23/05/2026
Kontinye swete jèn gason sa ka reyisi nan demach yo!
Respè pou David Jean-Charles ak ekip la. ZED Airlines anonse nouvo wout pou Okap 🇭🇹: Miami- Okap, Montreal-Okap, New-York-Okap, Atlanta-Okap, e byento adisyon Ayewopò vil Ayiti yo.
ZED te pran nesans an 2020 pa Ayisyen sa yo nan sousi pou relye Brezil 🇧🇷 ak Ayiti 🇭🇹 aprè COPA Airlines te kanpe operasyon l sou Ayiti pandan COVID 19 la. Yo te lanse ak vol ✈️ Charter yo.
Yo te ekri sou paj ofisyèl yo: “Nou gen plezi anonse ouvèti vòl nou an ant Miami ak Kap Ayisyen.
Dat : 22 me 2026
Yon nouvo opòtinite pou vwayaje ak konfò, sekirite ak fyab, pandan n ap ranfòse lyen ant Ayiti ak entènasyonal la.
🎟️ Rezève plas ou depi kounye a epi prepare vwayaj ou ak ZED Airlines.
🌐 www.zedairlines.com
📞 +509 2814 0708 / WhatsApp +509 3432 3717
ZED AIRLINES ap pote ou pi pre destinasyon ou!”
N.B. ZED Airlines te deja ap opere wout
Campinas, 🇧🇷 - Port-au-Prince 🇭🇹 la e yo komanse
Campinas, 🇧🇷 - Cap-Haitien 🇭🇹 30 Avril 2026 la.
David se yon jèn gason Ayisyen kite imigre Brezil an 2013 lè peyi Brezil te louvri bay Ayisyen antre a. Li ap evolye kounya nan sektè avyasyon an.
✍️: Wolf-kendy JOSEPH
📷: ZED Airlines
Zed Airlines