13/11/2025
𝑳𝒆𝒔 𝑷𝒓𝒐𝒑𝒉𝒆𝒕𝒊𝒆𝒔 𝒏𝒆 𝒈𝒂𝒓𝒂𝒏𝒕𝒊𝒔𝒔𝒆𝒏𝒕 𝒑𝒂𝒔 𝒍𝒂 𝒓𝒆𝒖𝒔𝒔𝒊𝒕𝒆𝑻𝒖 𝒑𝒆𝒖𝒙 𝒆𝒏 𝒂𝒗𝒐𝒊𝒓 𝒆𝒕 𝒑𝒐𝒖𝒓𝒕𝒂𝒏𝒕 𝒆𝒄𝒉𝒐𝒖𝒆𝒓
𝙈𝙚𝙣 𝙠𝙚𝙠 𝙧𝙚𝙯𝙤𝙣 𝙠𝙞 𝙠𝙖 𝙠𝙤𝙯𝙚 𝙨𝙖
● 𝒑𝒆𝒄𝒉𝒆
Depiw ap viv nan peche menm siw te gen pwomès sou laviw ou pap ka viv akonplisman sa vle di pou viv pwomès BONDYE fòk ou rete nan VOLONTE BONDYE. Depiw kouri lwen BONDYE pwomès la ap kouri lwen ou tou.
● 𝑬𝒏𝒑𝒂𝒔𝒚𝒂𝒏𝒔
Enpasyans se ènmi pwofesi, moun ki enpasyan paka viv pwomès Bondye paske yo toujou pran ti tan paske pwofesi a pa kouri se mache li mache ( HABACUC 2:2-3). Konsa nan paka rete tann sa konn fè nou pran de seri lòt desizyon ki ka retire nou nan program BONDYE.
Enpasyans toujou vle fèn kwè Bondye toujou an reta poutan se pa vre BONDYE toujou vini nan tan li (KAIROS)
● 𝑴𝒂𝒏𝒌𝒆 𝒍𝒂𝒇𝒘𝒂
Pwomès BONDYE yo pafwa konn parèt yon tijan biza, pafwa lèw ap gade Jan sityasyon laviw ye,kotew soti epi BONDYE diw li pral fè de ou yon gran,nan imanite ou ,ou konn gen dout paske ou pa wè ki kote ou pral pase vrèman, ou konn wè se enposib. Sa vle di nan sans sa fòk ou gen lafwa ,paske San la fwa ou pa ka agreyab à DIEU ( Hébreux 11:6) E siw pa agreyab à DIEU ou pap ka jwi Sal genyen pou ou.
Donk, ou pa bezwen konprann Pwomès la MEN kwèl epi lap reyalize.
" Si tu crois ,tu verras la gloire de DIEU"( Jean 11:40)
● 𝑴𝒂𝒏𝒌𝒆 𝒎𝒂𝒕𝒊𝒓𝒊𝒕𝒆
Gen bagay Bondye pa ka fè pou ou siw pa grandi nan lafwa, gen kote BONDYE pa ka mennen ou pandan ou Bebe nan lafwa. Fòk ou degajew pou grandi lè sa wap ka antre an possession de eritaj ou kòm Eritye ( Gal 4:1)
● 𝑶𝒑𝒐𝒛𝒊𝒔𝒚𝒐𝒏 𝒅𝒆𝒎𝒐𝒏𝒚𝒂𝒌
Tout moun ki gen pwomès Bondye sou vi yo,le royaume des ténèbres toujours ap konbat yo , fè moun leve kont yo yon fason pou yo pa viv pwomès la ,et voila pourquoi la promesse necessite de l'intercession. Fòk ou rete Devan Bondye ajenou, mennen konba espirityèl pou brize pwisans Ènmi an jiskaske pwòmes la akonpli.
Viv Akonplisman pwomès BONDYE pa yon mens afè, le prix à payer est grand.
Ke BONDYE edew pou viv akonplisman PWOMÈS li yo sou laviw!
SHALOM!
fans
Djeff André Sully
Fr Djeff