10/06/2026
💍❤️ YON “WI” KI MAKE YON NOUVO CHAPIT …💍❤️
Se te yon moman ki chaje ak lanmou, emosyon ak anpil kè kontan ! 🥹❤️ Nan okazyon gwo konsè vant ak siyati premye albòm gwoup The Marcelus la, ki te fèt samdi 3 oktòb 2026 la nan Queens Village, New York, kote Maestro Sam Marcelus te tou pwofite bèl moman sa a pou li fè yon sipriz espesyal devan plizyè santèn moun : li mande fiyanse li, Daphnée Innocent, pou li marye avè li. 💍✨
Nan mitan mizik, aplodisman ak emosyon, yon sware ki te deja espesyal pou Les Marcelus te vin tounen yon souvni ki pap janm efase. Yon bèl deklarasyon damou, yon nouvo etap epi yon moman kote koup la te gen privilèj pataje ak tout moun ki te prezan. ❤️🙏🏾
Felisitasyon pou Maestro Sam Marcelus ak Daphnée Innocent 💐💍 Ke Bondye kontinye beni relasyon yo a, gide chimen yo epi akonpanye yo pandan yap prepare pou bèl chapit sa nan lavi yo. 🙏🏾❤️
🎥 Kredi : Koze Kretyen | 📅 3 oktòb 2026