Eglise Baptiste Redford

Eglise Baptiste Redford Eglise

EGLISE MONT SION DE LA COMMUNAUTE BAPTISTE REDFORDSèvis 1er dimanch 06 Septanm 2026« 2026, Yon Lane Pasyans nan Viktwa a...
06/09/2026

EGLISE MONT SION DE LA COMMUNAUTE BAPTISTE REDFORD
Sèvis 1er dimanch 06 Septanm 2026
« 2026, Yon Lane Pasyans nan Viktwa ak Espwa » Women 5:3-5

EGLISE MONT SION DE LA COMMUNAUTE BAPTISTE REDFORDSèvis 5e dimanch 30  Dawou 2026«2026, Yon Lane Pasyans, nan Viktwa ak ...
30/08/2026

EGLISE MONT SION DE LA COMMUNAUTE BAPTISTE REDFORD
Sèvis 5e dimanch 30 Dawou 2026
«2026, Yon Lane Pasyans, nan Viktwa ak Espwa » Women 5:3-5
Sèvis Adorasyon, Batèm ak Resepsyon nouvo manb

ÉGLISE ÉVANGÉLIQUE BAPTISTE REDFORD CULTE D’ADORATION DU 1er DIMANCHE 02 AOÛT 2026.
09/08/2026

ÉGLISE ÉVANGÉLIQUE BAPTISTE REDFORD
CULTE D’ADORATION DU 1er DIMANCHE 02 AOÛT 2026.

🇭🇹 Haiti Mission 2026 | DFC🔥 Le Dieu des miracles agit encore aujourd’hui! 🔥📍 Okap | 26 Jiyè 2026 🇭🇹❤️🇭🇹Mwen pa t retoun...
08/08/2026

🇭🇹 Haiti Mission 2026 | DFC

🔥 Le Dieu des miracles agit encore aujourd’hui! 🔥

📍 Okap | 26 Jiyè 2026 🇭🇹❤️🇭🇹

Mwen pa t retounen OKAP LAKAYAN'M kòm yon viktim… Mwen retounen kòm yon temwayaj vivan. 🙏🏽🔥

Anpil moun rele m jodi a “Nouveau Lazare”. Se pa yon tit mwen chèche, men yon temwayaj sou sa Bondye fè. Yo te panse tout bagay te fini, men Bondye te deside ekri yon nouvo chapit nan lavi mwen.

Yo te wè aksidan an…
Jodi a, yo wè mirak la.

Yo te tande nouvèl lanmò a…
Jodi a, yo tande temwayaj lavi Bondye retabli a.

Bondye pa t fè m retounen pou m rakonte doulè mwen, men pou m anonse pouvwa Li. Li fè m retounen nan menm kote a pou yon jenerasyon konnen ke Lè Bondye pale, lanmò oblije fè silans.

Mwen pa retounen sou tè a pou mwen sèlman; mwen retounen pou jenerasyon sa a.

Mwen remèsye Legliz Eglise Baptiste Redford ak Rev. Wesly Saintildor pou bèl akèy la. Mèsi Past. Marionel S Officiel, Psalmist Neslin Destilhomme Foundation, Past. Rodelyn Payoute , Past. Rodnel Anténor, ak madanm mwen Sandra Santana Joseph, ansanm ak tout moun ki te sipòte nou finansyèman e nan lapriyè, nan lanmou ak nan sakrifis yo pou misyon sa a te kapab reyalize.

Mwen se prèv ke Bondye toujou gen dènye mo a. Si Li te fè l pou mwen, Li kapab fè l pou ou tou.

A Bondye sèl la tout glwa! 🙌🏽🔥

✍️ Daniel Joseph Pasteur Divine Favor Church

🎥 Napotivation … Thank you 🙏

🙏🏽 Kè m ranpli ak rekonesans anvè Bondye.❤️ Yon remèsiman espesyal pou Pasteur Wesly Saintildor kite louvri Eglise Bapti...
06/08/2026

🙏🏽 Kè m ranpli ak rekonesans anvè Bondye.

