Sanctuaire Trinité Celeste

Sanctuaire Trinité Celeste La Mission du reveil
la maison des nations

🎉✨ BON FÈT SANCTUAIRE TRINITÉ CÉLESTE ✨🎉📅 27 Me 2013 — 27 Me 2026 📅Yon jou lendi 27 Me, Bondye te deside leve nou pou yo...
27/05/2026

🎉✨ BON FÈT SANCTUAIRE TRINITÉ CÉLESTE ✨🎉
📅 27 Me 2013 — 27 Me 2026 📅

Yon jou lendi 27 Me, Bondye te deside leve nou pou yon travay ki te pi gran pase nou menm. Nou pa t gen eksperyans, nou pa t gen anpil mwayen, men nou te gen yon apèl ak yon vizyon Bondye te mete nan kè nou.

Depi 2013, nou ap goumen pou nou rete kanpe.
Nou te kòmanse tankou timoun, men eksperyans, doulè, batay, trayizon, ak leson nou aprann sou wout la fè nou grandi. Jodi a, nou kapab di avèk fòs : anyen pa ka efase sa Bondye bati.

Vizyon Bondye te konfye nou an te twò lou pou nou te kouri prese. Se poutèt sa nou pran tan pou travay sou fondasyon an. Paske yon travay Bondye dwe gen rasin solid avan li rive nan glwa li.

Anpil moun te vini.
Gen ki te ede bati, gen ki te kite.
Gen ki te konbat vizyon an.
Men malgre tout bagay, nou toujou rete kanpe. Paske se pa yon foli nou t ap swiv, se te plan Bondye.

Nou fòme anpil moun.
Nou ouvri pòt pou anpil moun.
Menm lè kèk chwazi vire kont nou jodi a, nou kontinye mache nan misyon Bondye ban nou an. Paske vrè travay Bondye pa kanpe sou rekonesans lèzòm, men sou fidelite devan syèl la.

🎖️ Jodi a nou gen 13 lane.
13 lane batay.
13 lane sakrifis.
13 lane lapriyè.
13 lane fidelite.
13 lane gras Bondye.

🙏 Mèsi ak tout moun ki te kwè nan nou.
🙏 Mèsi ak tout moun ki te ede travay la avanse.
🙏 Mèsi menm ak sila yo ki te chwazi kite nou.
🙏 E mèsi ak tout fo frè ki kontinye ap goumen kont nou ; nou ankouraje nou kontinye fè travay mèt nou san nou pa chanje.

🔥 Paske pandan moun ap pale, Bondye ap akonpli plan li.
🔥 Pandan kèk ap konbat, Bondye ap etabli.
🔥 E sa Bondye plante, okenn moun pa kapab derasinen li.

🎉👑 BON FÈT SANCTUAIRE TRINITÉ CÉLESTE 👑🎉
Ke Bondye ki te kòmanse travay la kontinye mennen li pi lwen toujou. ✨

Holy Blessed Aldj
Apotre Djemson Alphonse
Psychologue

Gen moun ou dwe retire nan lavi ou prese prese, paske prezans yo pi danjere pase yon maladi. Kansè detwi kò a piti piti,...
21/05/2026

Gen moun ou dwe retire nan lavi ou prese prese, paske prezans yo pi danjere pase yon maladi. Kansè detwi kò a piti piti, men move enèji detwi lespri, lapè, vizyon, ak destine yon moun san bri.

Gen moun ki antre nan lavi ou sèlman pou pote dezòd, dekourajman, jalouzi, ipokrizi, ak negativite. Chak fwa yo pale avè w, yo vide pwazon nan lespri ou. Chak fwa yo pwoche bò kote w, yo touye motivasyon w, yo sal atmosfè w, yo bloke lapè w.

Se pa tout souri ki senpati. Gen souri ki kache rayisman. Gen moun ki bat bravo pou ou devan figi w men anndan yo swete wè ou tonbe. Yo pa vini pou ede w grandi; yo vini pou vide fènwa sou limyè ou.

Mwen fè yon chwa ki ka blese kèk moun, men mwen pa regrèt li: mwen refize konekte ak moun ki pote move enèji. Paske mwen konprann kèk prezans se madichon degize an relasyon.

Mwen prefere mache pou kont mwen pase antoure ak moun ki toujou pote dram, tripotay, jalouzi, ak move vib. Paske gen moun ki pa sèlman fatige lespri w, yo detwi avni w tou.

Depi mwen remake yon moun toujou pote toksisite, konfizyon, ak negativite, mwen pran distans mwen san eksplikasyon. Paske pwoteje lapè mwen vin pi enpòtan pase fè tout moun plezi.

Apotre Djemson Alphonse
Psychologue

Pa kòmanse ak “mwens”, paske lespri a suiv direksyon ou ba li.Lè w abitye diminye tèt ou oswa lòt moun, se nan mwens ou ...
30/03/2026

Pa kòmanse ak “mwens”, paske lespri a suiv direksyon ou ba li.
Lè w abitye diminye tèt ou oswa lòt moun, se nan mwens ou pral fini.

