplis, nou pi siperyè pase lòt yo.

Fòn gen 2 konpòtman sa yo lè n ap lapriyè: Fè kè n piti se sa yo rele imilite epi mete konfyans nou nan Sila n ap adrese lapriyè n yo. Levanjil la bannou 2 fason pou n priye youn se kontrè lòt la Konsa na chwazi sa k pi bon pou nou an:

Farizyen an k ap bay tèt li glwa paske li obsève lalwa, li santi l pi bon, li pi siperyè parapò ak lòt yo epi Pibliken an ki rekonèt kijan li fèb akoz peche l yo, li frape lestomak li, li rabese l pou mande Granmèt la pou l pran pitye pou li paske li se pechè.

Levanjil la ansenye nou se lè nou fè nou toupiti se lè sa gras Bondye a ap anvayi nou. Farizyen an ki te santi li sifi pou tèt li pa mande Bondye anyen nan priyè l la tandiske Pibliken an ki te rekonèt li pa depann de tèt li e ki rabese l, vin tounen nonm ki jis la devan je Bondye paske Bondye se Sila a ki plen ak padon pou moun ki rekonèt yo vid.

Konsa frè m ak Sè m yo Levanjil la envite nou pou n poze tèt nou kesyon sou fason n ap lapriyè ak sou jan n ap viv. Nan kilès nou idantifye tèt nou: Nan Farizyen an oubyen nan Pibliken an?

Ann mande Bondye lagras pou n pa toujou ap vante tèt nou, ap chante kantamwa men pito pou n fè kè nou toupiti pandan n ap renmen pwochen n, ede l avanse sou chimen delivrans lan olye nou kritike l , lonje dwèt sou li pou n di l pa bon men se nou ki bon. Pou n sispann pran pòz bon kretyen nou, moun legliz nou epi anba anba kè n chaje ak ògèy. Lafwa ki kòrèk la dwe manifeste l tout bon vre nan bon jan relasyon nou avèk lòt yo k ap viv ozalantou nou.

*Bon dimanch! Bòn refleksyon !*

10/11/2025

🔔 Nou bezwen afich Sila sou (Statut WhatsApp FB etc…) tout Kiwo.💥

🔔Nou pral Selebre nan tout Dyosèz yo!
⛪️⛪️⛪️⛪️⛪️⛪️⛪️⛪️⛪️⛪️

Sonje Pataje l✅
Kiwo AYITI

10/11/2025
10/11/2025
10/11/2025

🍾Yon lòt ane kiwo pral kòmanse!

Ann viv Tèm lan, premye Peryòd la ak modòd mwa novanm nan ansanm !

Toujou sonje chak pawòl ki soti nan bouch nou chak kiwo, kapab fè byen konsa l ka fè mal, pandan premye peryòd la envite gade lavi Kris la, toujou sonje Kris la se modèl nou, se menm modèl sila nap transmèt bay sila ki bò kote nou yo konsa lè yap gade nou yo va pran nou kòm bon egzanp!

Pandan nap selebre fèt sila nan tout dyosèz yo, sonje nou se egzanp pou lòt yo. Fè yo wè nan nou limyè Jezi Kri Gran Wa nou an briye sou nou!

Toujou sonje 🔥
Nou dwe yon modèl pou lòt yo!

Bon 65 lane ak nou tout !
fansMouvman Kiwo AYITI

10/11/2025

Tokay nan Pòdepè yo kote nou ?
NOU PARE ???
Kiwo AYITI

10/11/2025

Tokay Kiwo nan Okay yo kote nou ?

NOU PARE ?
Kiwo AYITI

Adresse

Cerca Carvajal

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Diocèse de Hinche - Mouvement kiro d'Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type