26/12/2025
Espwa Vivan te selebre fen ane a nan yon bèl anbyans kè kontan
Te gen ri, dans, chante, anpil souri, e yon bèl lespri solidarite ant sè yo.
Momant yo te make pa echanj kado, pataj lanmou, ak anpil chalè ki te ranpli kè chak fi ki te prezan.
Se te yon okazyon espesyal pou selebre fòs, kouraj, ak inite fanm Espwa Vivan, tout pandan n ap remèsye Bondye pou chemen nou fè ansanm pandan ane a.
Espwa Vivan , ansanm nou pi fò.