Nan lavi, menm jan ak nan matematik, siy ou chwazi yo gen konsekans.
Gen moun ki toujou ap opere ak “mwens” ak “divizyon” nan relasyon yo.

Yo pa konn konstwi si yo pa divize.
Yo antre nan mitan moun, yo pote pawòl, yo simen dout, yo mete frèt…
epi pandan lòt yo ap separe, yo menm y ap eseye konstwi pwòp relasyon pa yo sou kraze sa a.

Men ou pa ka bati yon bagay ki solid sou “mwens”.
Ou pa ka leve yon relasyon oswa yon ministè sou divizyon.
Paske sa ou kòmanse ak “mwens”, ap toujou pote mak mwens ladan l.

Gen moun ki pase 10 an, 15 an, menm 20 an ap konstwi.
Yo sakrifye, yo lite, yo mete tan ak enèji pou leve yon ministè ki gen valè.
Epi ou menm, ou jis parèt… ou pa konstwi anyen, ou chwazi divize sa ki te pran tout ane sa yo pou bati.

Men sonje sa byen:
lè ou antre nan divizyon pou pran plas ou,
moun yo pap bliye fason ou te antre a.

E sa ki pi grav la…
moun k ap swiv ou yo ap fini pa konprann verite a.
Y ap wè ou pa klè, yo ap reyalize ou pa t konstwi—ou te pran sa lòt moun te bati.

Nan je yo, ou pap yon modèl, men yon egzanp danjere.
Paske sa ou fè a, se li menm yo pral aprann fè.

Se konsa yo pral repwodui menm bagay la sou ou.
Menm jan ou te antre a, se konsa y ap soti sou ou.
Y ap divize w, y ap “mwens” ou, menm jan ou te fè ak lòt yo.

Paske lavi gen prensip li:
sa ou simen, se li ou rekòlte.

Lè ou divize moun pou fè plas pou tèt ou,
ou deja mete fondasyon echèk la.
Paske menm estrateji ou itilize pou antre a,
se li menm ki pral sèvi pou detwi sa ou bati a pita.

Pa janm diminye lòt moun pou ogmante tèt ou.
Pa janm itilize divizyon kòm zouti pou konstwi relasyon oswa ministè.

Chwazi “plis” nan panse w.
Chwazi inite olye separasyon.
Paske sa ki fèt nan divizyon pa janm dire,
li toujou fini pa divize ankò.

Apotre Djemson Alphonse
Psychologue

Jezu pa janm manje kouraj pèson.Ou pa bezwen kwochi levanjil pou fel parèt bel. Dil jan l ye ok. Bondye gen kapasite pou...
05/03/2026

Jezu pa janm manje kouraj pèson.
Ou pa bezwen kwochi levanjil pou fel parèt bel. Dil jan l ye ok.

Bondye gen kapasite pou l defann têt li

Apotre Djemson Alphonse

28/01/2026

Verite a ka fe mal, men li se lumyè pale l

Apotre Djemson Alphonse

27/01/2026

Une fois devenir chrétien la vraie guerre commence.

Dans un foyer harmonieux, aucun rôle n’est inférieur ou supérieur à un autre.L’équilibre se crée lorsque chaque membre d...
13/01/2026

Dans un foyer harmonieux, aucun rôle n’est inférieur ou supérieur à un autre.
L’équilibre se crée lorsque chaque membre de la famille s’investit pleinement dans ses responsabilités, tout en respectant celles de l’autre. Ici, chaque action trouve son miroir : ce que l’un fait, l’autre peut aussi faire — et vice versa. C’est dans ce partage véritable que naît la stabilité, l’amour et le bonheur durable.

Foyer équilibré : les rôles partagés (vice versa)

1. La femme prend soin des enfants, l’homme participe et vice versa.
Prendre soin des enfants ne se limite pas à les nourrir ou à les habiller. Il s’agit de les accompagner dans leurs devoirs, de jouer avec eux, de les écouter et de leur transmettre des valeurs solides. L’homme doit être présent, poser des limites, partager des moments de qualité et montrer l’exemple. De la même façon, la femme peut aussi sortir, travailler ou se reposer, tandis que l’homme continue à s’occuper des enfants, selon les besoins.

2. L’homme paie le loyer ou les charges, la femme contribue aux autres dépenses et vice versa.
Le partage financier ne doit pas reposer sur une seule personne. Si l’homme prend en charge le loyer ou une grosse partie des factures, la femme peut assumer d’autres dépenses comme les courses, l’entretien de la maison ou les abonnements familiaux. Cela montre que chacun investit dans le bien-être du foyer et que la responsabilité est équilibrée. Et vice versa, si la femme prend en charge une dépense importante, l’homme participe à d’autres aspects financiers.

3. La femme cuisine, l’homme aide à la vaisselle ou prépare un repas et vice versa.
La cuisine est un élément central du foyer, mais ce n’est pas une tâche à sens unique. L’homme peut soulager la femme en faisant la vaisselle, en préparant un repas de temps en temps, ou en prenant en charge certaines courses. Cela crée un vrai partenariat et montre que le partage des tâches domestiques est un acte d’amour et de respect. Et vice versa, la femme peut aussi partager ces tâches si l’homme en a besoin.

