13/07/2025
Gen kat prensipal kalite dyabèt:
Pre -dyabèt;
Dyabèt tip 1;
Dyabèt tip 2;
Dyabèt jestasyonèl.
Diferans ant dyabèt tip 1 ak tip 2:
Dyabèt Tip 1
Sentòm dyabèt tip 1 serye anpil epi souvan yo
parèt toudenkou. Pifò moun ki gen dyabèt tip
1 ap santi yo malad anpil paske nivo glikoz nan
san yo wo.
Siy ak Sentòm Nou Wè Souvan
Nan Dyabèt Tip 1:
■ P**i souvan (paske kò a ap jete glikoz an plis
nan san an)
■ Ou santi ou swaf anpil (paske ou pèdi anpil
dlo nan kò ou)
■ Ou toujou santi ou grangou (paske selil nan
kò ou yo grangou pou enèji)
■ Ou santi ou fatige (paske glikoz la pa antre
nan selil pou yo pou transfòme an enèji)
■ Vizyon ou doub (paske gen dlo ki monte nan
twou je ou akòz nivo glikoz nan san ou ki wo)
■ Ou pèdi pwa toudenkou san ou pa eseye,
menm si ou vin gen plis apeti (paske kò ou pa
kapab ilitize sa ou manje yo)
■ Noze ak anvi vomi (paske ou gen setòn nan
san ou )
Kèk moun ka dyabèt tip 1 kapab soufri
asidosetoz dyabetik.
Dyabèt Tip 2
Dyabèt tip 2 pa parèt toudenkou. Ou kapab pa
remake okenn sentòm oswa ou sèlman genyen
kèk ti sentòm lejè pandan plizyè ane avan yo
detekte li.
Siy ak Sentòm Nou Wè Souvan
Nan Dyabèt Tip 2:
■ P**i souvan (paske kò a ap jete glikoz an plis
nan san an)
■ Ou santi ou swaf anpil (paske ou pèdi anpil
dlo nan kò ou)
■ Ou toujou santi ou grangou (paske selil nan
kò ou yo grangou pou enèji)
■ Ou santi ou fatige (paske glikoz la pa antre
nan selil pou yo pou transfòme an enèji)
■ Vizyon ou doub (paske gen dlo ki monte nan
twou je ou akòz nivo glikoz nan san ou ki wo
■ Ou gen enfeksyon souvan oswa li pran tan
pou kote ou blese oswa gen maleng geri
■ Pye ak men ou yo pike, fè ou mal oswa mò
Kisa m ka fè?
Lè yo detekte ak trete dyabèt bonè sa kapab
bese risk pou devlope konplikasyon ki genyen
nan dyabèt.
KONPLIKASYON :
Asidosetoz dyabetik : Se lè ko a pa gen ase eneji paske s*k lan pa antre nan selil yo, li pran asid gra yo kom kabiran poul ka kontinye kenbe e ke asid gra sa yo vin fè kò setonik e sa pral fè asidite a vin monte nan òganis lan.
Nefropati dyabetik : Maladi nan ren, s*k la ap afekte venn ki mennen san nan ren an kif è ren an pa ka fè aktivite prensipal li ki se netwaye kò a pou mete tout toksin yo deyò.
Retinopati dyabetik : Se yonn nan konplikasyon ke moun ki fè s*k yo pral genyen, li afekte je yo li ka fe yon pran linèt li menm ka vin avèg.
Maladi kadyovaskilè : Lè s*k lan wo anpil li ka favorize san an koagile, Sa ka fè vin genyen yon ACV (Aksidan serebro vaskilè). Si ou santi sentóm sa yo pa fè neglijans al wé yon doktè.
Pran kontwòl sante w – Ak dyabèt k ap monte, li enpòtan pou w konprann risk yo epi pran mezi pou prevansyon. Aprann kijan ou ka fè yon diferans nan sante ou ak byennèt ou.