31/03/2023
KIYÈS KI KAPAB RANVWAYE JOU LANMÒ LI?
(Eklezyas 8:8 / Job 30:23 / Ebre 9:27-28 / 2 Korentyen 6:1-2)
Eklezyas 8:8... Pèsonn pa mèt lavi'l. Lè jou a rive pou'l mouri, fòk li mouri. Pèsonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.
Job 30:23... Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen'm pou mal mouri, pou mal sibi sò k'ap tann tout moun lan...
Pa gen fè rebèl ak lanmò. Depi kontra'w bout sou tè sa vle pa vle ou prale. Gen moun ki panse se yo menm ki mèt latè wi. Yo fè sa yo pi pito jan yo vle lè yo vle. Yo pi fò nan fè mechanste ke fè byen. Y'ap touye, koupe, rache, kraze, brize, zonbifye jan yo vle pèsonn pa ka di yo anyen. Men gen yon bagay yo bliye ke tout moun k'ap viv gen yon : " YON RANDEVOU AK LANMÒ ". Pandan'w vivan chèche aranje lavi'w ak Jezikris anvan'l twò ta. Paske aprè lanmò ou p'ap jwenn chans pou'w repanti ankò. Piga nou gaspiye tan nou paske lavi sa a kout anpil. Se pou nou viv jòdi a tankou yon dènye jou. Nan yon ti tan ankò nou pa konn s'ak ka rive. Anvan nou bat je nou souf la koupe epi kontra nou pran fen sou tè sa pou yon gran vwayaj pou letènite. Se s'ak fè si nou tande vwa Bondye rele nou jòdi a pa pote neglijans tounen viv jwenn Bondye. Ebyen, kounyeya, men lè a rive pou'n resevwa favè Bondye a. Se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans.
Ebre 9:27-28... Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. 28- Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou'l tounen pou yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo...
Amén!