10/07/2026
Lè ou pran Bondye oserye, ou kòmanse konprann jan Li menm Li pran pawòl ou oserye.
Pèsonèlman, mwen toujou di moun ki pwòch mwen: pa pale anpil, oswa renmen plenyen, paske gen yon moman kote zòrèy mwen ka vin abitye ak bri a, epi lè ou gen yon bagay serye pou w di, zòrèy mwen gentan fèmen. Mwen vin pa pran anyen w ap di oserye.
Bondye pa tankou nou. Li pa fatige tande pitit Li yo, e Bib la menm ankouraje nou pou nou pèsevere nan lapriyè, men gen yon prensip mwen aprann nan pwòp relasyon mwen avèk Bondye; plis entimite mwen avèk Li ap grandi, se plis mwen aprann bay pawòl mwen pwa nan prezans Li.
Mwen pa oblije pote chak emosyon devan Li kòm yon demann pou Li egzekite. Gen bagay mwen depoze. Gen bagay mwen mande. E gen lòt bagay mwen aprann soumèt anba volonte Li.
Paske lè relasyon an ap vin pi fon, lapriyè pa sèlman vin yon lis bagay ou vle Bondye fè. Lapriyè vin tounen yon konvèsasyon ki fèt nan entimite.
E se nan entimite sa a ou kòmanse dekouvri pafwa se pa menm yon gwo priyè ou bezwen fè. Pafwa se yon fraz. Yon ti pawòl. Yon dezi ou eksprime dousman nan prezans Li.
Sa gen anviwon de mwa, pandan mwen t ap pale, mwen te mansyone yon bagay mwen ta renmen wè rive nan mwa Oktòb la. Mwen pa t konnen kijan sa t ap fèt. Mwen pa t konnen ki chemen Bondye t ap itilize. Mwen te senpleman eksprime sa ki te nan kè mwen.
E jodi a, mwen te kapab finalize bagay mwen te jis di devan Bondye a.
Premye reyaksyon mwen se pa sèlman selebre sa mwen resevwa a. Se reverans, paske mwen sonje pawòl la. Mwen sonje moman an. Mwen sonje sa mwen te di a. E jodi a, mwen kanpe devan reyalite a.
Gen eksperyans avèk Bondye ki pa sèlman fè w kontan; yo fè w koube devan Èt Siprèm sa a. Yo raple w ke ou pa poukont ou. Yo fè w vin pi konsyan de prezans Bondye nan detay lavi w.
Eksperyans sa yo anseye m yon lòt bagay tou, se pa paske mwen mande yon bagay Bondye oblije fè li. Entimite avèk Bondye pa vle di mwen kontwole volonte Li. Okontrè, plis mwen konnen Li, se plis mwen vle sa mwen mande yo antre nan liy ak sa Li vle pou mwen.
Jezi te di: “Si nou rete nan mwen, epi pawòl mwen yo rete nan nou, mande sa nou vle, y ap fè l pou nou.” — Jan 15:7
Se la diferans lan ye: rete nan Li.
Lè ou rete nan Li, dezi w kòmanse chanje. Lapriyè w kòmanse chanje. Sa ou mande kòmanse pase anba limyè volonte Li. Ou pa sèlman ap chèche men Bondye; ou ap chèche kè Bondye.