❤️ Yon remèsiman espesyal pou Pasteur Wesly Saintildor kite louvri Eglise Baptiste Redford la pou yon gwo sèvis kons. Nou di BonDye mèsi pou lidèchip li, vizyon li, ak dezi li pou Wayòm Bondye a.

🤝 Mèsi tou ak tout staff Legliz la : worship team nan, mizisyen yo, ekip lojistik la, volontè yo, ak tout moun ki te sèvi avèk lanmou ak imilite. Nou te santi nou vrèman lakay nou. 🏡

📖 “Bondye pa enjis pou l bliye travay nou ak lanmou nou te demontre pou non Li.” (Ebre 6:10)

🙌🏽 Se pou Bondye rekonpanse chak efò nou, vide yon onksyon fre sou lavi nou, beni fanmi nou ak ministè nou, epi fè travay men nou kontinye pote anpil fwi pou glwa Li.

✨ Ke tout glwa retounen bay Jezi Kris sèlman! ✝️

Tout n’est que grâce 🙌
06/08/2026

Tout n’est que grâce 🙌

RETOUNEN AN IMAJ | MISYON CAP-HAÏTIEN 2026Yon ti retou sou kèk nan pi bèl moman nou te viv pandan Misyon Cap-Haïtien avè...
03/08/2026

RETOUNEN AN IMAJ | MISYON CAP-HAÏTIEN 2026

Yon ti retou sou kèk nan pi bèl moman nou te viv pandan Misyon Cap-Haïtien avèk Pasteur Daniel Joseph Humility TV. Bondye te manifeste glwa Li, Pawòl la te preche avèk puisans, epi anpil lavi te beni.

Men kèk imaj ki rakonte sa nou te viv. Glwa pou Bondye! 🙌

ÉGLISE ÉVANGÉLIQUE BAPTISE REDFORD CULTE D’ADORATION ET PRÉSENTATION D’ENFANTS 3ème DIMANCHE 19 JUILLET 2026.
19/07/2026

ÉGLISE ÉVANGÉLIQUE BAPTISE REDFORD
CULTE D’ADORATION ET PRÉSENTATION D’ENFANTS
3ème DIMANCHE 19 JUILLET 2026.

🔥 TEMWAYAJ AP PALE! BONDYE MIRAK YO TOUJOU AP AJI! 🔥Sa Bondye te fè deja, Li kapab fè l ankò. Si w ap tann yon mirak, yo...
10/07/2026

🔥 TEMWAYAJ AP PALE! BONDYE MIRAK YO TOUJOU AP AJI! 🔥

Sa Bondye te fè deja, Li kapab fè l ankò. Si w ap tann yon mirak, yon gerizon, yon delivrans, oswa yon chanjman nan lavi w, vini tande temwayaj sou fidelite Bondye epi viv pwòp eksperyans pa w.

📖 “Maladi sa a pa pou lanmò, men pou laglwa Bondye.” — Jan 11:4

📅 Dimanch 26 Jiyè 2026
🕔 5:00 PM
📍 Legliz Evanjelik Batis Redford, Cap-Haïtien

Vin viv:
✨ Temwayaj vivan sou sa Bondye ap fè.
✨ Adorasyon ak louwanj.
✨ Predikasyon ki chaje ak onksyon.
✨ Yon atmosfè kote lafwa ap leve epi mirak ap manifeste.

Temwayaj ou a ka pwochen an! Pa kite dout oswa sitiyasyon w kenbe w lakay. Vini ak lafwa, envite fanmi w ak zanmi w, paske Bondye toujou gen dènye mo a.

Nou kwè jou sa a ap make lavi anpil moun. Petèt se jou Bondye chwazi pou ekri temwayaj pa w la. Nou espere wè w! 🙏🔥

ÉGLISE ÉVANGÉLIQUE BAPTISTE REDFORD CULTE D’ADORATION ET DE SAINTE CÈNE 1er DIMANCHE 03 JUILLET 2026
09/07/2026

ÉGLISE ÉVANGÉLIQUE BAPTISTE REDFORD
CULTE D’ADORATION ET DE SAINTE CÈNE
1er DIMANCHE 03 JUILLET 2026

Adresse

Sainte Philome
Cap-Haïtien

Téléphone

22601726

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Eglise Baptiste Redford publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager