20/08/2026
Yon evènman ki te vreman make tout moun ki te prezan nan espas la! 🔥
Nan okazyon Jounen Mondyal Fotografi a, AFPHA te reyalize yon travay ekstraòdinè. Pandan yon entèval 15 jou sèlman, inisyativ sa a pèmèt yon gwoup jèn fi ki soti nan kan yo jwenn yon lòt vizyon sou lavni epi briye ak yon nouvo limyè atravè fotografi.
Malgre tout moman difisil ak tout defi peyi n ap travèse yo, sa montre n ke espwa a toujou vivan.
Nan pwogram nan te genyen:
📜 Remiz sètifika
🎭 Sketch
💃 Danse
📸 Ekspozisyon foto
Yon gwo chapo pou tout ekip la, patisipant yo, ak tout moun ki te fè sa posib! 📸✨
Nelson Steve