16/03/2025
Dènye tan sa yo, ak evolisyon mond lan, evolisyon entènèt ak jan anpil moun vin emansipe, gen bagay ki parèt nòmal e mwen respekte sa paske evolisyon sa yo fè nou vin pi lib.
Pa kont, nan menm koze evolisyon, libète ak emansipasyon sa, m twouve ke anpil nan nou ale twò lwen ak de seri konpòtman n ap afiche sou rezo yo ki ka nwi nou, nwi karyè nou ak lavi pitit nou demen.
Gen on seri de video k ap monte anba je m sou Facebook ak Instagram, san m pa bezwen mansyone Tiktok, m panse medam yo al twò lwen. M di sa san m pa gen pretansyon pase pou pi bon ni jije. Se jis pwennvi mwen.
Anpil nan nou, lè nou t ap grandi, granmoun nou te aprann nou chita byen, ak jip nou kouvri janm nou pou je pa wè anba nou, yo te aprann nou ladesans. Yo te aprann nou ke sèten pati nan kò nou se entimite nou, kidonk li pa dwe ekspoze.
Jounen jodia, pati entim konsidere tankou figi, depi w parèt ou wè l. Yo menm vle nòmalize le fait ke l dwe vizib.
M ap swiv kèk jou sou rezo yo, medam yo vin ak on nouvo "trend" nan fason yo abiye pou piblik la ka apresye volim oswa gwosè b*b*t yo. Yo met on kolan byen sere, genyen ki met lingerie tou, yo asire yo ke yo byen detire l pou fòm nan byen parèt epi yo met kamera a egzakteman devan l epi y ap bouje.
Se vre sa k nan mitan janm yo a se pou yo, yo ka fè sa yo vle ak li. Men m panse ta dwe gen limit. Paske limit sa pa etabli, sa fè anpil moun wè yo tankou on vyann ki etale sou tab nan mache anba kote tout moun ka patinen epi bay pri ki bon pou yo.
Anpil kòmantè m ap gade anba video yo pati konsa.
-pou konbyen w bay ti cheri?
-pou konbyen kòb w ap deplase
-ki pri w?
Sa yo se kesyon yo abitye poze travayè seksyèl men bon...
M pap oze di se pwostitisyon men konpòtman ou afiche ak kontni w ap pibliye ka fè yo mete tout etikèt sou ou.
Sa ka enpakte negativman karyè pwofesyonèl ou si w gen youn.
Nan dènye ane sa yo, lè w aplike pou travay kèk kote pou kèlkeswa pòs la, gen konpayi ki chèche enfòmasyon sou ou sou rezo sosyal. Yo swiv konpòtman ou, yo gade sa w konn poste ak pataje.
Imajine w ou fit pou pòs la pwofesyonèlman epi sa yo jwenn sou ou sou rezo sosyal fè yo pa anboche w pandan w bezwen travay la. Se t ap on gwo regrè daprè mwen.
M espere konsène yo konsyan de konsekans aksyon yo jodia ka genyen sou demen yo. Konsa, yo va tounen sou ray la epi chanje direksyon.
Yeshua TV
Kredi foto: Facebook (screenshot)