Ministère Venir au christ

Ministère Venir au christ Bondye gen yon plan pou ou pèsonn pa ka chanje li.

Sispann konte sou fòs ou konte sou Bondye. Lè w konte sou Bondye, ou pa bezwen pè sa moun ap di. Moun ka doute de ou, me...
25/08/2026

Sispann konte sou fòs ou konte sou Bondye. Lè w konte sou Bondye, ou pa bezwen pè sa moun ap di.
Moun ka doute de ou, men Bondye pap janm lage w.
Moun ka fèmen pòt, men Bondye ka louvri yon pòt pèsonn pa ka fèmen.
Moun ka wè feblès ou, men Bondye wè potansyèl ou.
Kontinye fè Bondye konfyans,paske lè Bondye nan batay la, viktwa a deja ap prepare.

23/08/2026

Vin beni avèk nou maten an

Mwen deklare,Ou pap mouri nan dezespwa. W ap viv pou rakonte sa Bondye fè pou ou.
21/08/2026

Mwen deklare,Ou pap mouri nan dezespwa. W ap viv pou rakonte sa Bondye fè pou ou.

Satan te sèvi ak sèpan an pou twonpe Èv.Nou pa dwe pran riz Satan alalejè. Menm jan li te twonpe Èv, li toujou ap chèche...
20/08/2026

Satan te sèvi ak sèpan an pou twonpe Èv.
Nou pa dwe pran riz Satan alalejè. Menm jan li te twonpe Èv, li toujou ap chèche twonpe moun jodi a. Se poutèt sa kretyen an dwe konnen Pawòl Bondye, veye, priye, epi teste tout sa li tande dapre Bib la, pou li pa tonbe nan twonpri Satan.
📖 2 Korentyen 11:3 — Pòl di li pè pou lespri nou pa kite tèt li twonpe, menm jan sèpan an te twonpe Èv avèk riz li.
📖 1 Pyè 5:8 — “Veye, rete nan lafwa...” paske dyab la ap chèche moun pou l devore.

Sispann fè kòve legliz yon moun gen anbisyon (konvwate) Pou afè moun li kontinye ladan l volontèman, li pa vle abandone ...
19/08/2026

Sispann fè kòve legliz yon moun gen anbisyon (konvwate) Pou afè moun li kontinye ladan l volontèman, li pa vle abandone l epi li pa janm repanti, sou ki baz biblik nou ta di moun sa a an sekirite nan delivrans li?
🔥 Pa reponn ak opinyon pèsonèl. Bay vèsè Bib la ki soutni repons ou.
Ou dakò oswa ou pa dakò? Ekri “WI” oswa “NON” epi bay vèsè w. 📖🔥
📖 Egzòd 20:17 — “Piga ou anvi... anyen ki pou pwochen ou.”
📖 1 Korentyen 6:9-10 — Bib la avèti ke moun k ap viv nan pratik peche yo “pap eritye wayòm Bondye a.”
📖 Galat 5:19-21 — Moun k ap pratike travay lachè yo “pap eritye wayòm Bondye a.”
📖 1 Jan 3:6 — “Nenpòt moun ki rete nan li pa kontinye peche.”

Mwen pa konnen kijan Bondye pral fè l, men mwen konnen Li pap lage w nan mitan chemen an. 🙏🏽
18/08/2026

Mwen pa konnen kijan Bondye pral fè l, men mwen konnen Li pap lage w nan mitan chemen an. 🙏🏽

Èske yon moun ka vrèman sove si li di li kwè nan Jezi, men li deside kontinye viv nan yon peche li konnen ki kontrè ak P...
16/08/2026

Èske yon moun ka vrèman sove si li di li kwè nan Jezi, men li deside kontinye viv nan yon peche li konnen ki kontrè ak Pawòl Bondye a, san li pa janm repanti?
Galat 5:19-21 bay yon avètisman trè serye: moun k ap pratike travay lachè yo p ap eritye wayòm Bondye a.
Si yon moun konnen peche li a kontrè ak Pawòl Bondye, men li chwazi kontinye ladan l san repantans, sou ki baz biblik nou ta di li sove?

Sispann preche moun fo doktrin Montre m yon pasaj nan bib la ki di yon moun ki te marye, ki divòse, ki remarye pandan pr...
15/08/2026

Sispann preche moun fo doktrin
Montre m yon pasaj nan bib la ki di yon moun ki te marye, ki divòse, ki remarye pandan premye konjwen an vivan, epi ki kontinye nan adiltè san repantans, ap sove ?
Matye 7:15 Veye kò nou ak fo pwofèt yo.
Galat 1:8 Pòl di menm si yon moun ta anonse yon lòt levanjil, ou pa dwe aksepte l.
1 Timote 4:1 Lespri a di gen moun ki pral kite lafwa epi suiv lespri ki twonpe ak ansèyman demon.
1 Jan 4:1 Pa kwè tout lespri; men egzamine lespri yo pou wè si yo soti nan Bondye.
Ki jan pou rekonèt yon fo doktrin?
Li kontredi sa Bib la di.
Li retire Jezi nan plas li kòm Seyè ak Sovè.
Li ajoute kondisyon moun envante kòm si se kòmandman Bondye.
Li sèvi ak kèk vèsè deyò kontèks pou soutni yon lide.
Li ankouraje peche oswa jistifye peche olye li rele moun nan repantans.

Ou ka twonpe tout moun pandan tout lavi ou, men ou pap Ka janm twonpe Bondye menm pou yon segonn.  Galat 6:7Kite peche o...
14/08/2026

Ou ka twonpe tout moun pandan tout lavi ou, men ou pap Ka janm twonpe Bondye menm pou yon segonn. Galat 6:7
Kite peche ou ye a ranje kondisyon ou ak Bondye Pou ou pa regrèt o dènye jou .

Dirección

Santiago

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Ministère Venir au christ publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Atajos

Compartir

Categoría