21/11/2025
Ou nan trantèn oubyen karantèn ou men se yon tifi ki gen 14,15 Lane ki enteresew poum byen presize se yon minè ki atirew kòm fanm pouw monte
Pandan mwen avèw konnen trè byen kew patap fè zanmi ak yon gason ki nn laj sa yo koz li manke matirite kouniea reponn mwen Kijnw fè kòmanse yon konvèzasyon ak yon tifi nn laj sa jiskaske ou rive konvenk li poul renmen avèw anplis yon tifi petèt kew t ka papal oubyen granfrèl 🙄bon mesye kote pati imen ki ta sipoze nan nou an 🙄kote matirite m sipoze ke yon moun a laj sa ta sipoze genyen an kotel?
Yon tifi siw te yon gason adulte normal ou ta sipoze ap pwotejel
Nn ki nivo ou pervers ase pouw rive nn relasyon ak yon timoun ke lèw t nn laj li ou konnen trè byen ou pat menm gen kapasite pouw pran yon bon desizyon😌hein!dim🤷🏽♀️
Anplis ou menm ak group pervers parèy ou yo ap di se timoun yo ki pa jwe wòl timoun
Sou pretèks ke yo byen vini 🙄Sak nn crâne nou menm ? 💩🤮
Dim kijn bwaw fè kanpe pou yon ti adolesan kew konnen wap vin manipile sitou siw jwenn feblès ekonomik oubyen si paranl demisyone ou pwal jwe nn tèt timoun sa oui se yon timoun
Ou pwal fèl fè saw vle e menm Sak pa sanse
Antouka plis nap jistifye gason kap fè tenten sa yo se mwens m pè nou 😌Oui!nou tout !!
Paran yo sitou manman souple prezan nn lavi pitit nou sitou lè yo rive nn adolesans yo e alèz ak yo mond lan pyeje 🥺😌