07/07/2025
Ayisyen, an nou rele anmwe nan pye Bondye, paske yo vle chase nou sou tè a.
E, ki kote nou pral rete?
* Yo pa vle wè nou kay vwazen an.
* Yo leve dèyè nou kay tonton Trump.
* Lòt peyi ap fè plan kont nou.
* Sa ki pi rèd ankò, bandi vle pran posesyon tout zòn yo nan men nou yonn aprè lòt.
Si se konsa, ki kote yo vle pou n'al viv kounye a?
Sa vle di: Yo panse detwi nou sou tè a?
Enbyen, an nou rele anmwe nan pye Bondye. Ak Konfyans, l'ap tande nou epi l'ap delivre nou.
Poutèt sa, nou envite w' nan 3 vandredi de imilyasyon, jis pou nou kriye nan pye Bondye pou peyi a epi pou nasyon an.
Men jou yo:
Vandredi 11 Jwiyè.
Vandredi 18 Jwiyè.
Vandredi 25 Jwiyè.
De 6 a 12 zè nan maten.
Tout Ayisyen envite.
Ou se yonn nan moun ki responsab pou envite tout Ayisyen ou konnen, nenpòt kote l' ye a.
Voye envitasyon sa a sou tout gwoup ak tout kontak ou yo.
Pa bliye, se tout ras Ayisyen an ki antrave.
An nou fè tankou Wa Ezekyas ak Wa Jozafa ki te kriye nan pye Bondye epi li te reponn yo.
Se Apôtre Charles Jean ki Responsab.
Ou kapab rejwenn nou sou:
Whatsap: 3226 6392.
YouTube: Apôtre Charles Jean.
Église de Dieu Liberté par la Parole.
Pa pè, sèlman fè Bondye konfyans, paske l'ap delivre nou.
Je vous aime fortement.
Se zanmi ou, Apòt Charles Jean.