4. L’homme travaille à l’extérieur, la femme soutient et organise et vice versa.
Le travail est essentiel pour le foyer, mais il ne suffit pas d’apporter un revenu. La femme peut soutenir son mari en organisant le quotidien, en planifiant les activités et en encourageant ses efforts. Cela permet de réduire le stress et de renforcer la coopération. Et vice versa, si la femme travaille, l’homme peut l’aider à gérer la maison et soutenir ses projets.

5. La femme prend des décisions pour la maison, l’homme coopère et respecte et vice versa.
Gérer un foyer implique de prendre des décisions importantes sur l’éducation, les finances et l’organisation. La femme peut proposer des choix, mais l’homme doit coopérer, donner son avis et respecter les décisions. Cela permet de prendre des décisions équilibrées et de montrer un front uni devant les enfants. Et vice versa, l’homme peut aussi prendre des décisions que la femme respecte et soutient.

6. L’homme protège la famille, la femme apporte sécurité et encouragement et vice versa.
Protéger la famille ne se limite pas à la sécurité physique. Il s’agit aussi de protéger l’unité, d’être un modèle de respect et de discipline. La femme apporte la sécurité émotionnelle, le soutien et l’encouragement. Cela permet à chacun de se sentir valorisé et soutenu. Et vice versa, l’homme peut aussi créer un environnement émotionnel sûr pendant que la femme assure d’autres protections.

7. La femme gère les relations sociales, l’homme participe activement et vice versa.
Les interactions avec la famille élargie, les amis ou la communauté sont importantes. La femme peut organiser les événements et maintenir le lien social, mais l’homme doit être présent, montrer l’exemple et partager ces responsabilités. Et vice versa, si l’homme prend l’initiative de certaines relations ou événements, la femme participe activement.

8. L’homme exerce son autorité, la femme équilibre avec sagesse et vice versa.
L’autorité dans le foyer doit être exercée avec respect et amour. L’homme peut poser des règles et guider la famille, mais la femme apporte la sagesse, la diplomatie et la nuance pour équilibrer les décisions. Cela crée un environnement juste et harmonieux. Et vice versa, si la femme exerce son influence dans certaines situations, l’homme la soutient et respecte sa sagesse.

9. La femme se sacrifie pour le foyer, l’homme reconnaît et allège et vice versa.
Les sacrifices font partie de la vie familiale, mais ils ne doivent pas être unilatéraux. Si la femme consacre du temps ou de l’énergie au foyer, l’homme doit le reconnaître, la soutenir et alléger ses charges. Et vice versa, si l’homme fait des sacrifices, la femme le soutient et reconnaît ses efforts.

10. L’amour et le respect sont partagés, communication, patience et pardon sont cultivés et vice versa.
Un foyer heureux repose sur l’amour mutuel, le respect, la communication ouverte et le pardon. Chaque membre doit cultiver ces qualités au quotidien. Quand chacun s’engage à écouter, encourager et pardonner, le foyer devient un lieu de paix et d’épanouissement. Et vice versa, chacun reçoit ce même respect et cette même attention.

Un foyer équilibré ne se construit pas par hasard. Il naît du respect, de la coopération et du partage réel. Lorsque chacun assume ses responsabilités tout en reconnaissant celles de l’autre, le couple et la famille s’épanouissent. Appliquez ces principes chaque jour, et vous verrez votre foyer devenir un lieu d’amour, de paix et de bonheur durable — pour vous et pour vos enfants.

Apotre Djemson Alphonse
Psychologue

Revivez en image notre 8 jour des 15 matinées de prière La prière la puissance Sujet: La prière dans le feu 🔥🔥🔥 EDFE Egl...
04/09/2025

Revivez en image notre 8 jour des 15 matinées de prière
La prière la puissance
Sujet: La prière dans le feu 🔥🔥🔥
EDFE
Eglise Roi de gloire
Holy Blessed Aldj

Revivez en image notre 7 jour des 15 matinées de prière La prière la puissance Sujet : La prière dans le feu 🔥🔥🔥🔥 EDFE E...
04/09/2025

Revivez en image notre 7 jour des 15 matinées de prière
La prière la puissance
Sujet : La prière dans le feu 🔥🔥🔥🔥
EDFE
Eglise Roi de gloire
Holy Blessed Aldj

Revivez en image Notre 6 jour des 15 matinées de prière La prière la puissance Sujet: La prière dans le feu 🔥🔥🔥🔥 EDFE Eg...
04/09/2025

Revivez en image Notre 6 jour des 15 matinées de prière
La prière la puissance
Sujet: La prière dans le feu 🔥🔥🔥🔥
EDFE
Eglise Roi de gloire
Holy Blessed Aldj

Adresse

4, Cité Theard, Canapé Vert Rue Rosa
Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 16:30 - 18:30
Mardi 08:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00
Dimanche 09:00 - 17:00

Téléphone

+50932337542

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sanctuaire Trinité Celeste publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter Le Lieu De Culte

Envoyer un message à Sanctuaire Trinité Celeste:

Partager